Koulè Blan
JEDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Nou touye lotè lavi a, Bondye leve l’ sot nan pami mò yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 3, 11-26
Jou sa yo:
Kòm enfim nan ki te geri a te kenbe
Pyè ak Jan, tout pèp la kouri kote yo, bò pòtay yo rele pòtay Salomon an, yo te
sezi. Lè Pyè wè sa, li reponn pèp la: “Mesye Izrayèl yo, poukisa nou sezi pou
bagay sa a? Oubyen pouki sa n’ap gade nou an, kòm si se ak fòs nou oubyen se ak
pouvwa nou nou fè mesye sa a mache a? Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye
Jakòb la, Bondye papa nou yo fè wè glwa Pitit li a Jezi, li menm nou te bay la,
nou te nye devan fas Pilat la, lè Pilat te jije pou l’ te lage l’ la. Nou menm
se Sen an ak sa a ki kòrèk la nou te nye, nou te mande pou yo ba nou yon moun
ki touye moun; Lotè lavi a menm, nou touye l’, men Bondye fè l’ leve sot nan
pami mò yo, nou sèvi l’ temwen. Nan lafwa o non l’, sa a nou wè a, nou konnen
an, non l’ fè l’ kanpe fèm; se lafwa ki reyalize pa lantremiz li a, ki bay
sante sa a ki entak la devan fas nou tout la. Koulye a frè m’ yo mwen konnen se
paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa, menm jan ak chèf nou yo. Men Bondye,
sa l’ te anonse davans nan bouch pwofèt yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li
reyalize l’. Konsa se pou nou fè penitans, se pou nou chanje
konduit, pou peche nou yo efase; pou lè tan frechè yo rive vin sot nan fas
Granmèt la, li voye sa a yo te preche nou an, Jezikri, li menm syèl la gen pou
l’ kenbe jous nan tan y’ap remete tout bagay nan plas yo a, sa Bondye te pale
nan bouch sen l’ yo lontan an, pwofèt yo. Sèke Moyiz te di: “Granmèt Bondye nou
an ap fè yon pwofèt leve pou nou nan mitan frè nou yo, tankou mwen menm; se pou
nou koute l’, daprè tout sa l’ap di nou. Tout moun ki
pa koute pwofèt sa a, y’ap wete l’ sot nan pèp la”. Tout pwofèt
yo depi Samyèl ak sa k’ vin aprè l’ yo, ki te pale yo, yo te anonse jou sa yo.
Nou menm nou se pitit pwofèt yo ak
alyans la, sa Bondye te pase ak papa nou yo, lè l’ te di Abraam nan: “Nan ras
ou tout fanmi tè a ap jwenn benediksyon”. Se nou menm
an premye Bondye voye Pitit li a ba nou, sa l’ leve a, ki beni nou an, pou nou
chak vire do sot nan peche l’ yo”.
Pawòl
Granmèt la
SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt,
Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a!
Granmèt, Granmèt nou, sa moun nan
ye, pou ou sonje l’?
oubyen pitit moun nan, pou w’ vizite
l’? R.
Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba
zanj yo, ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’;
ou enstale l’ anlè travay men w’ yo.
Tout bagay, ou mete yo anba pye l’: R.
Ni mouton ni bèf, yo tout, menm bèt
nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, tout sa k’ap mache nan santye lanmè
yo.R.
LEVANJIL
“Se konsa Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ resisite sot nan pami
mò yo sou twazyèm jou a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 35-48
Lè sa a:
Disip yo t’ap rakonte bagay ki te
pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt Jezi nan kase pen an.
Pandan y’ap pale bagay sa yo, Jezi
kanpe nan mitan yo, li di yo: “Lapè pou nou: se mwen menm, pa pè”. Yo twouble,
yo sezi, yo te konprann se yon espri yo te wè a.
Li di yo:
“Poukisa nou twouble a, ak panse sa
yo k’ap monte nan kè nou an? Gade men m’ yo ak pye m’ yo, se mwen menm menm;
touche pou nou wè: yon espri pa gen chè ak zo, jan nou wè mwen genyen an”. Pandan
l’ap di sa, li montre yo men yo ak pye yo. Yo pa t’ ko kwè, yo te sezi ak
kontantman, li di: “Èske nou gen kichòy pou manje isit la”? Yo ofri l’ yon moso
pwason griye ak yon gato myèl. Li manje devan yo li pran rès yo, li ba yo.
Li di yo:
“Se pawòl sa yo mwen te pale nou an
lè m’ te avèk nou toujou a, li te nesesè pou tout sa k’ ekri sou mwen nan lalwa
Moyiz la ni pwofèt yo ni sòm yo, pou yo te reyalize”.
Lè sa a li louvri lentèlijans yo, pou
yo konprann sa k’ ekri yo.
Li di yo:
“Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la
te gen pou l’ soufri, pou l’ leve sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo
preche penitans o non l’ ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse sou
Jerizalèm. Nou menm nou temwen bagay sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Disip Emayis
la yo pa kapab rete pou yo pa eksprime kè kontan yo genyen lè yo dekouvri
Granmèt la ki vivan epi ki vle mache ansanm ak yo, pou li te kapab koute yo epi
mete esperans nan kè yo. Kè kontan sa a, yo te kenbe li nan kè
yo tankou yon trezò; de mesye yo kouri al rakonte zanmi yo ke nouvèl medam yo
te pote a se te verite, ke Jezi vivan tout bon vre e ke yo menm yo te wè li ak
pwòp je yo. Genyen anpil moun ki ta vle fè nou
konprann ke lafwa a se yon seri nòm, prensip, entèdiksyon ke nou dwe respekte,
kòmsi Bondye rete nan syèl la ak yon gwo kaye nan men li kote li ap pran nòt,
l’ap note chak peche ke nou komèt pou li kapab ba nou gwo pinisyon aprè sa. Nan kalite
lafwa sa a, kè kontan sanse pa gen plas nan lavi nou, men se laperèz pito k’ap
fè nou tranble.
Jezi ki
resite a antre lakay nou, nan lavi nou pou li kapab kwape laperèz sa ki fè kè
nou pa kapab kontan an. Se vre ke poutèt li te pase tout lavi li ap preche
renmen, padon ak liberasyon Bondye Papa a (Pap Jan Pòl II), chèf ki t’ap
kòmande nan tan li yo te kondane li pou li mouri sou yon kwa. Men, Bondye sa a
ke Jezi te anonse nan pawòl ak nan zèv li yo pa rete bra kwaze, li bay Pitit li
a pouvwa pou li pote laviktwa sou lanmò ak peche a, li ba li yon lavi tou nèf
ki p’ap janm fini.
Rezireksyon
Jezi a, se yon dènye “wi” Bondye di ak tout sa Jezi te fè ak preche, e zanmi
Jezi a yo, lè yo wè li vivan yo te konprann ke malgre mal la pwisan nan mond
la, li vo lapenn pou yo viv Jan Jezi te mande yo viv la, paske pwisans Bondye
pi fò ke tout fòs mal ki ekziste. Nou menm
kretyen yo, nou gen misyon pou nou pote mesaj sa a nan mond lan. Nou dwe anonse
ke Bondye vivan e li renmen nou ak yon lanmou fou. Bondye ki vle chak pitit fi
ak chak pit gason li yo viv lavi a an plen, kòmsa dwa, sitou sila yo k’ap
soufri pou yon rezon oubyen pou yon lòt.
Si nou viv mesaj la, si nou anonse li ak kè kontan, n’ap ede lòt yo
akeyi li pi byen. Yo va kwè tout bon vre se lavi ki gen dènye mo a, se pa
lanmò.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, ede mwen kominike lajwa Pak la bay sila yo ki tris, ki dekouraje sou wout
lavi a. Fè mwen pote lespwa kote ki gen dezespwa, limyè kote ki gen fènwa, kè
kontan kote ki gen tristès pou kè tout moun kapab kontan.
PWOPOZISYON: M’ap kite solèy Pak la
reyone nan lavi mwen pou l’ ka klere nan tout antouraj mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario