Koulè Blan
KATRIYÈM
DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE LEKTI
“Men nou vire nan direksyon nasyon
yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 13, 14. 43-52
Jou sa yo:
Pandan Pòl ak Banabe t’ap vwayaje,
yo rive Antyòch Pisidi; yo antre nan sinagòg la, jou saba a, yo chita:
Anpil Juif avèk etranje ki adore
Granmèt la, yo suiv yo, yo menm yo pale pou ankouraje yo, pou yo rete nan gras
Bondye a.
Nan saba ki suiv la, prèske tout vil
la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè Juif yo wè foul yo, yo plen ak raj,
yo atake sa Pòl t’ap di yo antan yo di pawòl blasfèm.
Pòl ak Banabe menm kenbe fèm, yo di:
“Se nou menm nou te gen pou nou pale pawòl Bondye a an premye; men kòm nou
repouse l’, nou montre nou pa merite lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap vire
nan direksyon nasyon yo. Se konsa Granmèt la pase nou lòd: “Mwen mete ou kòm
limyè nasyon yo, pou w’ ede sove jous nan bout tè a”.
Lè nasyon yo tande sa, yo kontan, yo
fè lwanj pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te rezève pou lavi ki p’ap
janm fini an, yo kwè. Pawòl Granmèt la t’ap simen nan tout rejyon an.
Juif yo menm rasanble medam relijye
yo ak medam lasosyete a, ak chèf lavil yo, yo monte pèsekisyon kont Pòl ak
Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo. Men yo menm, yo souke pousyè pye yo,
yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Espri Sen.
Pawòl
Granmèt la
SÒM REPONS 99, 2. 3. 5
R/ Nou se pèp
li ak mouton pak li.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a,
sèvi Granmèt la nan kè kontan;
antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye;
se li menm ki fè nou, se pou li nou
ye, pèp li ak mouton pak li a.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan kè
l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la. R.
DEZYÈM LEKTI
“Mouton an ap kondui yo, l’ap mennen yo nan sous dlo lavi yo”.
NAN LIV APOKALIPS
APOT JAN KI SEN 7, 9. 14-b-17
Mwen menm Jan, mwen wè yon gran
foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, li te sòti nan tout nasyon, ras pèp ak lang,
yo te kanpe devan twòn nan ak devan Mouton an, yo te abiye ak rad blan, branch
palm nan men yo.
Youn nan ansyen yo di m’: “Sa yo se
sa ki vin sot nan gran tray la, yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san Mouton
an. Se pousa yo devan twòn Bondye a, y’ap sèvi l’ lajounen kon nannuit nan Tanp
li a, sa a ki chita sou twòn nan ap abite anlè yo. Yo p’ap grangou ni swaf
ankò, solèy p’ap tonbe sou yo, ni okenn chalè, paske Mouton an, ki nan mitan
twòn nan, l’ap kondui yo, l’ap mennen yo nan sous dlo lavi a, Bondye ap souye
tout dlo nan je yo”.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Mwen menm mwen bay mouton m’ yo lavi ki p’ap janm fini an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 10, 27-30
Lè sa a: Jezi di:
“Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen
konnen yo, yo suiv mwen, mwen ba yo lavi ki p’ap janm fini an, yo p’ap janm
peri, pèsòn p’ap wete yo sot nan men m’. Papa m’ daprè sa l’ ban mwen, li pi
gran pase tout moun, pèsòn pa kapab wete anyen sot nan men Papa m’. Mwen menm
ak Papa a nou fè yon sèl”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Alelouya mwen se bon gadyen an,
deklarasyon Granmèt la, mwen konnen mouton m’ yo, mouton m’ yo konnen m’ (Jn
10, 14).
Frè m’ ek sè m’ yo, nou rive nan 4èm dimanch Pak kote nou
kontinye ap fete Jezi ki mouri epi ki leve byen vivan. Nan 4èm dimanch sa a,
n’ap fete Jezi ki se bon gadyen an.
Nan premye moso labib la, nou wè
kòman Pòl ak Banabe te sibi anpil pèsekisyon nan men Jwif yo poutèt pawòl
Bondye a. Yo monte tèt moun ki t’ap swiv yo a, ki t’ap koute bòn nouvèl la.
Devan pèsekisyon sa a yo Pòl ak Banabe pa t’ fè bak, yo te kite lavil la epi
ale nan lòt vil kote moun yo te bezwen pawòl la.
Pi devan nan Sòm 89 nou li: nou se
pèp li ak mouton li. Konsa se pou nou fè lwanj pou li, pou lavi li ban nou, pou
sakrifye li sakrifye lavi l’ pou nou, paske li bon, li gen kè sansib.
Nan dezyèm moso labib la, nan liv
apokalips, liv ki rakonte sa k’ap rive nan dènye tan yo, apòt Jan ap rakonte sa
li wè nan revelasyon li. Yon foul moun, rad yo te blan, branch palmye nan men
yo. Epi youn nan ansyen yo di l’: Sa yo, se sa ki vin sot nan gran tray ki
blanchi rad yo nan san mouton an e yo gen pwoteksyon nan men mouton an, yo p’ap
janm grangou, ni swaf, l’ap mennen yo nan sous dlo lavi a, l’ap siye dlo nan je
yo.
Mouton m’ yo koute vwa m’, m’ konnen
yo epi yo swiv mwen. “Mwen menm, mwen bay mouton m’ yo lavi ki p’ap janm fini
an’’. Pèsonn p’ap ka rache yo nan men mwen.
Se sa Jezi deklare, nan Levanjil Sen
Jan an.
An nou gade nou menm, èske nou kite
bon gadyen an kondi nou nan bon patiraj, nan sous dlo fre, èske nou chache
pwoteksyon nan men l’. Èske nou chache blanchi rad nou nan san l’. Byen souvan
nou kite chemen bon gadyen an endike nou e nou pran chemen k’ap mennen nou nan
pèdisyon, nan lanmò. Jodi a, an nou eseye distenge vwa gadyen sa a k’ap pale
avèk nou pou nou kapab rive swiv li, konsa nou va rive nan bon patiraj li
rezève pou nou an.
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, m’ap mande w’ ede m’ distenge chak jou, vwa Jezi ki se Bon Gadyen an.
Fè m’ tounen yon mouton dosil nan men l’ pou m’ kapab kite l’ mennen m’ kote li
vle.
PWOPOZISYON: Si mwen prete plis atansyon ak
pwochen mwen, m’a va tounen yon bon gadyen pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario