Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Granmèt Jezi, resevwa espri m’”.
NAN TRAVAY
APOT YO 7, 51-8,1a
Jou sa yo:
Etyèn t’ap di foul la ak ansyen yo ak skrib yo:
“Tèt di, je
ak zòrèy bouche, tout tan n’ap reziste Espri Sen an; menm jan ak papa nou yo,
se konsa nou ye tou. Kilès nan pwofèt yo papa nou yo pa t’ pèsekite? Yo te
touye sa yo ki te anonse davans sila a ki kòrèk la t’ap vini an, li menm nou te
renmèt koulye a, nou te touye a. Nou menm ki te resevwa lalwa a nan men zanj yo
epi nou pa t’ kenbe l’ la”. Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè kè yo vin di
kont li, yo t’ap sere dan kont li. Li menm li te plen ak Espri Sen an, li fikse
syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: “Mwen wè
syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”. Yo leve vwa yo byen
fò, yo fèmen zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vil la, yo
kòmanse kalonnen l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo
te rele Sòl. Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch, Etyèn t’ap lapriyè, li
t’ap di: “Granmèt, resevwa espri m’”. Sòl menm te dakò avèk sa yo ki te touye
l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 3cd-4. 6ab; 7b e 8a.
17 e 21ab
R/ Se nan men
ou, Granmèt, mwen renmèt espri m’.
Se pou ou
sèvi m’ yon wòch kachèt ak yon kay defans, pou ou k’ap sove m’.
Paske fòs
mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men
ou mwen renmèt espri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.
Mwen menm se
nan Granmèt la mwen met esperans mwen.
M’ap danse,
m’ap kontan nan kè sansib ou a.R.
Klere fas ou
sou sèvitè w’ la.
Sove m’ nan
kè sansib ou a.
W’a kache yo
nan kachèt fas ou a devan tranzaksyon lèzòm.R.
LEVANJIL
“Se pa Moyiz, men se Papa m’ ki bay
pen ki sot nan syèl la”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 30-35
Lè sa a:
foul la di Jezi:
“Ki siy ou
fè, pou nou wè, pou nou kwè nan ou? Kisa ou fè? Papa nou yo te manje mán nan
dezè a, jan sa ekri a: “Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje”. Jezi di yo:
“Amèn, amèn mwen di nou, se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se
Papa m’ ki ba nou pen ki sot nan syèl la, veritab pen an. Pen Bondye a se sa a
ki desann sot nan syèl la epi ki bay tè a lavi a”. Yo di l’: “Granmèt, toujou
ba nou pen sa a”. Jezi di yo: “Mwen menm mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn
mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Genyen anpil moun ki chèche solisyon pwoblèm yo nan
mirak oubyen nan reyalite majik, ki depase entelijans lèzòm. Men anpil fwa sa pa ede yo rive kwè, yo pa jwenn
rezilta ki ba yo asirans reyèlman yo nan bon chemen an. Konsa yo vole tankou
papiyon: yo kite yon kote pou yo ale nan yon lòt, finalman san jwenn anyen, san
yo pa wè ke devan je yo Granmèt la menm, Kreyatè mond lan, l’ap rele yo pandan
l’ap di yo: «Mwen se pen lavi a, moun ki
vin jwenn mwen p’ap janm grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf».
Anpil
kretyen tonbe nan erè, yo menm konsidere Lekaristi a kòm yon senp senbòl, men
an reyalite nan li Kris la ofri an plen tout li menm kòm Pen lavi a. Jezi
Granmèt la envite nou pou nou kapab kwè nan li, konfye nan Sila ki voye li a,
kòm vrè Pen ki sòti nan syèl la pou pote lavi bay mond lan. Jezi vini pou
rekonsilye tout limanite, li vini envite nou sòti nan sousi oubyen
prewokipasyon nou genyen sèlman pou “pen materyèl”; li mande nou sèlman pou nou
chèche sa ki fondamantal, sa ki esansyèl menm jan Mari te fè li a, nou dwe chèche
Kris la avan tout bagay, paske se nan li tout bagay jwenn akonplisman.
Mirak Jezi
yo pèmèt nou kontanple pouvwa lanmou Bondye. Nou kontanple Bondye yon fason
espesyal nan Lekaristi a, ki se Kris la menm k’ap nouri nou ak pwòp lavi pa li
e ki ba nou garanti letènite a, antan nou jwenn fòs nesesè pou nou kapab sipòte
moman difisil nan ekzistans nou, avèk espwa ke moun ki pèsevere fidèlman nan
Granmèt la e ki kenbe nan li kapab antre nan finisman jou yo nan tè pwomiz la,
kote y’ap nan kominyon ak Bondye pou toutan.
Bondye vle
fè nou konprann ke nan lavi a, menm si gen pèsekisyon, depi nou kenbe pye li,
li p’ap janm lage nou; se sa ki rive Etyèn ki te gen anpil lafwa nan Bondye;
menm si li p’at jwenn pèsonn pou defann li, malgre l’ap mouri, li kontinye mete
konfyans li nan sèl Bondye lavi a, se sa ki fè li di: “Granmèt resevwa lespri
mwen”. Se sèl moun ki konnen ke Bondye se sèl fòs li ki kapab rive santi fòs
Bondye nan li. Sòm nou medite jodi a ap ankouraje nou pou nou rekonèt Granmèt
la kòm sèl kachèt ak kay defans pou pwoteje nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, mèsi paske ou
rele mwen vin pataje pen lavi a, ki se ou menm menm.
PWOPOZISYON: Tankou Etyèn, an nou bay temwaj lafwa nan tout
sikonstans lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario