PREMYE LEKTI
“Konsa nasyon yo tou Bondye ba yo
gras pou yo konvèti vin nan lavi a”.
NAN TRAVAY APOT YO 11, 1-18
Jou sa yo:
Apot yo ak
frè yo ki te nan Jide a, yo tande kijan nasyon yo te resevwa pawòl Bondye a
tou. Konsa lè Pyè monte Jerizalèm, moun ki te sot nan sikonsizyon yo, yo fè
diskisyon kont li, y’ap di: “Pouki sa ou antre kay moun ki pa fè sikonsizyon,
ou manje avèk yo”? Pyè menm kòmanse, li ekspoze yo jan bagay la te pase, antan
l’ di:
“Mwen te nan
vil Jope a, mwen t’ap lapriyè, mwen wè vizyon antan m’ sòti an espri, se yon
veso ki t’ap desann, tankou yon gran nap, yo te soutni kat kwen yo nan syèl la;
li rive jous kote m’. Pandan m’ ap ekzamine bagay sa a anndan kè m’, mwen wè
bèt kat pat tè yo, ak zannimo, ak bèt k’ap glise atè yo, ak zwazo syèl yo.
Mwen tande
yon vwa k’ap di m’: “Leve, Pyè: touye epi manje”. Mwen di: “Pa ditou, Granmèt,
paske bagay ki sal, ki pa pwòp, pa janm antre nan bouch mwen”. Vwa a reponn yon
dezyèm fwa sot nan sèl la: “Sa Bondye pwòpte, ou menm pa di li sal”. Bagay sa a fèt twa fwa, epi tout bagay ramase ankò nan
syèl la:
Menm lè a
gen twa mesye ki parèt nan kay la, kote mwen te ye a, yo te voye yo depi sot
Sezare vin kote m’. Espri a menm di m’ pou m’ ale avèk yo san ezite. Sis frè sa
yo tou vin avèk mwen, nou antre nan kay mesye a. Li rakonte nou kijan li te wè
yon zanj nan kay li a ki kanpe, ki di l’: “Voye al Jope, fè chèche Simon, sa yo
rele Pyè a; 1’a deklare pawòl k’ap fè ou sove ou menm ak tout kay ou”.
Men kon m’
kòmanse pale, Espri Sen an tonbe sou yo, tankou li te fè nan nou nan kòmansman.
Mwen vin sonje pawòl Granmèt la, jan l’ te di: “Jan te batize nan dlo, nou menm
menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm”. Si Bondye ba yo menm favè li te
ba nou an, nou menm ki te kwè nan Granmèt Jezikri a, mwen menm menm ki sa m’ te
ye pou m’ te kapab jennen Bondye a”?
Lè yo tande sa,
yo pe bouch yo; yo fè lwanj Bondye, y’ap di: “Konsa ni pou nasyon yo tou Bondye
fè yo favè pou yo chanje chemen vin nan lavi a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 41, 2-3; Ps 42, 3. 4
R/ Nanm mwen
swaf kote ou, Bondye ki vivan an.
Tankou yon
mouton ki anvi al nan sous dlo yo, konsa nanm mwen anvi al kote ou, Bondye.
Nanm mwen
swaf kot Bondye, Bondye vivan an, kilè m’a prale, pou m’ parèt devan fas
Bondye? R.
Voye limyè
w’ la ak verite w’ la; se yo menm k’ap kondui m’, k’ap mennen m’, sou mòn ou ki
sen an, ak nan tant ou a. R.
LEVANJIL
“Mwen se pòt mouton yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL DAPRÈ JAN KI SEN 10, 1-10
Lè sa a:
Jezi di:
“Amèn, amèn,
mwen di nou, moun ki pa pase nan pòt la pou l’ antre nan pak mouton yo, men ki
monte yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè ak yon asasen. Men moun ki antre nan
pòt la, se gadyen mouton yo. Moun sa a gad baryè a louvri pou li, mouton yo
koute vwa l’. Mouton pa l’ yo, li rele yo sou non yo chak, epi li fè yo sòti.
Lè l’ fin met pwòp mouton pa l’ yo deyò, li sòti devan yo, mouton yo suiv li,
paske yo konnen vwa l’; men yo pa suiv yon etranje; okontrè yo sove pou li,
paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
Jezi di yo
pwovèb sa a; men yo menm yo pa t’ konnen ki sa li t’ap pale yo a.
Konsa Jezi
di yo ankò: “Amèn, amèn, mwen di nou, mwen se pòt mouton yo. Tout kalite moun
ki te vini yo, se vòlè ak asasen, mouton yo pa t’ koute vwa yo. Mwen se pòt la.
Si yon moun antre pa lantremiz mwen, l’ap sove, l’ap antre, l’ap sòti, l’ap
jwenn manje. Vòlè a pa vin fè lòt bagay pase vòlè, touye, detwi. Mwen menm mwen
vini pou yo jwenn lavi, pou yo jwenn li an kantite”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mesaj Pawòl Bondye pou jodi a, se yon mesaj ki klè, yon mesaj ki pa ta
bezwen twòp eksplikasyon oubyen kòmantè. Sèke Bondye se Lanmou, se Mizerikòd.
Volonte li se pou tout moun rive genyen lavi epi genyen li an kantite, san
mank. Jezikri se Pawòl Bondye a ki tounen moun, pou li kapab fè tout moun
konnen kilès Bondye ye epi kisa ki volonte Bondye. Jezikri te vini sou tè a
premyèman pou pèp Bondye te chwazi a, pèp Jwif la, li te vini pou li te kapab
reyalize pwomès Bondye yo.
Men kòm pèp sa a te genyen kè li fèmen, kòm li te genyen tèt li di, li te
refize kwè nan sila ki te san pou san
moun ak san pou san Bondye a. Se pou sa lagras Bondye a debòde limit tè
Juif yo pou li te kabab rive jwenn tout moun, nan tout kwen sou fas tè a.
Jezikri vini pou li kapab sove tè a, pou li kapab kreye yon limanite tou nèf. Li
antre nan chè a pou li kapab sanktifye li, renouvle li, epi pou li kapab menmen
tout moun bay Bondye.
Jodi a l’ap di nou li se pòt la, kote nou dwe pase pou nou antre nan
patiraj Bondye Papa a, pa genyen lòt pòt kote nou kapab pase. Kijan nou kapab
marye parabòl sa a ak reyalite lavi nou jodi a?
Tout moun ki batize nan Legliz la se mouton Bondye e se Jezikri ki gadyen
yo, li konnen vwa mouton li yo e mouton li yo konnnen vwa li. Konsa, menm si yon vòlè ta pase sou tèt mi an
pou li antre nan patiraj la, li p’ap reyisi paske mouton yo p’ap koute vwa li.
Zanmi mwen, si ou nan patiraj Granmèt la, se pou w’ aprann koute vwa li pou w’
pa konfonn vwa pa li ak vwa ènmi an. Nou dwe veyatif pou nou pa tonbe nan pyèj
satan.
LAPRIYÈ: Tanpri Granmèt, fè mwen tounen yon mouton nan pak ou a, ki
kapab koute vwa ou epi mache dèyè ou san gade dèyè, paske se ou k’ap mennen
mwen nan sous dlo ki fre a.
PWOPOZISYON: M’ap koute vwa Granmèt la jodi a, mwen p’ap fèmen kè mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario