Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Nou menm nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Espri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO 5, 27-33
Jou sa yo:
Lè sèvitè yo kondui Apot yo, yo fè yo kanpe nan tribinal la;
gran prèt la poze kesyon, li di: “Nou te pase nou lòd sevè pou nou pa t’ bay
ansèyman o non sa a; epi gade nou plen Jerizalèm ak ansèyman nou an, nou vle fè
san mesye sa a tonbe sou nou”. Pyè menm reponn ak Apot yo, yo di: “Nou dwe
obeyi Bondye plis pase lèzòm. Bondye papa nou yo te leve Jezi, li menm nou te
touye a antan nou te pandye l’ sou bwa a. Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak
sovè pou l’ bay Izrayèl penitans ak delivrans peche yo. Kanta nou
menm, nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Espri Sen an Bondye bay tout moun ki
obeyi l’ yo”. Lè yo tande bagay sa yo, yo te fè gwo kòlè, yo t’ap
ekzamine kijan pou yo touye yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2 e 9. 17-18. 19-20
R/ Yon pòv
rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Goute, n’a wè jan Granmèt la bon;
ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal
yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la tande, nan tout
tray yo li delivre yo.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo
kraze yo, l’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse yo.R.
Moun ki kòrèk yo jwenn anpil tray,
men Granmèt la ap delivre yo sot nan yo tout.R.
LEVANJIL
“Papa a renmen Pitit la, li renmèt tout bagay nan men l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3, 31-36
Lè sa a, Jezi di Nikodèm:
“Sa a ki vin sot anwo a, li anlè
tout moun. Moun ki sot sou tè a, se nan sa k’ sou tè a li ye, se sa k’ sou tè a
li pale. Sa a ki vin sot nan syèl la, li anlè tout moun. Sa l’wè, li tande, li
sèvi l’ temwen, men temwayaj li a, pèsòn pa resevwa l’. Moun ki
resevwa temwayaj li a, li siyen Bondye vrè, Sa a Bondié voye a, se pawòl Bondye
yo li pale; Bondye pa bay Espri a avèk mezi. Papa a
renmen Pitit la, li renmèt tout bagay nan men l’. Moun ki kwè nan Pitit la li
gen lavi tout tan an; men moun ki pa kwè nan Pitit la, li p’ap wè lavi a,
okontrè se kòlè Bondye a ki rete sou li”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou bay
yon temwayaj, nou pale sou pwòp eksperyans lavi nou. Sa yon moun
genyen, se li li bay. Sa pòv genyen, se sa l’ pote nan mache. Pawòl Bondye pou
jodi a ede nou dekouvri kalite fòs temwayaj genyen.
Nan premye lekti a n’ap gade apot yo
devan gran chèf prèt yo ak lòt otorite ki pa t’ kwè nan Bòn Nouvèl la, epi nan
Pitit Bondye a. Eksperyans apot yo te fè ak Jezi te ba yo anpil fòs ak kouraj
pou yo te ka anonse Jezi mouri epi li leve byen vivan. Anpil moun pa t’ dakò ak
sa paske sa te deranje yo. Men apot yo pa t’ ka rete bèkèkè, malgre gwo menas
lanmò ki te pandye sou tèt yo.
Nou ka konprann sa nan repons Pyè ak
lòt apot yo te bay chèf prèt yo: «Nou dwe
obeyi Bondye plis pase lèzòm. Bondye Papa nou
te leve Jezi, li menm nou te touye a antan nou te pandye l’ sou bwa a. Kanta
nou menm, nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Espri Sen an Bondye bay tout moun ki
obeyi l’ yo».
Li te klè pou yo se Bondye yo gen pou
yo obeyi paske eksperyans yo te montre yo pa gen pi gwo pouvwa pase sa a. Èske
sa konn rive nou gen pozisyon sa a devan yon sitiyasyon ki rive mete menm lavi
nou an danje ? Chak moun dwe reponn
tèt li epi wè ki sa li dwe fè pou li swiv ekzanp apot yo.Bondye ban nou pitit
li a paske li renmen nou. Sa li mande nou se kwè nan li, kwè nan li menm jan ak
apot yo ki pa t’ pè okenn menas.
Lavi pou toutan Bondye pwomèt nou an,
se nan viv lafwa nou nan Jezikri n’ap kòmanse santi sa.
Kidonk lafwa nan Jezikri se kanal k’ap
mennen nou nan lavi pou toutan. Rive kwè tout bon vre nan Jezikri kòm sèl mèt
nou epi sovè nou mande nou anpil konkou lapriyè ak lagras Bondye. Depi nou lage
nou nan lapriyè epi nou fè Bondye konfyans n’ap rive nan limit kote lafwa nou
dwe mennen nou an.
LAPRIYÈ : Granmèt
anpil fwa mwen kite yon seri moun ak pwoblèm lavi a kraponnen mwen, ki fè kote
pou m’ ta bay temwayaj mwen rale bak tankou krab oubyen mwen fè silans. Ede m’
sèvi ou temwen tout tan ak tout kote mwen pase. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap bay bon temwayaj nan
sa m’ap di ak sa m’ap fè pou moun k’ap gade m’ ka dekouvri vizaj Bondye nan
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario