PREMYE LEKTI
“Pandan yo t’ap lapriyè, yo tout vin plen ak “Espri Sen an epi yo kòmanse
pale pawòl Bondye avèk asirans”.
NAN TRAVAY APOT YO 4, 23 -31
Jou sa yo:
Lè yo fin lage Pyè ak Jan, yo vin
jwenn disip yo; yo anonse yo tout sa gran prèt yo ak ansyen yo te di yo. Lè yo
tande sa, yo tout leve vwa yo kot Bondye, yo di: “Granmèt, se ou menm ki te fè
syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa k’ nan yo; ou menm ki te di David, sèvitè
w’ la, nan bouch papa nou yo pa lantremiz Espri Sen an: “Poukisa nasyon yo ap
boulvèse, pèp yo ap fè konplo pou granmesi? Wa yo sou tè a yo kanpe, chèf yo
rasanble fè yon sèl, kont Granmèt la ak kont Kris li a”. Reyèlman nan vil sa a
Ewòd ak Pons Pilat ak nasyon yo ak pèp Izrayèl la, yo rasanble kont Pitit ou
Jezi ki sen an, li menm ou te sakre a, pou yo fè sa men ou ak plan ou te regle
davans pou fèt la. Koulye a Granmèt, voye je sou menas yo, bay sèvitè w’ yo
favè pou yo pale pawòl ou a avèk tout asirans, antan ou lonje men ou fè gerizon
ak siy ak pwodij o non Pitit ou Jezi ki sen an”. Pandan yo t’ap lapriyè, kote
yo te rasanble a pran tranble, yo tout vin plen ak Espri Sen an, yo t’ap pale
pawòl Bondye a avèk asirans.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 2, 1-3. 4-6. 7-9
R/ Ala
kontantman pou tout moun ki met konfyans nan ou, Granmèt.
Poukisa nasyon yo ap boulvèse, pèp
yo ap fè plan pou bagay ki pa gen konsistans?
Wa yo sou tè a kanpe, chèf yo
rasanble fè yon sèl kont Granmèt la ak kont Kris li a:
“An nou kase chenn yo, an nou jete
jouk yo a sot sou nou”! R.
Sa a ki abite nan syèl la ap ri yo,
Granmèt la ap pase yo nan jwèt.
Lè sa a atò li pale ak yo nan kòlè
l’, nan move san l’, li boulvèse yo:
“Se mwen menm ki enstale wa m’ nan
sou Siyon, mòn mwen ki sen an”! R.
M’ap anonse desizyon l’ nan: Granmèt
la di m’:
“Se pitit mwen ou ye, se mwen menm
jodi a ki anfante w’.
Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm
eritaj ou, pwopriyete ou se limit tè a.
W’ap kòmande yo ak yon bagèt an fè,
tankou veso ki fèt ak tè, w’ap kraze yo”.R.
LEVANJIL
“Si yon moun pa refèt nan dlo a ak Espri a, li pa kapab wè peyi wa
Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3, 1-8
Te gen yon mesye nan pami Farizyen
yo, yo te rele Nikodèm, yon chèf Juif yo. Li vin kot Jezi nannuit, li di l:
“Rabi, nou konnen ou vin sot kot Bondye kòm mèt; pèsòn reyèlman pa kapab fè siy
sa yo w’ap fè a, si Bondye pa avèk li”. Jezi reponn, li di l’: “Amèn, amèn mwen
di ou, si yon moun pa refèt ankò, li pa kapab wè peyi wa Bondye a”. Nikodèm di
l’: “Kijan yon moun kapab fè fèt, lè l’ fin vye? Èske li
kapab antre ankò nan vant manman l’ pou refèt”. Jezi reponn: “Amèn, amèn mwen
di ou, si yon moun pa refèt sot nan dlo ak Espri Sen an, li pa kapab antre nan
peyi wa Bondye a. Sa k’ fèt sot nan chè a, se chè li ye, sa k’ fèt sot nan
Espri a, se espri li ye. Pa sezi poutèt mwen di ou: Nou gen pou nou fèt ankò”.
E spri a soufle kote l’ vle, ou tande vwa
l’, men ou pa konnen kote l’ sòti oubyen kote l’a prale; se konsa tout moun ki
fèt sot nan Espri a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Nan tan Pak
la, nou selebre viktwa lavi ranpòte sou lanmò. Jezi leve
vivan, se sa nou rele Rezireksyon an. Nan fèt Pak sa a nou jwenn lavi nan
Jezikri ki mouri e ki resisite byen vivan soti pami mò yo. Li kraze lanmò pa
nou, li ba nou fòs, li ba nou lespwa.
Premye lekti a pale nou sou
sitiyasyon Pyè ak Jan, kòman nan yon moman difisil, yo te nan prizon poutèt
predikasyon Levanjil Jezikri a. Lè mesye yo lage, yo retounen jwenn
lòt disip yo, lè yo rakonte yo sa ki te pase, sa yo te wè ak sa yo te tande, yo
kòmanse priye, yo te si tèlman priye ak lafwa kay kote yo te ye a pran tranble.
Sa vle di, mesye apot Jezi yo te resevwa fòs Lespri Jezi a, yo te gen
kouraj sipòte tout pèsekisyon pou non Jezi. Se sou menm
liy sa a Levanjil jodi a ye.
Levanjil la pale nou de yon moun yo
rele Nikodèm. Nikodèm se yon mesye ki te fè pati ansyen yo nan peyi Galile, se
pou sa li te tann lannuit pou l’ ale kot Jezi paske ansyen yo te kont Jezi. Li
te vle pale ak Jezi paske li te santi Jezi ap pale verite; li menm rele l’ mèt,
li te rekonèt nan li moun Bondye voye nan lachè a.
Yon bagay ki enpòtan nan ansèyman
Jezi bay Nikodèm, se menm li menm nan li ba nou jounen jodi a: “Amèn, amèn mwen di ou, si yon moun pa refèt
sot nan dlo ak Espri Sen an, li pa kapab antre nan peyi wa Bondye a. Sa k’ fèt sot nan chè a, se chè li ye, sa k’
fèt sot nan Espri a, se espri li ye”.
Pawòl sa a Jezi ba nou an pèmèt nou
antre nan lespri rezireksyon an. Se sa nou abitye chante nan seremoni batèm nou
yo : Mwen batize nan lanmò ak nan leve Jezikri, mwen batize nan lafwa
pou mwen fòme Legliz Kris la, mwen batize nan Legliz pou m’ sèvi Jezi temwen,
mwen batize nan renmen pou m’ sove tè a. Se nan rezireksyon Jezi a nou tounen
fèt nan Lespri Bondye a, nan renmen Papa ak Pitit la.
LAPRIYÈ:Granmèt, mèsi anpil pou mouri ou mouri e ou leve byen vivan sòti
pami mò yo dekwa pou n’ ka jwenn lavi ki p’ap janm fini an. Fè nou aprann
konnen kijan ou vle nou aji pou n’ rive jwenn wayòm syèl la. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap chèche
viv yon fason ki konfòm ak volonte Bondye pou m’ pa pèdi gras batèm mwen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario