Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak
Espri a ki t’ap pale a”.
NAN TRAVAY APOT YO 6, 8-15
Jou sa yo,
Etyèn te plen gras ak fòs, li t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la. Gen kèk
ki leve, yo te fè pati nan sinagòg sa yo rele Esklav libere yo, Sireneyen yo ak
Aleksandren yo, ak sa ki te nan Silisi ak Lazi yo, yo t’ap diskite avèk Etyèn.
Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak Espri a ki t’ap pale a. Lè sa a yo voye kèk
moun an kachèt pou di yo te tande l’ap di pawòl blasfèm kont Moyiz ak kont
Bondye. Konsa yo soulve pèp la ak ansyen yo ak skrib yo, yo fonse ansanm, yo
sezi l’, yo kondui l’ nan tribinal la. Yo mete fo temwen ki di: “Mesye sa a pa
sispann pale pawòl kont kote sa a ki sen an ak kont lalwa a. Reyèlman nou tande
l’ap di: “Jezi moun Nazarèt sa a ap detwi kote sa a, l’ap chanje abitid Moyiz
te transmèt nou yo”. Yo tout t’ap gade l’ fiks, yo tout ki te chita nan
tribinal la, yo te wè fas li tankou fas yon zanj.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 23-24. 26-27. 29-30
R/ Ala
kontantman pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Menm si chèf
yo chita, y’ap pale kont mwen, sèvitè w’ la ap reflechi sou desizyon w’ yo.
Sèke
temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon w’ yo se konsèy mwen.R.
Mwen deklare
chemen m’ yo, ou koute m’; aprann mwen desizyon w’ yo.
Fè m’
konprann chemen kòmandman w’ yo, m’a reflechi sou mèvèy ou yo.R.
Vire chemen
manti a lwen m’, ban m’ lalwa w’ la avèk bon kè ou.
Mwen chwazi
chemen verite a, mwen mete jijman w’ yo devan m’.R.
LEVANJIL
“Pa travay pou manje k’ap peri a,
men pou sa a k’ap dire pou lavi tout tan an”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 22- 29
Nan landmen,
foul la ki te kanpe lòt bò lanmè a, li wè lòt batiman an pa t’ la, se yon sèl
ki te la, epi Jezi pa t’ monte sou batiman an avèk disip li yo, men disip li yo
te pati pou kont yo, Gen lòt batiman ki te vin rive sot Tiberyad, bò kote yo te
manje pen an, lè yo te fin rann Granmèt la gras. Lè foul la wè Jezi pa t’ la ni
disip li yo, yo monte nan kannòt yo, yo rive Kafanawòm, y’ap chèche Jezi. Lè yo
jwenn li lòt bò lanmè a, yo di l’: “Rabi, ki lè ou rive isit la”? Jezi reponn
yo, li di: “Amèn, amèn mwen di nou, si n’ap chèche m’, se pa paske nou te wè
mirak, men paske nou te manje nan pen yo epi vant nou te plen. Se pa pou nou
travay pou manje k’ap disparèt la, men se pou nou travay pou manje k’ap dire
pou lavi tout tan an, sa Pitit moun nan ap ba nou an; li menm Bondye Papa a
make ak so l’ la”. Yo di l’: “Kisa pou nou fè si nou vle fè travay Bondye”?
Jezi reponn, li di yo: “Men travay Bondye a, se pou nou kwè nan sila a li voye
a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen
anpil moun, aprè Jezi te fè kichòy nan lavi yo, yo te rete atache ak li. Natirèlman, lè yon moun te fè byen pou ou, ou
santi ou atache ak li, ou ta renmen wè byen pou li toutan. Poutan, Jezi ap fè
nou konnen yon afeksyon pa dwe rete la sèlman, li dwe ale pi lwen toujou.
Men
sa Jezi di nou : «Renmen moun
ki rayi nou, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou », sa vle di nou pa
dwe rayi okenn moun, nou pa dwe gen yon lanmou pou yon lòt sèlman lè gen yon avantaj.
Konsa Jezi te di foul la byen klè : “Amèn,
amèn mwen di nou, si n’ap chèche m’, se pa paske nou te wè mirak, men paske nou
te manje nan pen yo epi vant nou te plen”.
Sa montre nou gen yon ensatisfaksyon bò kot Jezi, li te espere moun yo ale pi
lwen nan sa li t’ap anseye yo pandan rankont sa. Se pou sa li te jwenn yon jan
pou li te atire atansyon yo.
Si
nou apwofondi refleksyon nou sou sa, se kòm si nou ta kapab konprann Granmèt la
pa sèlman vle pou nou travay pou byen k’ap pase yo, men pou nou travay pou nou
kapab rive genyen lavi ki p’ap janm fini an. Moun yo te gen tan panse se yon pakèt bagay yo te genyen
pou yo fè, tèt yo te cho, yo mande li ki travay pou yo fè pou yo kapab jwenn
eritaj sa. Ebyen li senp tankou bonjou. Se pou yo kapab kwè nan Jezi ki se Pitit
Papa a.
Nan
tan sa a, anpil moun lasyans yo ap doute sou pouvwa Jezi puiske yo menm yo pa
an afè ak lafwa; sa ki enpòtan pou yo se bagay moun ka pwouve, bagay moun ka
demontre. Gwo enstriman ki kapab
ede nou nan sans sa li rele lafwa. Nou menm kretyen, se lafwa nou ki sèl zam
nou.
LAPRIYÈ:Granmèt, fè m’ konprann chemen kòmandman w’ yo, m’a reflechi sou
mèvèy ou yo (Sòm 118).
PWOPOZISYON: Pa sèlman chèche bagay ki bon pou kò nou,
chèche tou sa ki bon pou nanm nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario