Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Yo te pati ak kè kontan, paske yo te konsidere yo te merite soufri move
trètman pou non Jezi”.
NAN TRAVAY APOT YO 5, 34-42
Jou sa yo:
Yon mesye leve nan tribinal la, yon
Farizyen, yo te rele l’ Gamalyèl, se te yon savan lalwa a ki te gen
konsiderasyon tout pèp la, li pase lòd pou yo fè Apot yo sòti deyò yon ti
moman; li di yo: “Mesye Izrayelit yo, fè atansyon sa n’a pral fè sou mesye sa
yo. Sèke anvan jou sa yo, Teodas te kanpe, li te di li se yon moun enpòtan, gen
anpil moun ki rasanble vin jwenn li, anviron katsan; yo touye l’; tout moun ki
te kwè nan li yo, yo gaye yo, yo vin tounen anyen. Apre li menm, Jida moun
Galile a vin kanpe nan jou resansman yo, li soulve pèp la dèyè l’; li peri;
tout moun ki te dakò avèk li yo, yo gaye yo. Konsa, koulye a mwen di nou: kite
mesye sa yo trankil, lage yo; paske, si se nan lèzòm plan sa a oubyen travay sa
a sòti, l’ap fonn; men si se nan Bondye li sòti, nou p’ap kapab fonn li, piga
nou rive ap batay kont Bondye”. Yo vin dakò avèk li. Yo konvoke Apot yo; avèk
kou, yo avèti yo pou yo pa janm pale o non Jezi, epi yo lage yo. Yo menm menm
yo pati tou kontan sot devan tribinal la, paske yo te konsidere yo te merite
soufri move tretman pou non Jezi. Tout jounen yo pa t’ sispann ret nan Tanp la
ak nan lakay yo ap bay ansèyman, ap anonse bòn nouvèl Jezi se Kris.
Pawòl
Granmèt la
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Yon sèl
bagay mwen mande Granmèt la: pou m’ abite nan kay Granmèt la.
Granmèt la se limyè m’ ak delivrans
mwen, ki moun ki pou fè m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’,
devan ki moun pou m’ tranble? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la,
se sa m’ap chèche:
abite nan kay Granmèt la tout tan
lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan
tè vivan yo.
Tann Granmèt la, pran kouraj, asire
kè w’, apuiye sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Li separe bay moun ki te sou tab yo, toutotan yo te vle”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 1 -15
Lè sa a:
Jezi al lòt bò lanmè Galile a, se
lanmè Tiberyad la. Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè
sou moun ki te malad yo. Konsa Jezi monte sou mòn nan, li chita la avèk disip
li yo.
Pak la te tou pre, jou fèt Juif yo.
Lè Jezi leve je l’, li wè te gen yon gran foul ki t’ap vin jwenn li, li di
Filip: “Ki kote n’ap achte pen, pou moun sa yo manje? Li te di sa pou l’ sonde
l’; li menm, li te konnen ki sa l’ t’a pral fè. Filip reponn
li: “Desan denye pen p’ap kont yo, pou chak moun jwenn yon ti moso”. Youn nan
disip li yo, Andre, frè Simon Pyè a, di l’: “Gen yon ti gason isit la, ki gen
senk pen lòj ak de pwason; sèlman, ki sa bagay sa yo ye pou tout pakèt moun sa
yo”? Jezi di: “Fè moun yo lonje kò yo”. Te gen anpil zèb
kote sa a. Mesye yo lonje kò yo, yo te senk mil. Jezi pran pen yo, kon l’ fin
rann gras, li separe bay moun ki te lonje kò yo a, li fè menm jan pou pwason
yo, otan yo te vle. Lè yo fin manje vant plen, li di disip li yo: “Ranmase moso
ki rete an plis yo, pou yo pa pèdi”. Yo ranmase yo, yo plen douz panye ak mòso
ki te sot nan senk pen lòj yo, ki te ret an plis lè moun yo te fin manje a.
Moun yo menm, lè yo wè siy Jezi te fè, yo t’ap di: “Sa a se pwofèt la tout bon
vre, ki te gen pou l’ vin sou tè a”. Jezi menm, kòm li t konnen yo t’ap vin pou
yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan li menm pou kont
li.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou
jodi a ap ede nou reflechi sou sansiblite Jezi gen pou nou, l’ap panse pou nanm
nou, epi l’ap panse pou kò nou, kè Jezi fè l’ mal lè l’ wè foul moun yo k’ap
mache tankou mouton san gadyen. Li te fè menm jan ak Papa l’ ki te wè
soufrans pèp li a, li te tande rèl li e li te vin delivre l’.
Frè ak sè m’ yo, menmsi moun ki pa vle tande Bòn Nouvèl la maltrete nou,
se pou nou fè travay nou kòm sa dwa, tout sa ki sòti nan Bondye li pa gen dwa
detwi; nan tan Gamalyèl t’ap pale, yo rele Apot yo, yo ba t’ yo byen bat, aprè
sa yo pase yo lòd pou yo pa janm pale nan non nèg sa a ankò, sila yo rele Jezi
a, epi yo lage yo. Mezanmi, tout moun konnen lè y’ap bat ou: sa pa dous, sa fè
mal; men lè w’ gen yon lafwa ki solid, anyen pa kapab fè w’ pè.
Aprè yo fin bat apot yo, yo lage yo. Men, lè yo te sòti anba kou, kè yo
te kontan, malgre tout pèsekisyon yo te jwenn paske se poutèt non Kris la yo te
merite pran kou. Yo tounen nan Tanp la, yo pwoklame Bòn Nouvèl la pi rèd, ak
plis fòs toujou. Nou wè jounen jodi a, lè se byen n’ap fè, toujou gen moun ki
pou nou, gen lòt ki kont nou: se poutèt sa fòk nou toujou lapriyè nan tout sa
n’ap fè; menm Jezi avan li fè yon mirak, li te toujou demake yon kote apa pou
l’ lapriyè.
Te gen anpil moun ki t’ap swiv Jezi, paske yo te wè mirak li yo, jan li
t’ap geri malad. Jezi te santi yo t’ap vin pran l’ ak fòs pou yo mete l’ wa, li
retire kò l’ tou dousman. Men anpil fwa nou pa konprann pwojè Bondye, menm jan
ak patizan yo ki pa t’ konprann plan Bondye: Jezi bay senk mil moun manje, san
yo pa t’ fè okenn efò pou sa, men se kè sansib li ki te fè sa, se pa t’ yon
fason pou l’ fè wè ni pou l’ asire pouvwa li tankou yon lidè, li pa t’ pwofite
moman mirak li yo pou fè pale de li, tankou nou menm ta fè sa. Sèlman sa l’
bezwen pou misyon an, se lapriyè pou l’ kab kenbe fèm nan desizyon l’ nan
misyon Papa l’ te konfye li; se sa l’al fè nan mòn nan, se sa k’ fè nou menm,
nan tout desizyon n’ap pran, fòk nou toujou lapriyè avan, pou nou kapab kenbe
fèm; piga nou dekouraje, se pou nou pran ekzanp sou Jezi ak Apot yo, li menm ki
se sèl liberatè nou.
LAPRIYÈ: Jezi ou se pen ki bay lavi ki p’ap janm
fini an. Mwen di w’ mèsi pou pen espirityèl sa a ou ban mwen san m’ pa merite
l’ la; tanpri, fè m’ toujou swaf pen sa a pou m’ kab kenbe dyanm sou wout lavi
a, ede m’ kwè pi plis chak jou ke w’ leve byen vivan pami mò yo tout bon vre e
ou vle mwen leve avèk ou. Amèn
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap panse a
tout sila yo ki pa gen anyen pou yo mete nan bouch yo, m’ap chwazi youn pou m’
pataje ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario