Koulè Blan
VANDREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Pa gen delivrans nan pèsòn lòt moun”.
NAN TRAVAY APOT YO 4, 1-12
Jou sa yo:
Pyè ak Jan t’ap pale ak pèp la
toujou, aprè gerizon enfim nan, prèt yo vin rive ak majistra Tanp la ak
sadiseyen yo, yo te kontrarye poutèt yo t’ap bay pèp la ansèynman an, yo t’ap
anonse rezireksyon sot nan pami mò yo nan Jezikri. Yo met men sou yo, yo mete
yo nan prizon nan landmen; paske aswè te deja rive. Anpil nan moun yo ki te
tande pawòl la, yo te vin kwè; total mesye yo se te kenz mil. Rive nan landmen,
chèf yo rasanble ak ansyen yo ak skrib yo nan Jerizalèm, Án, gran prèt la ak
Kayif ak Jan ak Aleksand ak tout moun nan ras prèt yo, yo fè yo kanpe nan
mitan, y’ap poze yo kesyon: “Nan ki pouvwa oubyen o non kilès nou fè bagay sa
a”? Lè sa a Pyè plen ak Espri Sen an, di yo: “Chèf pèp la ak ansyen yo, koute.
Si jodi a y’ap jije nou pou yon byenfè ki reyalize pou mesye enfim nan, si nou
bezwen konnen nan kilès li sove, ebyen aprann sa nou tout ak tout pèp Izrayèl
la, se o non Granmèt nou Jezikri moun Nazarèt la, sa a nou te kloure sou kwa a,
li menm Bondye leve sot nan pami mò yo, se nan li sa a geri, kanpe devan nou.
Sa a se wòch la, nou menm bòs mason yo nou te rejte a, ki vin tounen tèt kwen
an; pa gen delivrans nan okenn lòt moun; ni pa gen okenn non anba syèl la yo
bay lèzòm, ki pèmèt nou sove”.
Pawòl
Granmèt la
SÒM REPONS 117, 1-2 e 4. 22-24. 25-27a
R/ Wòch la bòs mason yo jete a, li vin
tounen tèt kwen an.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon,
poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se pou Izrayèl di sa koulye a,
poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se pou sa yo ki respekte Granmèt la
di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Wòch la bòs mason yo te rejte a, se
li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon
bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
Sa a se jou Granmèt la fè a: se pou
nou fete, se pou nou kontan nan li.
Granmèt, sove m’, Granmèt, bay kè
kontan.R.
Konpliman pou sa a k’ap vini o non
Granmèt la.
Konpliman pou nou sot nan kay
Granmèt la. Bondye Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
“Jezi rive, li pran pen an, li ba yo ak pwason an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 21, 1-14
Lè sa a:
Jezi parèt ankò devan disip yo bò
lanmè Tiberyad la. Men kijan li te parèt la. Yo te ansanm, Simon Pyè ak Toma,
sa yo rele Didim nan, ak Natanayèl, moun Kana Galile a, ak pitit Zebede yo ak
de lòt nan disip li yo.
Simon Pyè di yo: “M’a pral lapèch”.
Yo di l: “N’a prale avèk ou tou”. Yo sòti, yo monte nan batimán an, men nannuit
sa a yo pa pran anyen. Lè granmaten rive, Jezi te kanpe sou bò lanmè a; men
disip yo pa t’ rekonèt se te Jezi. Jezi di yo: “Ti moun yo, èske nou gen
pwason”? Yo reponn li: “Non”. Li di yo: “Voye filè a adwat batimán an, n’a
jwenn”. Yo voye l’, yo pa t’ kapab redi l’, tèlman te gen anpil pwason. Disip
Jezi te renmen an di Pyè: “Se Granmèt la”. Lè Simon Pyè tande se Granmèt la, li
pase rad li nan ren l’, (li te nikò), li lage kò l’ nan lanmè. Lòt disip yo
rive nan batiman an (yo pa t’ lwen tè a, se te apeprè san mèt) y’ap remoke filè
pwason yo. Lè yo desann atè a, yo wè chabon dife ki poze, epi pwason ak pen sou
li. Jezi di yo: “Pote nan pwason yo nou sot pran koulyea”. Simon Pyè
monte, li redi file a atè, plen ak gwo pwason, sansenkant twa. Epi malgre
te gen tout kantite sa a, filè a pa chire. Jezi di yo: “Vin manje”. Pèsòn nan
sa k’ t’ap manje yo pa t’ gen kouraj mande l’: “Ki moun ou ye”? Yo te konnen se
Granmèt la. Jezi rive, li pran pen an, li ba yo, ni pwason an tou. Sa te fè
twazyèm fwa Jezi te parèt devan disip li yo, lè l’ te fin resisite sot nan pami
mò yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pou twazyèm fwa aprè li fin leve byen vivan sòti pami
mò yo, Jezi manifeste li nan mitan disip li yo. Pyè te tounen nan aktivite lapèch li e lòt yo akonpaye li. Si li te nan
aktivite sa avan li te mache ak Jezi, se nòmal pou li kontinye aprè. Alòske gen
anpil moun ki etone, pou yon moun suiv Jezi, li pa oblije abandone yon travay
onèt, kòrèk ke li te kòmanse.
Nan nuit sa yo pa t’ pran anyen. Yo
te pase nuit la ap lapèch. Se te yon pèt tan. Epi lè solèy la te leve, Jezi
parèt, yo te rive rekonèt li lè li te mande yo kichòy pou li manje a. Lè yo di
li yo pa gen anyen pou ba li, li montre yo ki kote pou yo jete filè a. Malgre
mesye yo te konnen tout bagay, yo te pase yon nuit sou dlo a pou granmesi, yo
te obeyi Jezi, yo lage filè a. Pyè te pran tèlman anpil pwason! Se chak jou
Jezi ka fè mirak nan lavi nou, si nou koute li, si nou obeyi li.
Levanjelis la rakonte nou te gen «san
senkant twa gwo pwason» (cf. Jan 21,11), men malgre sa filè a pa t’
chire. Se kèk ti detay nou dwe konsidere. Redanmsyon fèt granmesi yon obeyisans
responsab, nan mitan aktivite n’ap fè chak jou.
Yo tout te
konnen se te Granmèt la. Jezi rive, li pran pen
an, li ba yo ni pwason an tou. (Jan 21, 12-13). Kèlkeswa se nouriti espirityèl
oubyen materyèl, nou p’ap janm manke sa si nou obeyi Jezi. Se sa li fè disip yo
konnen e se sa li di nou pa lentèmedyè Jan Pòl II: Nan kòmansman nouvo milenè
a, pawòl sa yo fè eko nan kè nou, kote Jezi envite Apot la pou li
“avanse pi fon’’ pou fè lapèch la. (Lik 5,4). Pyè avèk premye
konpayon li yo te kwè nan pawòl Kris la e yo te jete filè yo. E se konsa yo te
pran yon pakèt pwason (Lik 5,6). Pawòl sa fè eko nan zòrèy nou jodi a.
Avèk yon obeyisans
tankou pa Mari a, an nou mande Granmèt la pou li fè nou rekòlte fwi apostola.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi Jezi poutèt
ou toujou la avèk mwen. Ouvri entèlijans mwen pou m’ kab dekouvri prezans ou
k’ap mache avèk mwen. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm si travay
misyonè a difisil, m’ap sèvi Jezi temwen nan jan m’ap pwoklame lafwa m’.
Docteur Dawn te pwomèt pou l ede m retounen ansyen mari m, ak sipriz mwen mari m tounen apre 5 jou e kounye a nou viv ansanm nan lanmou ak lajwa, li ede zanmi m yo tou, kontakte Dr DAWN pou èd: WhatsApp +2349046229159
ResponderEliminar*Si ou vle fè ansyen mennaj ou tounen.
*Si ou vle atire yon moun nan lavi ou.
*Si w bezwen seremoni netwayaj.
*Si ou bezwen vin ansent oswa trete lakòz.
*Si ou bezwen yon période chans pou genyen.
*Si ou vle retabli byen ou vòlè a.
Kontakte li sou WhatsApp: +2349046229159