Páginas

VANDREDI 27-4-2018


Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Bondye reyalize pwomès la, antan l’ fè Jezi resisite".
LEKTI TRAVAY APOT YO 13, 26-33
Jou sa yo: Lè Pyè rive Antyòch Pisidi, li di nan sinagòg la: "Mesye frè m’ yo, pitit ras Abraam, epi nou menm ki krenn Bondye, se pou nou pawòl delivrans sa a yo voye l’. Sa yo ki te abite Jerizalèm yo, ni chèf li yo, yo pa rekonèt li, ni pawòl pwofèt yo yo konn li chak saba a, yo reyalize pawòl sa yo antan yo jije l’. Yo pa jwenn okenn koz lanmò nan li, yo mande Pilat pou yo touye l’. Lè yo fin reyalize tout sa k’ te ekri sou li, yo desann li sot sou bwa a, yo depoze l’ nan yon kavo. Men Bondye leve l’ sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a; li parèt pandan anpil jou devan sa yo ki te monte avèk li sot Galile a rive Jerizalèm nan, yo menm ki sèvi l’ temwen jous koulye a devan foul la. Nou menm nou anonse nou reyalize pwomès la yo te fè bay papa nou yo; Bondye reyalize l’ pou pitit nou yo antan l’ fè Jezi resiste, jan sa ekri nan sòm dezyèm nan: "Ou se Pitit mwen; jodi a mwen anfante ou".
Pawòl Granmèt.
SÒM REPONS 2. 6-7. 8-9. 10-11 (r.: 7)
R/ Se Pitit mwen ou ye: Jodi a mwen anfante ou.
"Mwen enstale wa m’ nan sou Siyon, mòn mwen an ki sen an"!
M’ap anonse desizyon l’ nan.
Granmèt la di m’: "Se Pitit mwen ou ye,
se mwen menm jodi a ki anfante ou.R.
"Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou,
Posesyon ou, se limit tè a.
W’ap kòmande yo ak yon bagèt an fè,
tankou veso ki fèt ak tè, w’ap kraze yo".R.
Koulye a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a.
Sèvi Granmèt la ak krent, fete devan l’ avèk sezisman.R.
LEVANJIL
"Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ JAN KI SEN 14, 1-6
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Pa kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou. Nan kay Papa m’ nan gen anpil kote pou rete. Otreman mwen t’a di nou, paske m’aprale pare yon plas pou nou. Lè m’a fin al prepare plas la pou nou an, m’a tounen vin pran nou avèk mwen, konsa, kote m’ap ye a, se la n’a ye tou. Epi kote m’aprale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen an". Toma di l’: "Granmèt, nou pa konnen kote ou aprale; kòman nou kapab fè konnen chemen an"? Jezi di l’: "Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa lantremiz mwen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: "Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa lantremiz mwen".
Jodi a, katriyèm vandredi nan tan Pak la, Jezi envite nou pran yon ti repo. Trankilite ak lajwa ap koule bò yon rivyè lapè, sòti nan Granmèt la ki leve byen vivan pou rive nan kè pa nou ki boulvèse, ki twouble.
Tan nou yo, se tan boulvès, tan kontrent. Se tan kote Papa manti a enfekte entelijans lèzòm antan li fè yo konfonn byen ak mal, e mal ak byen, antan li fè yo pran limyè pou fènwa e fènwa pou limyè, epi antan li simen dout nan nanm yo kif è yo pèdi tout espwa sou tout sa mond la pa kapab ofri yo.
Fwi manifestasyon dyabolik la se yon bagay ki parèt byen klè: moun yo pa sèlman bliye chemen Bondye, men yo pèdi Chemen an.
N’ap viv nan yon mond lagè,  tout kalite vyolans, yon mond ki plen moun egoyis fas ak lavi (metòd ki anpeche fanm fè pititi, avòtman, gen moun ki chwazi mouri tou ak pwòp volonte pa li pou yon rezon oubyen pou yon lòt…)
Nan sitiyasyon sa menm, Jezi ki se Prens Lapè a, li vin reafime lèzòm  bòn volonte dousè  li a ki san limit la: «Pa kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou» (Jan 14, 1). Antan li adwat Papa a, pi gwo rèv li se wè nou rive bò kote l’, «konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou» (Jn 14,3).
Nou pa kapab chèche eskiz tankou Toma. Paske nou menm nou konnen chemen an byen. Granmesi lagras Bondye nou konnen wout ki mennen bò kote Papa a, kote ki gen anpil kote pou rete. Nan syèl la gen yon plas ki pare ap tann nou, e l’ap rete vid si nou pa okipe li. An nou apwoche san laperèz avèk konfyans bò kote Sila ki se sèl Chemen an, Verite a ak Lavi nèt ale.
LAPRIYЀ: Bondye, ou menm ki lotè libète nou ak delivrans nou, koute vwa sa yo k’ap lapriyè ou la, yo menm ou delivre nan san Pitit ou a ki vide a, fè yo rive viv gras a ou, pou yo jwi sante tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap analize jodi a kisa ki fè kè mwen twouble, kisa ki boulvèse lavi mwen. M’ap mete tout konfyans mwen nan Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario