Páginas

JEDI 26-4-2018

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Nan ras David Bondye fè Jezi sòti kòm Sovè".
LEKTI TRAVAY APOT YO 13, 13 -25
Pòl ak moun ki te avèk li yo fè vwal sot Pafòs, yo rive Pèje nan Panfili. Jan menm kite yo, li tounen Jerizalèm.
Yo travèse Pèje, yo rive Antyòch Pisidi; yo antre nan sinagòg la jou saba a yo chita. Apre lekti lalwa ak pwofèt yo, chèf kay reyinyon yo voye kote yo, yo di: "Mesye frè yo, si nou gen yon pawòl ankourajman pou pèp la, di li".
Pòl menm leve, li lonje men l’ pou l’ mande silans, li di:
"Mesye Izrayelit yo, epi nou menm ki krenn Bondye, koute. Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo, li leve pèp la, lè yo te etranje nan Ejip, li leve bra l’ byen wo pou l’ fè yo sòti nan peyi a, pandan karantan li sipòte konduit yo nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaan an, li separe tè yo ba yo kòm eritaj, anviwon apre katsansenkant an; aprè sa li bay jij jouska pwofèt Samyèl.
Aprè sa yo mande yon wa; Bondye ba yo Sayil, pitit Sis, yon mesye nan ras Benjamen, pandan karant an. Aprè sa, li wete l’, li fè David kanpe pou yo kòm wa, li rann li temwayaj, li di: «Mwen jwenn David, pitit Jese a, yon mesye daprè kè m’, k’ap fè tout volonte m’ yo».
Se nan ras li, daprè pwomès la, Bondye fè Jezi leve kòm sovè pou Izrayèl, anvan l’ te rive a, Jan te preche yon batèm penitans pou tout pèp Izrayèl la. Lè Jan t’ap rive nan bout chemen l’ li t’ap di: «Sa a nou panse mwen ye a, se pa sa mwen ye; men l’ap vini aprè m’, sa a mwen pa merite pou m’ défèt lasèt sapat li-a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88, 2-3. 21-22. 25 e 27
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mizerikòd Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen.
Sèke mwen te di: "Pou tout tan mizerikòd la bati", nan syèl la ou asire verite ou la.R.
Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’.
Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ap ba li fòs. R.
Verite m’ ak mizerikòd mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li.
Li menm l’ap rele m’: "Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen.R.
LEVANJIL
"Moun ki resevwa sa a mwen voye a, se mwen menm li resevwa".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 13, 16-20
Aprè Jezi fin lave pye disip li yo, li di yo:
"Amèn, amèn, mwen di nou, sèvitè a pa pi gran pase mèt li, apot la tou pa pi gran pase sa a ki voye l’ la. Si nou konn sa, ala kontantman pou nou si nou fè bagay sa yo.
Se pa osijè nou tout m’ap pale; mwen konnen sa yo mwen chwazi a; men se pou sa k’ ekri a kapab reyalize: «Sa a k’ap manje pen an avèk mwen an, l’ap leve talon l’ kont mwen». Mwen di nou sa davans anvan sa rive, pou, lè sa rive, nou kwè [mwen menm mwen ekziste] [mwen menm menm se mwen].
Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki resevwa sa a mwen voye a, se mwen menm li resevwa; moun ki resevwa m’, li resevwa sa a ki voye m’ nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Litiji Pawòl Bondye a envite nou sonje yon gwo jès Jezi te poze lavèy li ta pral mouri a: Jezi lave pye disip li yo (cf. Jan 13,12). Nan pèspektiv Pak la, jès sa gen yon gran valè ki toujou la. Nou ka reflechi sou twa lide sa yo:
Premyèman, nou dekouvri kijan moun nan se li menm ki santral. Se li ke yo dwe konsidere avan tout bagay. Nan sosyete nou an nou ta di se sou sa nou fè yo mezire valè nou. Alò, li fasil pou yo trete yon moun kòm yon enstriman; anpil fwa moun itilize lòt. Levanjil jodi a ankouraje pou nou fè dinamik sa a tounen yon dinamik sèvis: lòt la p’ap janm yon enstriman sèlman. Kidonk, sa ki enpòtan, se viv yon espirityalite kominyon, kote lòt la «vin yon moun nan lavi mwen», yon «kado ke yo fè mwen» e mwen dwe ba li plas li merite. (Jan Pòl II).  Èske nou atantif ak lòt yo? Èske nou koute yo lè yo pale ak nou?
Nan yon sosyete imaj ak kominikasyon tankou sa nou ye jodi a, nou pa kapab sèlman pale de yon mesaj ki dwe transmèt, men se yon devwa ki dwe ranpli chak jou: « Ala kontantman pou nou si nou fè bagay sa yo.» (Jan 13,17). Se poutèt rezon sa a Mèt la pa kontante li bay yon eksplikasyon sèlman: li enprime jès sèvis la nan memwa disip yo, pou Legliz la ka toujou sonje sa; se yon jès ki dwe repete toutan: nan fanmi yo nan sosyete a ak nan lavi chak moun.
Pou fini, yon kout rèl avètisman: «Sa a k’ap manje pen an avèk mwen an, l’ap leve talon l’ kont mwen» (Jan 13, 18). Nan Lekaristi a, Jezi ki leve byen vivan pami mò yo, li fè li tounen sèvitè, li lave pye nou. Men li pa sifi pou nou asiste fizikman. Nou dwe aprann de Lekaristi a e nou dwe puize tout fòs ki ladan li, pou sa ka tounen yon reyalite, lè nou resevwa kado lanmou an, nou mouri nan peche a e nou viv tout bon vre pou Bondye.
LAPRIYÈ: Bondye, ou refè nou pi byen pase jan nou te ye nan premye kòmansman an. Pou jan ou gen bon kè, ou ba nou yon sakreman ki si tèlman gran nou pa gen bouch pou nou pale. Sonje sa ou fè pou nou. Se ou menm ki refè nou selon sekrè plan ou. Nou vin tounen yon moun nouvo, ou ba nou gras ou, ou beni nou pou tout tan.Tanpri, prezève sa ou met nan nou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Menm jan ak Jezi, m’ap koube mwen byen ba pou mwen kapab sèvi lòt yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario