Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Yo t’ap travèsè antan y’ap anonse pawòl Bondye a”
NAN TRAVAY
APOT YO 8,1-8
Jou sa yo vin gen yon gran
pèsekisyon kont Legliz la ki te Jerizalèm nan; tout moun se gaye nan rejyon
Jide ak Samari a sof Apot yo. Gen moun ki krenn Bondye ki okipe Etyèn, yo fè
gran dèy sou li. Sòl menm t’ap ravaje Legliz la; li t’ap antre nan kay yo, li
t’ap mete ni gason ni fi deyò, li t’ap mennen yo nan prizon. Konsa sa yo ki te
gaye yo, yo t’ap travèse ap pote bòn nouvèl pawòl Bondye a. Filip desann nan
yon vil Samari, li t’ap bay moun yo ansèyman sou Jezikri. Foul moun yo te fikse
lide yo sou sa Filip t’ap di, yo tout t’ap koute, yo te wè siy yo li te fè yo.
Sèke anpil nan sa yo ki te gen espri papwòp yo, yo te sòti, antan y’ap rele
byen fò; anpil moun ki pa t’ kapab fè mouvman, ki te enfim, yo te vin geri. Te
vin gen gran kè kontan nan vil sa a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 65, l-3a. 4-5. 6-7a
R/ Bat bravo
pou Bondye, tout tè a.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a,
chante glwa non l’, fè lwanj li.
Di Bondye: “A la respè travay ou yo
merite”.R.
Tout tè a ap adore ou, l’ap chante
pou ou, l’ap chante pou non ou”.
Vini, n’a wè travay Bondye yo, li
merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo.R.
Li fè lanmè a vin tounen tè sèk,
y’ap pase rivyè a apye; n’ap kontan nan li kote sa a.
Li menm k’ap kòmande nan pouvwa l’
pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Sa a, se volonte Papa a, pou tout moun ki wè Pitit la, li gen lavi tout
tan an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 35 40
Lè sa a: Jezi di foul yo:
“Mwen menm mwen se pen lavi a; moun
ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf. Men mwen
te di nou, nou wè m’, epi nou pa kwè. Tout sa Papa a ban mwen, l’ap vin jwenn
mwen; moun ki vin jwenn mwen, mwen p’ap jete l’ deyò; paske mwen pa desann sot
nan syèl la pou m’ fè volonte pa m’, men volonte sila a ki voye m’ nan. Men
volonte sila a ki voye m’ nan, Papa a, sèke tout sa l’ ban mwen, pou m’ pa pèdi
anyen nan yo, men pou m’ fè l’ resisite nan dènye jou a. Sa a se volonte Papa
m’ nan ki voye m’ nan, pou tout moun ki wè Pitit la, epi ki kwè nan li, jwenn
lavi tout tan an; mwen menm m’ap fè l’ resisite nan dènye jou a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Yè nou te
dekouvri nan refleksyon lekti yo, kijan Etyèn te genyen yon lafwa enkwayab.
Aprè lanmò li, nan Jerizalèm yon gran pèsekisyon te vin devlope kont Legliz la,
yo montre ke gen moun ki te genyen yon ti kras rèspe pou Bondye, sa te pouse yo
kwè kan menm nan Etyèn.
Anpil nan moun ki te dispèse yo te
kontinye pote bòn nouvèl pawòl Bondye a. Malgre tout pèsekisyon yo te jwenn, sa
pa t’ anpeche yo kontinye ap anonse Bondye vivan an; okontrè, yo te pwoklame
pawòl la ak plis fòs pou yo te kapab lakòz anpil moun pran wout konvèsyon nan
tout mond lan.
Menmsi gen kote yo pa t’ resevwa yo,
men yo pa t’ pèdi enèji, yo pa t’ pèdi fòs ak lespwa, yo pa t’ gade dèyè, yo pa
t’ gade lòt kote men je yo te rete fikse sou Jezi. Jezi ap rele nou, e si nou
chèche li, li p’ap kache pou nou pa wè li, paske se li menm k’ap chèche nou an
premye; si nou kwè nan li kòm Pitit Bondye, n’ap gen lavi ki p’ap janm fini an.
Jezi kontinye di nou si nou vin jwenn li ak tout kè nou, ak tout nanm nou, l’ap
nouri nou ak pen lavi a, nou p’ap grangou ni swaf. E moun ki vin jwenn li deja
pote laviktwa sou tout fòs lanmò. Se bon pou nou kwè nan Jezi e kontanple li,
paske li se limyè mond lan, pou nou pa rete nan fènwa inyorans ak peche. Se pou
nou konnen doktrin Jezi a, sèl sa li ekzije nou, se renmen ak mizerikòd.
Pawòl Jezi, se pawòl Bondye Papa a,
e li mande pou nou kwè nan li, rete nan li e fè li tounen pwòp byen nou; sa vle
di sèvi li avèk fidelite, konsa n’ap tounen apot li tout bon vre, nou kapab fè
patizan pou li pou tout moun rive kwè nan li e genyen lavi tout bon vre a. Kwè
se konfye nan Jezi, pou nou kapab jwenn kè kontan li pwomèt la. Lafwa nou pèmèt
nou resevwa Jezikri, konnen li, e atravè li menm konnen Papa a; Jezi menm di
nou sa, pou nou tout ki kwè nan li rive jwenn lavi ki p’ap janm fini an.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt
paske ou rele mwen pou fè wout ansanm ak ou. Mèsi paske ou ba nou asirans w’ap
avèk nou toutan.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap
kite pwoblèm lavi a fè m’ febli sou chemen lafwa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario