Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Si ou kwè ak tout kè ou, ou kapab batize”.
NAN TRAVAY APOT YO 8,26-40
Jou sa yo:
Zanj Granmèt la pale ak Filip, li
di:
“Leve, al nan sid, sou wout ki
desann sot Jerizalèm al Gaza a: li pa gen pèsòn. Li leve, 1’ale.
Te gen yon mesye Etyopi, yon minis
Kandas, rèn Etyopi a, li te gen gwo pouvwa, se li menm ki te responsab tout richès
li yo, li te vin adore Jerizalèm.
Pandan l’ap tounen, li te chita nan
charyo li, l’ap li pwofèt Izayi. Espri a di Filip: “Pwoche, rive kot
charyo sa a”. Filip pwoche, li tande l’ap li pwofèt Izayi a; li di: “Èske ou
kwè ou konprann sa w’ap li a”? Li di:
“Epi, kijan mwen ta kapab, si pèsòn
pa montre m’”? Li mande Filip pou l’ monte, pou l’ chita avèk li. Pasaj sa k’
ekri a li t’ap li a, men li: “Tankou yon mouton yo kondui labatwa, tankou yon
mouton devan moun k’ap koupe lenn li, san vwa, se konsa li pa louvri bouch li.
Yo rabese l’, yo wete jijman l’. Ras li, ki moun k’ap rakonte l’? paske yo wete
lavi l’ sot sou tè a”. Minis la pran lapawòl, li di Filip: “Tanpri, osijè ki
moun pwofèt la ap di sa a? Èske se osijè pwòp tèt pa l’ oubyen osijè yon lòt”? Filip
ouvri bouch li, li kòmanse depi nan pasaj sa k’ ekri la a, li ba l’ bòn nouvèl
Jezi a.
Pandan yo t’ap vwayaje sou wout la,
yo rive nan yon dlo, li di minis la: “Men dlo; ki sa k’ anpeche m’ batize”? Filip di:
“Si ou kwè ak tout kè ou, ou kapab”.
Li reponn, li di:
“Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye”.
Li pase lòd pou yo fè rete charyo a. Yo tou le de desann nan dlo a, ni Filip,
ni minis la, li batize l’.
Pandan y’ap monte sot nan dlo a,
Espri Granmèt la sezi Filip, minis la pa wè l’ ankò; li kontinye wout li ak kè
kontan. Filip menm rive Azòt, li travèse, l’ap bay bòn nouvèl la nan tout vil
yo, joustan li rive Sezare.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 65, 8-9. 16-17. 20
R/ Bat bravo
pou Bondye, tout tè a.
Fè konpliman pou Bondye nou, nasyon
yo, fè tande vwa lwanj li;
li menm ki mete nanm nou nan lavi,
ki pa kite pye nou frape.R.
Vini, koute, nou tout ki krenn
Bondye, m’ap rakonte tout sa l’ fè pou nanm mwen.
Se kote l’ mwen rele ak bouch mwen,
mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
Konpliman pou Bondye, ki pa meprize
priyè m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
LEVANJIL
“Mwen se pen vivan an, ki desann sot nan syèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 44-52
Lè sa a: Jezi di foul yo:
“Pèsòn pa kapab vin jwenn mwen, si
Papa a ki voye m’ nan pa rale l’; epi mwen menm m’ap fè l’ resisite l’ nan
dènye jou a. Men sa ki ekri nan pwofèt yo: “Yo tout ap jwenn ansèyman nan men
Bondye”.
Tout moun ki koute Papa a epi ki
kite l’ ba l’ ansèyman, l’ap vin jwenn mwen.
Se pa paske gen moun ki wè Papa a,
sof sa a ki sot nan Bondye a, se li menm ki wè Papa a. Amèn, amèn mwen di nou, moun ki kwè nan mwen,
li gen lavi tout tan an.
Mwen se pen lavi a.
Papa nou yo te manje mán nan dezè a,
yo mouri; sa a se pen ki desann sot nan syèl la, pou si yon moun manje ladan l’,
li pa mouri.
Mwen se pen vivan an ki desann sot
nan syèl la. Si yon moun manje nan pen
sa a, l’ap viv tout tan, epi pen an m’ap bay la, se kò m’ pou lavi tè a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Granmèt la gen tout pouvwa: Li fè sa li vle, lè li vle, kote li vle, ak
moun li vle, pou moun li vle. Se kalite ansèyman sa a premye lekti a ba nou
jodi a. Anpil fwa Bondye itilize plizyè mwayen pou li kapab rankontre nou, pou
li pale ak nou. Men sa konn rive ke nou pa konprann touswit kisa l’ap di nou
oubyen nou pa menm rann nou kont si l’ap pale ak nou.
Chak jou Bondye ap
pale ak nou atravè Labib la men nou pa toujou konprann, menm jan sa te pase pou
minis rèn Etyopi a, ki t’ap li pwofèt Izayi pandan li te soti Jerizalèm san ke
li pa t’ rive konprann. Bondye Granmèt la te itilize Filip kòm entèmedyè ki pou
te ede minis la konprann sans pawòl li t’ap li a e sa te pèmèt li fè yon premye
pa nan lavi li, antan li te chwazi plonje nan dlo batèm nan ki lave peche li. Li te di Filip: “Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye”. Mezanmi, sa se premye kondisyon
pou yon moun batize. Sa rele lafwa. Se lafwa ki pèmèt nou antre nan sous lagras
Bondye a pou nou kapab tounen yon moun nouvo nan Jezikri, pou nou kapab sove. E
lafwa se yon kado Bondye fè nou pou nou kapab pwoche pi pre li chak jou epi pou
nou viv pou li. Se poutèt sa sòm 65 la ap envite nou bat bravo pou Bondye,
paske se li menm k’ap delivre nanm nou, k’ap kase tout chenn ki te mare nou
yo.Youn nan pi gwo fason Bondye pale ak nou, se nan Jezikri, Pitit li a. Bondye
di nou li se renmen, li se konpasyon, li se mizerikòd.
Nan Lekaristi a, li ba nou pwòp chè
li ak san li pou li kapab nouri lavi nou ak lavi pa li. Sa se yon gwo mistè
renmen, sa se yon mèvèy ki pa gen parèy! Pa gen sakreman ki pi gwo ke
Lekaristi. Se sa Levanjil sen Jan an ap di nou jodi a. Nou dwe toujou sonje sa,
lekaristi se sakreman ki pi konsekan pami sèt sakreman yo: Nan chak sakreman
nou jwenn yon favè nan men Bondye, pa ekzanp nan batèm nan nou jwenn favè padon
pou peche nou yo, men nan Lekaristi a, favè nou jwenn se pwòp lavi Bondye nan
lavi pa nou.
Nan finisman Levanjil nou li jodi a,
se Jezi menm ki di: “Mwen se pen vivan an ki desann sot nan syèl la. Si yon
moun manje nan pen sa a, l’ap viv tout tan, epi pen an m’ap bay la, se kò m’
pou lavi tè a”.Lòt ansèyman Jezi ba nou, sèke okenn moun pa kapab vin jwenn li
si se pa Papa li ki atire li. Sa fè nou konprann, tankou gen yon chan ki di sa:
se pa nou menm ki renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou an premye. Se
li menm ki te ale chèche nou nan dezè kote nou te ye a pou li te kapab mennen
nou bwè dlo ki fre nan patiraj li.
Kidonk, si nou pou Granmèt, si nou
deja nan Legliz nou pa gen pou n’ap chante kantamwa, nou pa gen pou n’ap lonje
dwèt sou lòt yo, menm jan farizyen te fè pou pibliken an; okontrè nou dwe kite
Bondye fè nou tounen yon Filip ki pou mennen lòt yo ba li antan n’ap ede yo
konprann kijan li renmen yo, kijan li vle lavi pou tout moun.
LAPRIYÈ:
Granmèt, mèsi pou pwòp lavi pa w’ ou ban nou nan sakreman Lekaristi
a. Ladan li ou montre ki kalite renmen ou genyen pou nou, epi kijan ou vle fè youn
ak nou, pou nou kapab viv pou toutan. Aprann nou renmen w’ chak jou pi plis pou
nou kapab toujou viv nan kominyon ak ou. Amèn.
PWOPOZISYON:
M’ap chèche dekouvri nan ki fason Bondye ap
pale ak mwen jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario