Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Legliz la t’ap bati, li t’ap plen
ak konsolasyon Lespri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO 9, 31-42
Jou sa yo:
Legliz la te gen lapè nan tout Jide
a, Galile a ak Samari a; li t’ap devlope antan l’ap mache nan krent Granmèt la,
li te plen ak konsolasyon Lespri Sen an.
Pandan Pyè t’ap pase tout kote, li
rive kot sen yo te abite Lida a. Li jwenn yon mesye la, yo te rele Ene, ki te
kouche sou kabann depi uitan, li te enfim. Pyè di l’:
“Ene, Granmèt Jezikri geri ou; leve, ranje kabann ou”. Menm lè a, li leve. Tout
moun ki te abite Lida ak Sawon yo wè l’; yo konvèti vin jwenn Granmèt la.
Nan Jope, te gen yon fi ki disip, yo
te rele Tabita, sa vle di Dòkas. Li te plen ak bon travay ak charite li te konn
fè. Jou sa yo, li vin malad, li mouri. Lè yo fin lave l’, yo enstale l’ nan
chanmòt la. Kòm Lida te tou pre Jope, epi disip yo te tande Pyè te la, yo voye
de mesye kote l’, pou mande l’: “pa mize, rive kote nou”.
Pyè leve, li vin avèk yo. Lè l’
rive, yo mennen l’ nan chanmòt la, tout vèv yo antoure l’, yo t’ap kriye, yo
t’ap montre l’ chemiz ak manto Dòkas te konn fè pou yo. Pyè fè tout moun sòti
deyò, li ajenou, li lapriyè, li vire kot kò a, li di: “Tabita, leve”. Fi a
louvri je l’, li wè Pyè, li chita. Pyè ba l’ men l’, li leve l’.
Li rele sen yo ak vèv yo, li renmèt
li nan men yo byen vivan. Bagay sa a tout Jope vin konnen l’, anpil moun vin
kwè nan Granmèt la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Sa pou m’
renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
Kisa pou m’ renmèt Granmèt la pou
tout sa l’ fè pou mwen?
M’ap pran kalis delivrans la,
m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp li
a.
Li gen valè devan je Granmèt la lanmò sen l’ yo.R.
Granmèt, mwen se sèvitè ou, mwen se sèvitè ou ak pitit
sèvant ou.
Ou kase chenn mwen yo. M’ap sakrifye
sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Kot kilès pou n’ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 61-70
Lè sa a:
Anpil nan disip Jezi yo te di:
“Pawòl sa a rèd, ki moun ki kapab tande li”? Jezi konnen disip li yo t’ap
bougonnen sou sa antre yo, li di yo: “Sa dekontwole nou? Si nou te wè Pitit
moun nan k’ap monte kote l’ te ye anvan an? Se Espri a ki bay lavi, chè a pa
kapab sèvi anyen. Pawòl yo mwen pale nou an, se Espri ak lavi yo ye. Men gen
nan nou ki pa kwè”. Jezi te konnen depi nan kòmansman kilès ki pa t’ kwè, epi
kilès ki t’ap bay li a. Li t’ap di: “Se pousa mwen te di nou, pèsòn pa kapab
vin jwenn mwen, si se pa yon gras Papa m’ fè li”. Depi lè sa a anpil nan disip
li yo pati kite l’, yo pa mache avèk li ankò. Jezi di douz
yo: “Èske nou menm tou nou vle pati”? Simon Pyè reponn: “Granmèt, kot ki moun
pou n’ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an. Nou menm nou kwè, nou konnen ou se
Kris la, Pitit Bondye a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Aprè Jezi
fin resisite, apot yo kontinye travay simaye Bòn Nouvèl la. Ak konkou Lespri
Sen an Legliz la te kòmanse ap devlope. Pyè menm t’ap vwayaje toupatou, li t’ap
geri moun malad epi leve moun mouri, ki fè anpil moun te kwè nan li epi fè pati
ti kominote Legliz la. Se sa nou jwenn nan premye moso Labib la. “Kisa pou m’
remèt Granmèt la pou sa li fè pou mwen’’. Se sa nou li nan sòm 115 yo pwopoze
nou pou jounen jodi a. Wi kisa pou nou ta ba li, li rachte nou avèk san pitit
li epi li kontinye ap fè mèvèy a travè apòt yo, jan nou wè sa a nan premye moso
labib la. “Kote kilès pou n’ ale, pou n’ gen lavi ki p’ap janm fini an’’. Jan
6, 68.
Nan Levanjil jodi a, Jezi ap
prezante l’ tankou pawòl ki bay lavi ki p’ap janm fini an. Pou sa, anpil nan
disip yo te pati kite l’. Li te mande douz apòt li yo si yo vle ale tou. Pyè ki
te toujou anime avèk Lespri Bondye te ba l’ bon repons, li te di li pa gen lòt
kote ankò yo kapab ale. Se li menm ki gen lavi etènèl la. Anpil fwa n’ap kouri
dèyè bagay ki pa gen lavi tankou zidòl, lajan, pouvwa, nou bliye nan kilès lavi
ki p’ap janm fini an ye. Konbyen fwa nou kite vrè chemen an
pou nou pran chemen pa nou. Konbyen fwa
nou refize chemen lavi a pou nou pran chemen lanmò.
Jodi a, an nou gade ki kote nou ye.
Dèyè kilès n’ap mache, kilès n’ap swiv. Èske n’ap swiv Jezi ki gen lavi ki p’ap
janm fini an oubyen n’ap kouri dèye bagay oubyen dèye moun ki pa gen lavi
Bondye nan yo?
LAPRIYÈ: Bondye Papa,
ou te voye sèl grenn Pitit ou a pou ban nou lavi. Nan li nou jwenn lavi ki p’ap
janm fini an. Tanpri, ede nou pou nou pa kouri dèyè moun oubyen bagay ki pa gen
lavi nan yo, men pou nou toujou rete kole sou Jezi.
PWOPOZISYON: Mwen deside
mache avèk Jezi toutan, pou m’ ka gen lavi nan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario