Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Men mesye yo nou te mete nan prizon an, yo nan Tanp la, y’ap bay pèp la
ansèyman”.
NAN TRAVAY APOT YO 5, 17-26
Jou sa yo:
Gran prèt la leve, ansanm ak tout
moun ki te avèk li yo, (se gwoup Sadiseyen yo), yo te plen ak raj; yo met men
sou Apot yo, yo mete yo nan prizon piblik la. Zanj Granmèt la louvri pòt prizon
an nannuit, li fè yo sòti, li di: “Ale, kanpe, pale nan Tanp la ak pèp la tout
pawòl lavi sa a”. Lè yo tande sa, yo antre byen bonè nan tanp la, yo t’ap bay
ansèyman. Gran prèt la rive, ni sa yo ki te avèk li yo, yo fè yon reyinyon, ni
tout ansyen pitit Izrayèl yo; yo voye nan prizon an pou yo kondui yo vini. Lè
sèvitè yo rive, yo louvri pòt la, yo pa jwenn yo, yo tounen, yo pote nouvèl, yo
di: “Nou jwenn pòt prizon an byen fèmen avèk tout kalite prekosyon, gad yo te
kanpe devan pòt yo; men lè nou louvri, nou pa jwenn pèsòn andan l”. Lè yo tande
pawòl sa yo, majistra Tanp la, ak gran prèt yo, yo t’ap mande antre yo ki sa sa
vle di. Gen yon moun ki rive li anonse yo: “Men mesye yo nou te mete nan prizon
an, yo kanpe nan Tanp la, y’ap bay pèp la ansèyman”. Lè sa a atò majistra a
avèk sèvitè yo pati, yo mennen yo san maltrete yo; sèke yo te pè pèp la, pou yo
pa t’ kalonnen yo ak kout wòch.
Pawòl
Granmèt la
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Yon pòv
rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn
glwa l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se
pou nou leve non l’ anlè ansanm, mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba
tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont.
Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’,
anba tout tray li, li sove l’.R.
Zanj Granmèt la ap veye alantou moun
ki krenn li yo, l’ap delivre yo.
Goute, n’a wè jan Granmèt la bon;
ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
LEVANJIL
“Bondye voye Pitit la, pou tè a sove pa lantremiz li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3, 16-21
Lè sa a, Jezi di Nikodèm:
“Bondye tèlman renmen tè a, li bay
Pitit li a, sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou l’ gen
lavi tout tan an. Sèke Bondye pa t’ voye Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a,
men pou tè a te kapab sove pa lantremiz li. Moun ki kwè nan li, yo p’ap jije
l’; moun ki pa kwè a menm, li deja jije, paske li pa kwè o non sèl Pitit Bondye
a. Men jijman an, limyè a vin sou tè a, men lèzòm te pi renmen fènwa yo pase
limyè a; sèke travay yo te move. Reyèlman tout moun k’ap aji mal, li
rayi limyè a, li pa vin nan limyè a, pou yo pa repwoche travay li yo. Men moun
ki fè verite a, li vin nan limyè, pou yo kapab wè travay li klè, se nan Bondye
yo fèt”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Se granmesi lanmou li
genyen pou ras lèzòm ki fè «Bondye voye
Pitit la, pou tè a sove pa lantremiz li» (Jan 3, 16-21). Se menm puisans sa a, menm renmen sa ki ouvri pòt
prizon an pou apot yo te kapab sòti.
Nan levanjil la, li klè,
rezon ki te fè Jezi vini sou tè a, se pou li te kapab sove nou. Li vle sove nou
san li pa jije nou. Men sa mande sèlman pou nou kwè nan li. Lafwa sa a mande
pou nou viv nan laverite.
Depi yon moun nan laverite
tout sa l’ap fè li pa gen pwoblèm pou lòt moun konnen li. Men moun ki nan fènwa
pa renmen moun konn zafè li, li toujou genyen yon bagay l’ap sere. Nou ka sonje
yon chante «Gwoup Mizik Mizik» te fè
nan lane 1999 ki te genyen kòm tit «Ban
m’ fènwa mwen, ban m’ blakawout mwen ».Yo te eksplike pou di se nan
fènwa nou ka fè magouy. Moun ki vle sove se moun ki batay chak jou pou li viv
nan limyè ak laverite.
Bondye pa gen anyen li pa
ka fè (Lik 1,37). Se sa nou dekouvri nan premye lekti a; Li voye zanj li al
mete apot yo deyò nan prizon. Chèf prèt ak otorite ki te mete apot yo nan
prizon akoz levanjil yo t’ap anonse a, yo te sezi anpil. Wi
yo tout te sezi paske yo panse yo te gen lapè lè yo te mete mesye yo nan
prizon. Sa k’ te pi vèksan pou yo, sèke mesye yo te nan tanp la jan lanj la te
di yo: “Ale kanpe pale nan tanp la ak pèp
la tout pawòl lavi sa a”. Nou dwe konprann: ak Bondye pa gen pòt ki pa ka
louvri. Nou wè tout sekirite ki pa gen fay se nan
Bondye li ye.
LAPRIYÈ: Fè m’ gras, Granmèt, pou m’ renmen laverite,
pou m’ viv nan verite, pou m’ sanble ak ou. Amèn
PWOPOZISYON: Pou m’ viv kòm pitit
Bondye, m’ap sispann fè manti, m’ap sispann fè fo temwayaj sou moun, m’ap
divòse ak ipokrizi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario