Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Men nou vire nan direksyon nasyon
yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 13, 44-52
Nan saba ki suiv la, prèske tout vil
la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè Juif yo wè foul yo, yo plen ak raj,
yo atake sa Pòl t’ap di yo antan y’ap blasfeme. Pòl ak Banabe menm kenbe fèm,
yo di: “Se nou menm ki te gen pou nou pale pawòl Bondye a an premye; men kòm
nou repouse l’, nou montre nou pa merite lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap
vire nan direksyon nasyon yo. Se konsa Granmèt la te pase nou lòd: “Mwen mete
ou kòm limyè nasyon yo, pou w’ sèvi delivrans jous nan bout tè a”. Lè nasyon yo
tande sa, yo kontan, yo fè lwanj pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te
rezève pou lavi ki p’ap janm fini an, yo kwè. Pawòl
Granmèt la menm t’ap simen nan tout rejyon an. Juif yo menm
rasanble medam relijye yo ak medam lasosyete a, ak chèf vil yo, yo monte pèsekisyon
kont Pòl ak Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo. Men yo menm, yo souke
pousyè pye yo, yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Lespri Sen.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd4
R/ Tout limit
tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt
la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki
sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li
devwale jistis li a.
Li sonje kè sansib li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans
Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a,
eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè
konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
“Moun ki wè m’, li wè Papa a tou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 14, 7-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si nou te konnen m’, nou ta konnen
Papa m’ tou; koulye a nou deja konnen l’, nou wè l”.
Filip di l’: “Granmèt, montre nou
Papa a, sa kont nou”.
Jezi di l: “Depi tout tan sa a mwen
avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kòman ou fè
di: “Montre nou Papa a”? Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl
yo, sa mwen deklare nou yo, se pa ak pwòp fòs mwen mwen deklare yo. Papa a ki
rete nan mwen an, se li menm ki fè aksyon yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a epi
Papa a nan mwen? O mwen poutèt aksyon yo, se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki kwè
nan mwen, aksyon mwen fè yo, li menm tou l’ap fè yo, epi l’ap fè bagay ki pi
gran ankò pase sa yo. Paske mwen menm m’a prale kay Papa a. Nenpòt ki sa nou
mande Papa a o non m’, m’ap fè l’ pou Papa a jwenn bèlte l’ nan Pitit la. Si
nou mande m’ kichòy o non m’, m’ap fè l”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kè kontan Pak la
toujou ap debòde nan kè nou! Lekti pawòl Bondye pou jodi a ap raple nou nou
genyen vokasyon pou nou pote Levanjil kè kontan an bay sila yo ki poko konnen
li, sila yo ki tris, ki nan lapenn. Nan premye lekti a Pòl ak Banabe fè kè
etranje yo kontan, epi etranje sa yo pran fè lwanj ak konpliman pou Bondye
paske yo santi yo menm tou yo pa etranje, men yo se pitit Bondye menm jan ak
tout moun, yo se moun ki jwenn gras pou yo kapab rive goute delivrans Granmèt
la.
Genyen
anpil kote moun yo swaf tande pawòl Bondye a, yo swaf renmen Bondye a, yo swaf
delivrans Granmèt la. Kidonk nou pa kapab rete endiferan, nou pa kapab kwaze
bra nou, nou genyen gwo misyon pou nou pwopaje bòn nouvèl liberasyon an pou
kase chenn solitid sila yo ke sosyete mete sou kote, pou kraze tout vis sila yo
k’ap fimen dwòg, sila yo ki pèdi tèt yo nan bwè alkòl, moun ki ap viv nan tout
kalite delenkans, elatriye.
An
nou mande Bondye gras pou nou ka fè yon vrè konvèsyon espirityèl, yon vrè
rankont ak Sila k’ap pouse nou renmen frè nou yo san kondisyon, pou nou kapab
renouvle nou sou pa anndan antan n’ap anonse yon lespwa tou nèf, pa sèlman ak
pawòl men tou atravè tout ti jès n’ap poze ki pèmèt lavi boujonnen.
LAPRIYÈ: Granmèt, kè kontan ou ba nou an, ede nou
kominike li bay lòt yo, sitou sila yo ki plis bezwen sa, nan fason n’ap viv.
PWOPZISYON: Fè kè ou kontan, paske
Jezi vivan!
No hay comentarios:
Publicar un comentario