Koulè Blan
TWAZYÈM DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE LEKTI
«Nou te touye lotè lavi a, li menm li leve sot nan pami mò yo».
LEKTI TRAVAY APOT YO 3, 13-15.17-19
Jou sa yo: Pyè di pèp la:
"Bondye Abraam ak Bondye Izaak
ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo fè wè glwa Pitit li a Jezi, li menm
nou te renmèt la, nou te nye devan fas Pilat la, lè Pilat te jije pou l’ te
lage l’ la. Nou menm se Sen an ak Sa a ki kòrèk la nou te nye, nou te mande pou
yo ba nou yon moun ki touye moun; Lotè lavi a menm, nou touye l’ men Bondye fè
l’ leve sot nan pami mò yo, nou sèvi l’ temwen.
Koulye a, frè m’ yo, mwen konnen se
paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa, menm jan ak chèf nou yo. Men Bondye,
sa l’ te anonse davans nan bouch pwofèt yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li
reyalize l’. Konsa se pou nou regrèt, se pou nou konvèti, pou peche
nou yo efase".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 4, 2. 7. 9 (r.: 7a)
R/ Leve limyè
figi ou sou nou tankou yon siy, Granmèt.
Koute m’ pandan m’ap lapriyè, Bondye
jistis mwen, nan tray mwen ou degaje m’; pran pitye pou mwen, koute lapriyè m’.R.
Anpil moun ap di: Kilès k’ap montre
nou byen yo?
Leve limyè fas ou sou nou tankou yon
siy, Granmèt.R.
Nan lapè byen vit m’ap dòmi, m’ap
poze, paske ou menm, Granmèt, ou enstale m’ nan esperans yon fason espesyal.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li se padon pou peche nou yo, men pou peche tout tè a tou».
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2,
l-5a
Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou
bagay sa yo, pou nou pa fè peche; men si yon moun fè peche, nou gen yon avoka
kot Papa a, se Jezikri ki kòrèk la; li menm li se padon pou peche nou yo, pa
pou peche nou yo sèlman, men tou pou peche tout tè a.
Men kijan nou konnen nou rekonèt li,
se si nou obsève kòmandman l’ yo. Moun ki di li konnen l’ epi li pa kenbe
kòmandman l’ yo, li se mantè, verite a pa nan li. Men moun ki kenbe pawòl li,
renmen Bondye a kòrèk nèt nan li, se konsa nou konnen nou nan li. Moun ki di li
rete nan li, se jan l’ mache a pou li menm tou li mache.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Se konsa Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ resisite sot nan
pami mò yo sou twazyèm jou a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
LIK 24, 35 48
Lè sa a:
Disip yo t’ap rakonte bagay ki te
pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt Jezi nan kase pen an.
Pandan y’ap pale bagay sa yo, Jezi
kanpe nan mitan yo, li di yo: "Lapè pou nou: se mwen menm, pa pè". Yo
twouble, yo sezi, yo te konprann se yon espri yo te wè a. Li di yo: "Pouki
sa nou twouble a, ak panse sa yo k’ap monte nan kè nou an? Gade men m’ yo ak
pye m’ yo, se mwen menm menm; touche pou nou wè; yon espri pa gen chè ak zo,
jan nou wè mwen genyen an". Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak pye
yo.
Yo pa t’ ko kwè, yo te sezi ak
kontantman, li di: "Èske nou gen kichòy pou manje isit la"? Yo ofri
l’ yon moso pwason griye ak yon gato myèl. Li manje devan yo, li pran rès yo,
li ba yo.
Li di yo: "Se pawòl sa yo mwen
te pale nou an, lè m’ te avèk nou toujou a, li te nesesè pou tout sa k’ ekri
sou mwen nan lalwa Moyiz la ni pwofèt yo ni sòm yo, pou yo te reyalize".
Lè sa a li louvri entelijans yo, pou yo konprann sa k’ ekri yo.
Li di yo: "Se konsa sa te ekri,
se konsa Kris la te gen pou l’ soufri, pou l’ resisite sot nan pami mò yo sou
twazyèm jou a, pou yo preche penitans nan non l’ ak padon peche yo nan tout
nasyon, kòmanse sou Jerizalèm. Nou menm nou temwen bagay sa yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil nan nou pote mak
nan kò nou ak nan lespri nou, akoz vyolans nou
te sibi nan kò nou oubyen nan lespri nou. Bay kou bliye, pote mak sonje.
Si nou pote mak sa yo te fè nou, nou ka pa janm bliye sa. Men gen de fason pou n’ pote mak sa yo. Pafwa
nou pote mak depi lontan, men se kòmsi se yè yo fè k’ fè nou sa. Chak jou nou
kite ansyen blesi yo detwi nou. Men sa
se yon chwa nou fè.
Pa ekzanp, lè yon moun te di yon bagay pou imilye ou,
se tankou yon ponya li mete devan ou. Men se ou menm ki konnen sa w’ap fè avè l’. Si ou vrèman lib, ou
ka jis kite ponya a tonbe.
Men le pi souvan, nou konn pran ponya yo mete devan
nou an, epi nou menm nou bay pwòp tèt nou kou avè l’, nou blese pwòp tèt nou.
Epi, lè nou kite bagay lontan fè nou mal toujou, se kòmsi nou te sere ponya a,
epi n’ap plede sèvi avè l’ pou n’ bay tèt nou kout ponya san rete.
Nan Bòn Nouvèl jodi a, Jezi ap montre nou yon lòt fason
pou n’ pote mak nou yo. Li menm, li pa bliye tou. Menm aprè li leve byen
vivan, mak klou yo toujou la. Yo te vle detwi lavi li, epi yo touye l’ tout
bon. Men Jezi ap montre lanmou pi fò pase lamò.
Sa ki ka transfòme mak nou yo, sa ki ka fè yon siy lanmò
tounen yon siy lavi, se lè nou youn padone lòt. Padone pa vle di bliye. Padone vle di, ou p’ap
chache vanjans. Menm si yon moun te fè ou mal, ou p’ap janm fè l’ mal. Si yon
jou li bezwen w’ tou, ou ka ata rann ni yon sèvis. Konsa w’a montre li kiyès ou
ye, w’ap montre li sa k’ genyen nan kè pa w’. W’a kite ponya a tonbe, bay lamen
pito.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede
m’ padonen moun ki fè mwen kichòy, menm jan ou padone sa mwen fè w’ ki mal.
PWOPOZISYON: Si w’ap kenbe yon
moun nan kè w’, se ou menm ki prizyone!
Si ou lage l’, se ou menm k’ap libere!
No hay comentarios:
Publicar un comentario