Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Yo chwazi sèt mesye ki plen ak Espri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO 6,1-7
Jou sa yo, foul disip yo t’ap gwosi,
Grèk yo bougonnen kont Ebre yo, paske nan sèvis chak jou a yo te meprize vèv pa
yo. Douz yo konvoke foul disip yo, yo di: “Se pa nòmal pou nou kite pawòl
Bondye a, epi pou n’ap sèvi sou tab yo. Frè m’ yo, chèche sèt mesye nan pami
nou ki gen bon temwayaj sou yo, ki plen ak Espri Sen an ak sajès, n’a enstale
yo pou travay sa a. Kanta nou menm, n’ap rete nan priyè ak sèvis pawòl la”.
Pawòl la fè tout foul la plezi, yo chwazi Etyèn, yon mesye ki plen lafwa ak
Espri Sen, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola, yon moun Antyòch ki
te fèk vin tounen disip. Yo prezante yo devan Apot yo, yo priye, yo poze men
sou yo. Pawòl Granmèt la t’ap devlope, foul disip yo t’ap vin anpil menm nan
Jerizalèm.Yon foul prèt t’ap obeyi lafwa a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 1-2. 4-5. 18-19
R/ Se pou kè
sansib ou sou nou, Granmèt, menm jan nou espere nan ou a.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki
kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo.
Fè lwanj pou Granmèt la sou gita,
sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout
aksyon l’ yo nan fidelite, li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la
plen tè a.
Men je Granmèt la sou moun ki
respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nanm yo sot
nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
LEVANJIL
“Yo wè Jezi k’ap mache sou lanmè a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI
SEN 6, 16-21
Lè aswè rive, disip Jezi yo desann
sou lanmè a. Yo monte nan batiman an, yo rive lòt bò lanmè Kafanawòm nan. Li te fè nwa
deja, Jezi pa t’ ko rive kote yo. Men lanmè a t’ap monte, paske yon
gwo van t’ap soufle. Yo te deja rame anviwon kat ak senk kilomèt, lè yo wè Jezi
k’ap mache sou lanmè a, li rive tou pre batiman an, yo pè. Li menm li
di yo: “Se mwen menm, pa pè”. Yo te vle pran l’ nan batimán an; menm lè a
batimán an rive atè, kote yo t’a prale a.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Disip Jezi yo, malgre yo te
konnen pouvwa li, malgre yo te konnen mirak ekziste, sa pa t’ anpeche kèk fwa
yo te rive nan kèk sitiyasyon ki fè yo doute. Jezi ba yo asirans, li di yo: «Se mwen menm, pa pè».
Jezi t’ap pwofite anseye
disip li yo ak tout moun ki gen difikilte pou yo kwè nan li, ke se li menm ki
Kris la e li gen pouvwa sou tout bagay ki sou latè. Nou toujou tande yo di nou
ak yon ti lafwa gen yon pakèt bagay nou kapab rive fè. Mòn yo ka deplase. Men
podyab nou menm, anpil fwa nou refize kwè, nou prefere eseye yon fwa, de fwa,
donk si sa pa mache nou pèdi espwa, nou kouri pran yon lòt wout. Elas!
Anpil fwa se menm nou menm k’ap repete nan mès yo «Mwen kwè». Poutan nou pa pa toujou
bay temwayaj lafwa sa a. Se lè nou nan danje pou nou konnen gwosè lafwa nou.
Zanmi Bondye yo, yon lòt
fwa ankò Jezi vle fè nou konprann li pa ase pou n’ap di sèlman « mwen
kwè » nan bouch sinon sa dwe yon reyalite ki sòti nan fon kè nou.
Li enpòtan pou nou kapab
konprann zanmi m’ yo ke Bondye toujou la l’ap aji nan lavi nou menm lè nou pa
rann nou kont. Konbyen fwa nou te pran yon ti tan pou di Bondye mèsi paske nou
dòmi epi nou leve ? Dòmi an si senp ke sa daprè nou ? Konbyen fwa nou
te nan lari a, nou te epaye de yon aksidan ? Aprè sa ou ri, ou souke tèt
ou, men ou te janm pran tan reflechi aprè sa kijan w’ fè epanye ? Konbyen
fwa ou pa t’ panse w’ te ka gen yon timoun, ou te ka jwenn yon travay, ou te ka
peye dèt ou nan jounen an, epi ou te rive jwenn yon solisyon san nan moman ou
pa t’espere sa? Ou te sonje di Bondye mèsi ? Levanjil jodi a envite nou
mete konfyans nou nan Granmèt la, se li menm ki sèl gid nou. Si vrèman nou rive
kwè nan li tout bagay ap posib pou nou, n’ap rive kraze tout fòs ki vle anpeche
nou avanse pou pi devan.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, pa kite dout ak laperèz anvayi nou. Fè nou kwè nan ou chak
jou pi plis pandan n’ap aprann fè volonte ou. Amèn.
PWOPOZISYON :
M’ap pataje eksperyans lafwa mwen ak yon zanmi pou ede li kwè nan Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario