Koulè
Blan
PREMYE LEKTI
“Legliz
la t’ap bati, li t’ap plen ak konsolasyon Lespri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO 9, 31-42
Jou
sa yo:
Legliz
la te gen lapè nan tout Jide a, Galile a ak Samari a; li t’ap devlope antan
l’ap mache nan krent Granmèt la, li te plen ak konsolasyon Lespri Sen an.
Pandan
Pyè t’ap pase tout kote, li rive kot sen yo te abite Lida a. Li jwenn yon mesye
la, yo te rele Ene, ki te kouche sou kabann depi uitan, li te enfim. Pyè
di l’: “Ene, Granmèt Jezikri geri ou; leve, ranje kabann ou”. Menm lè a, li
leve. Tout moun ki te abite Lida ak Sawon yo wè l’; yo konvèti vin jwenn
Granmèt la.
Nan
Jope, te gen yon fi ki disip, yo te rele Tabita, sa vle di Dòkas. Li te plen ak
bon travay ak charite li te konn fè. Jou sa yo, li vin malad, li mouri. Lè yo
fin lave l’, yo enstale l’ nan chanmòt la. Kòm Lida te tou pre Jope, epi disip
yo te tande Pyè te la, yo voye de mesye kote l’, pou mande l’: “pa mize, rive
kote nou”.
Pyè
leve, li vin avèk yo. Lè l’ rive, yo mennen l’ nan chanmòt la, tout vèv yo
antoure l’, yo t’ap kriye, yo t’ap montre l’ chemiz ak manto Dòkas te konn fè
pou yo. Pyè fè tout moun sòti deyò, li ajenou, li lapriyè, li vire kot kò a, li
di: “Tabita, leve”. Fi a louvri je l’, li wè Pyè, li chita. Pyè ba l’ men l’,
li leve l’.
Li
rele sen yo ak vèv yo, li renmèt li nan men yo byen vivan. Bagay sa a tout Jope
vin konnen l’, anpil moun vin kwè nan Granmèt la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 12-13. 14-15. 16-17
R/ Sa
pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
Kisa
pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
M’ap
pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap
renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp li a.
Li
gen valè devan je Granmèt la lanmò sen l’ yo.R.
Granmèt,
mwen se sèvitè ou, mwen se sèvitè ou ak pitit sèvant ou.
Ou
kase chenn mwen yo. M’ap sakrifye sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt
la.R.
LEVANJIL
“Kot
kilès pou n’ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 61-70
Lè
sa a:
Anpil
nan disip Jezi yo te di: “Pawòl sa a rèd, ki moun ki kapab tande li”? Jezi
konnen disip li yo t’ap bougonnen sou sa antre yo, li di yo: “Sa dekontwole
nou? Si nou te wè Pitit moun nan k’ap monte kote l’ te ye anvan an? Se Espri a
ki bay lavi, chè a pa kapab sèvi anyen. Pawòl yo mwen pale nou an, se Espri ak lavi
yo ye. Men gen nan nou ki pa kwè”. Jezi te konnen depi nan kòmansman kilès ki
pa t’ kwè, epi kilès ki t’ap bay li a. Li t’ap di: “Se pousa mwen te di nou,
pèsòn pa kapab vin jwenn mwen, si se pa yon gras Papa m’ fè li”. Depi lè sa a
anpil nan disip li yo pati kite l’, yo pa mache avèk li ankò. Jezi
di douz yo: “Èske nou menm tou nou vle pati”? Simon Pyè reponn: “Granmèt, kot
ki moun pou n’ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an. Nou menm nou kwè, nou konnen
ou se Kris la, Pitit Bondye a”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Misyon
Jezi a, se apot yo ki kontinye li, se Legliz la k’ap kontinye li. Aprè Jezi fin
resisite, apot yo kontinye travay, simaye Bòn Nouvèl la. Ak konkou Lespri Sen
an Legliz la te kòmanse ap pran pye, devlope. Pyè menm t’ap vwayaje toupatou,
li t’ap geri moun malad epi leve moun mouri, ki fè anpil moun te kwè nan li epi
kominote Legliz la t’ap grandi. Se sa yo rankonte nou nan premye moso Labib la.
Mèvèy Bondye yo tèlman anpil, sa pouse salmis la poze tèt li kesyon: “Kisa pou
m’ remèt Granmèt la pou sa li fè pou mwen?’’ (Sòm 115). Wi kisa pou nou ta ba
li, li rachte nou avèk san Pitit li epi li kontinye ap fè mèvèy a travè apòt
yo, jan nou wè sa a nan premye moso labib la.
Nan
Levanjil jodi a, Jezi ap prezante l’ tankou pawòl ki bay lavi ki p’ap janm fini
an. Anpil nan disip li yo te pati kite l’. Li te mande douz apòt li yo si yo
vle ale tou. Pyè ki te anime avèk Lespri Bondye a te di li «pa gen lòt kote
ankò yo kapab ale. Se ou menm ki gen lavi etènèl la» (Jan 6,68). Anpil fwa n’ap
kouri dèyè bagay ki pa gen lavi tankou
lajan, pouvwa, nou bliye nan kilès nou kapab gen lavi. Konbyen
fwa nou kite chemen Bondye a pou nou pran chemen pa nou. Konbyen fwa nou refize
chemen lavi a pou nou pran chemen lanmò.
Jodi
a, an nou gade ki kote nou ye. Dèyè kilès n’ap mache, kilès n’ap swiv. Èske
n’ap swiv Jezi ki gen lavi ki p’ap janm fini an, oubyen n’ap kouri dèye bagay
oubyen moun ki pa gen lavi nan yo?
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou te
voye sèl grenn pitit ou a pou ban nou lavi. Tanpri, ede nou rete kole sou li
pou nou ka eritye piyay lavi ou pwomèt nou an. Amèn
PWOPOZISYON:
M’ap branche m’ nan Jezi nan fason m’ap renmen epi sèvi frè ak sè mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario