Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Yon sèl kè ak yon sèl nanm”.
NAN TRAVAY
APOT YO 4, 32-37
Foul fidèl
yo te gen yon sèl kè ak yon sèl nanm ; pèsòn nan yo pa t’ konsidere sa l’
te genyen kòm pwòp byen pa l’, men tout bagay te ansanm pou yo. Avèk gran
fòs, Apot yo t’ap sèvi rezireksyon Jezikri Granmèt nou an temwen; te gen gran
gras nan yo tout. Nan pami yo pa t’ gen pèsòn ki te nan bezwen; tout moun ki te
gen jaden oubyen kay, yo vann yo, yo pote pri lavant la, yo depoze l’ nan pye
Apot yo; yo separe l’ bay yo chak, daprè sa chak moun te bezwen. Jozèf Apot yo
te bay ti non Banabe (sa vle di Pitit konsolasyon), yon Levit, nan ras Chip, li
te gen yon jaden, li vann li, li pote pri a, li mete l’ nan pye Apot yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 92, lab. 1c-2. 5
R/ Granmèt la
wa, li vlope ak glwa.
Granmèt la wa, li vlope ak glwa,
Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs.R.
Reyèlman li
rann fas tè a solid, pou l’ pa souke.
Twòn ou
solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou
yo merite konfyans nèt; kay ou a klere ak sentete, Granmèt, pou longè tan yo.R.
LEVANJIL
“Pèsòn
pa monte nan syèl la, sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3,5a.
7b-
15
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
“Amèn, amèn, mwen di ou: Nou gen pou
nou fèt ankò. Espri a soufle kote l’ vle, ou tande vwa l’, men ou pa konnen
kote l’ sòti ni kote l’a prale: se konsa pou tout moun ki fèt sot nan Espri a”.
Nikodèm reponn li di l’: “Kijan pou
bagay sa yo fèt”? Jezi reponn, li di l’: “Ou se mèt nan Izrayèl, epi ou pa
konnen bagay sa yo? Amèn, amèn mwen di ou, se sa nou konnen n’ap pale, epi se
sa nou wè nou temwaye; men temwayaj nou an nou pa resevwa l’. Si m’ di nou
bagay tè a, nou pa kwè, kijan, si m’ap di nou bagay syèl yo, n’a kwè? Pèsòn pa
monte nan syèl la sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan ki nan
syèl la. Epi, menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, se konsa pou yo leve
Pitit moun nan anlè, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi
tout tan an”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Youn nan pi bon ekzanp lavi tèt ansanm nou genyen pou
lavi nou, se premye kominote kwayan yo ki ba nou li: yo te viv tout bon vre tankou frè ak sè, pa t’ gen chire pit nan mitan
yo. Sa k’ te pi enpòtan se pa t’ lajan, se pa t’ pouvwa, men se te lanmou ki te soude yo youn ak lòt. Lè
yon kretyen separe byen li avèk lòt moun ki nan bezwen, li pa pèdi sa, okontrè,
l’ap genyen san fwa plis ankò; li pèdi yon byen sou tè a pou l’ genyen youn nan
syèl la. Lè yon moun separe sa l’ genyen bay pòv oubyen moun ki pa genyen
anyen, se yon trezò li sere, plis ankò se Jezi menm li bay.
Levanjil jodi a se lòt moso
konvèsasyon Jezi avèk Nikodèm, nan mitan lannwit. Nikodèm te gen anvi konnen laverite tout bon vre a. Jezi te ba li bon
jan enstwiksyon tou. Kalite enstriksyon sa a pa t’gen valè nan je gwo pwofesè
lalwa yo, devan farizyen yo ; men moun ki gen kè yo senp, moun ki kite Lespri
Sen an gide yo, se yo vrèmen ki va posede laverite a tout bon vre, se yo menm
ki kapab konnen renmen ak sajès Bondye. Menm jan tou, moun ki kwè nan Jezi,
Pitit Bondye ki vin nan chè a, pa gen dwa peri ; lanmò pa gen genyen
pouvwa sou li.
Jezi se delivrans
pou tout moun ki kwè nan li, se lajwa pou tout moun ki nan lapenn, se libète
pou tout moun ki nan prizon, se gerizon pou tout moun ki malad. Pou sa, Jezi
mande n’, menm jan li mande Nikodèm pou nou kwè nan li epi temwaye gwo mèvèy li
fè nan lavi nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, aprann nou
louvri men nou pou separe sa nou genyen avèk frè ak sè nou yo ki pa gen anyen.
PWOPOZISYON: Si m’ wè yon pwochen k’ap soufri bò kote m’, m’ p’ap
fè kòmsi m’ pa wè l’, m’ap ede l’ nan fason mwen kapab.
No hay comentarios:
Publicar un comentario