Fèt
Koulè Wouj
PREMYE LEKTI
“Mak, pitit mwen an, salye nou”
NAN PREMYE
LÈT APOT PYÈ KI SEN 5, 5b-14
Nou menm
mwen renmen anpil la:
Nou tout, se
pou nou konsidere nou pi ba pase lòt yo paske Bondye reziste moun k’ap leve tèt
yo, se sa k’ rabese tèt yo li bay gras la. Konsa se pou nou rabese tèt nou anba
men Bondye ki gen pouvwa, pou l’ leve nou nan tan vizit la, renmèt li tout tèt
chaje nou, paske se li menm k’ap okipe nou.
Se pou nou
kontwole tandans nou, pou nou veye, paske dyab la ki ènmi nou an, li tankou yon
lyon k’ap rele, l’ap fè laviwonn, antan l’ap chèche moun pou l’ devore; se pou
nou reziste l’ avèk fòs nan lafwa, antan nou konnen se menm soufrans la frè nou
yo ki sou tout tè a ap sibi. Bondye tout gras la, li menm ki rele nou nan glwa
tout tan l’ nan nan Jezikri, se li menm k’ap fè nou fin bon nèt, aprè nou fin
soufri yon ti kras, l’ap asire nou, l’ap rann nou solid. Konpliman ak otorite pou li pou tout tan gin
tan. Amèn.
Pa
lentèmedyè Silven mwen konsedere kòm yon frè ki fidèl, mwen ekri yon ti mo tou
kout, mwen ankouraje nou, mwen asire nou, sa a se vre gras Bondye a, kote nou
ye a.
Legliz la ki
rasanble Babilòn nan salye nou, ni Mak, pitit mwen an. Se pou nou youn salye lòt nan yon bo ki sen.
Gras pou nou
tout ki nan Jezikri. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88, 2-3. 6-7. 16-17
R/ Mizerikòd
ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mizerikòd
Granmèt la se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse
verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen
di: “Se pou tout tan mizerikòd la bati”, nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Syèl yo ap
fè lwanj pou mèvèy ou, Granmèt, ni verite w’ la nan Legliz sen yo. Paske kilès
nan nyaj yo ki egal ak Granmèt la, k’ap sanble ak Granmèt la nan pitit Bondye
yo? R.
Ala
kontantman pou pèp la ki konn fè konpliman; Granmèt, nan limyè fas ou y’ap
mache,
o non ou
y’ap fete tout lajounen, nan jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
LEVANJIL
“Preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 16, 15-20
Lè sa a:
Jezi parèt devan onz yo, li di yo:
“Ale sou
tout tè a, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati. Moun k’ap kwè epi k’ap batize, l’ap sove; men
moun ki pa kwè, l’ap kondane.
Men siy pou
moun k’ap kwè yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap pran
sèpan; menm si yo bwè pwazon, sa p’ap fè yo anyen; y’ap poze men sou malad yo,
malad yo ap geri.”
Granmèt
Jezi, lè l’ fin di yo sa, li monte nan syèl la, li chita adwat Bondye.
Yo menm menm
yo pati, y’ap preche tout kote, pandan Granmèt la ap ba yo konkou, ap asire
pawòl yo ak siy l’ap fè rive.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan Bib la, gen Ansyen Kontra a (tout sa k’ te
pase avan Jezi) ak Nouvo Kontra a (kote nou jwenn tout sa ki gen pou wè ak
Jezi, ak premye disip li yo). Poto mitan
Nouvo Kontra a se Levanjil la, ki se istwa lavi Jezi, ak jan l’ mouri epi li
leve byen vivan. Epi istwa sa a, yo ekri
l’ kat fwa, nan kat vèsyon diferan, daprè kat temwen ki sòti nan gwoup douz
apot Jezi yo. Kat temwayaj sou lavi Jezi, se yo ki rele liv Evanjil yo nou
jwenn anndan Bib la, nan pati Nouvo Kontra a. Liv yo ekri nan lang grèk la, epi
nan lang sa a, mo « Evanjil » vle di « Bòn Nouvèl ». Gen
yon liv Bòn Nouvèl ki ekri daprè temwayaj Matye, gen sa k’ ekri daprè Mak, lè
fini gen youn daprè Lik ak yon lòt ankò, daprè Jan.Se gras a liv sa yo, Pawòl
la pa t’ pèdi lè temwen yo te mouri, okontrè li tonbe jis kote l’ jwenn nou,
menm de mil ane aprè evènman yo te fin pase, nan yon peyi ki byen lwen ak peyi
kote Jezi te viv. Ayibobo pou Matye, Mak, Lik ak Jan !
Jodi a se fèt Mak ki Sen. Sa vle di n’ap sonje
Mak, youn nan douz zanmi Jezi te chwazi kòm apòt li, ak youn nan kat temwen ki
te ekri istwa lavi Jezi, pou Bòn Nouvèl la te ka gaye toupatou ak pou tout tan.
Nan moso Levanjil daprè Mak nou li jodi a, nou kapab wè ki chanjman Bòn Nouvèl
la reyalize nan lavi yon moun, depi l’ kwè nan Pawòl la. Depi yon moun aksepte
Jezi nan kè l’, pa gen yon fòs ki pi fò pase l’, pa gen yon maladi ki ka fè l’
febli, pa gen yon rèv li pa ka reyalize.
Premye moso Labib nou li jodi a enpòtan
tou. Lèt Sen Pyè ekri a fè n’ sonje ke
tout sa nou jwenn onon Jezi, se pa pou nou vante tèt nou pou sa, men se pou nou
sèvi avè l’ pou nou youn sèvi lòt.
LAPRIYÈ :
Mèsi, Jezi, pou tout sa ou reyalize nan
lavi m’ak fòs Pawòl ou a !
PWOPOZISYON : Piti piti pandan ane sa a, m’ap li liv Bòn Nouvèl Mak te ekri a, sòti
nan chapit 1, rive nan dènye vèsè dènye chapit la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario