SENKYÈM DIMANCH PAK, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Li rakonte yo kijan li te wè Granmèt la sou wout la".
LEKTI TRAVAY
APOT YO 9, 26-31
Jou sa yo:
Lè Sòl rive Jerizalèm, li t’ap eseye
al jwenn disip yo, men tout moun te pè l’, yo pa t’ kwè li te vin tounen yon
disip.
Banabe menm pran l’, li mennen l’
bay Apot yo, li rakonte yo kijan l’ te wè Granmèt la, epi li di yo Granmèt la
pale avèk li, li aprann yo kijan li te aji avèk asirans nan Damas o non Jezi.
Sòl vin ret avèk yo, li antre-sòti Jerizalèm ansanm avèk yo, l’ap aji avèk
asirans o non Granmèt la. Li t’ap pale tou avèk pèp deyò yo, l’ap fè diskisyon
avèk Grèk yo; sa yo menm t’ap chèche touye l’. Lè frè yo vin konn sa, yo mennen
l’ Sezare, yo voye l’ Tas.
Legliz la te gen lapè nan tout Jide
a ak Galile a ak Samari a; li t’ap devlope antan l’ap mache nan krent Granmèt
la, epi li te plen ak konsolasyon Lespri Sen an.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 21, 26b-27. 28 e 30. 31-32 (r.: 26a)
R/ Lwanj mwen
kote ou, Granmèt, nan foul fidèl yo.
M’ap regle sa m’ te pwomèt yo devan
moun ki krenn li yo.
Se pou pòv yo manje, se pou yo gen
vant plen,
Y’ap fè lwanj Granmèt la, sa yo k’ap
chèche l’ yo.
"Se pou kè yo viv pou tout tan
gen tan".R.
Y’ap sonje, y’ap tounen kot Granmèt
la tout limit tè a,
Y’ap adore devan l’ tout fanmi
nasyon yo.
Paske rèy nan se pou Granmèt la,
l’ap kòmande nasyon yo.
Se li menm sèl y’ap adore, tout sa
k’ap dòmi nan tè a.R.
Nam mwen ap viv pou li, ras mwen ap
sèvi l’.
Y’ap pale sou Granmèt la bay
jenerasyon k’ap vini an,
Y’ap anonse jistis li a bay pèp la
k’ap fèt la:
"Se bagay yo Granmèt la te
fè".R.
DEZYÈM LEKTI
"Men kòmandman l’: se pou nou kwè, pou nou renmen".
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 18-24
Ti pitit mwen yo, se pa nan pawòl ak
lang pou nou renmen, men se nan aksyon ak verite. Konsa nou konnen se nan
verite a nou ye, epi devan l’ n’a asire kè nou, si kè nou fè nou repwòch,
Bondye pi gran pase kè nou, li konn tout bagay.
Nou menm mwen renmen anpil la, si kè
nou pa fè nou repwòch, nou gen asirans kot Bondye; nenpòt sa nou mande, n’ap
resevwa l’ nan men l’, paske nou kenbe kòmandman l’ yo, epi nou fè sa k’ fè l’
plezi devan l’.
Men kòmandman l’, se pou nou kwè o
non Pitit li a Jezikri, epi pou nou youn renmen lòt, jan l’ te pase nou lòd la.
Moun ki kenbe kòmandman l’ yo, li ret nan li epi li menm tou li ret nan moun sa
a; se konsa nou konnen li rete nan nou, se gras a Lespri a li ba nou an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Moun ki ret nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a donnen anpil
fwi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 15, 1-8
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen se vre pye rezen an, Papa
m’ se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa donnen fwi, l’ap wete l’; tout
branch ki donnen fwi, l’ap netwaye l’ pou l’ donnen plis fwi. Nou menm nou deja
pwòp gras a pawòl la mwen te pale nou an. Se pou nou ret nan mwen, epi mwen
menm nan nou. Menm jan branch la pa kapab donnen fwi pou kont li a, si l’ pa
ret nan pye rezen an, konsa tou nou menm non plis, si nou pa rete nan mwen.
Mwen se pye rezen an, nou se branch
yo; moun ki ret nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a donnen anpil, paske
san mwen menm nou pa kapab fè anyen. Si yon moun pa ret nan mwen, y’ap jete l’
deyò tankou branch la, l’ap seche, y’ap ranmase l’, y’ap jete l’ nan dife, l’ap
brile. Si nou ret nan mwen, epi pawòl mwen yo rete nan nou, tout sa nou vle,
nou mèt mande l’, l’ap rive pou nou. Se nan sa Papa m’ jwenn glwa li, pou nou
donnen anpil fwi pou nou vin disip mwen".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a,
nou wè kòman Sòl kòmanse entegre li
nan kominote kretyèn nan yon fason trè aktif. Jan nou konnen, Sòl pral chanje
non li pi devan, se li menm ki pral tounen Sen Pòl. Pòl pral youn nan pi gwo
sen, li pral fòme plizyè kominote epi li pral ekri yon bann lèt pou yo. Nou jwenn lèt sa yo
nan Bib la. Men nan lekti jodi a la, li poko fè pyès anyen nan mèvèy sa yo. Li
poko Pòl, li toujou Sòl. E avan l’ te konvèti, Sòl te youn nan pi gwo pechè tou,
paske li te konn pèsekite kretyen yo.
Jan nou ka imajine, lè Sòl te di kretyen yo ke li te
vle antre nan kominote a, yo te krenn li.
Yo pa t’ fè l’ konfyans, paske l’ te konn mache ak moun ki t’ap touye
kretyen yo. Kòman li te fè pwouve si l’ te konvèti vrèman? Kòman nou menm menm,
nou ka konnen si yon moun se moun de byen tout bon?
Dezyèm lekti a ba nou yon bèl repons pou kesyon sa yo.
Nou kapab rezime lekti a, ki sòti nan premye lèt Sen Jan, ak yon pwovèb: “Nèg mande wè”. Sa vle di, pou yon moun
pwouve si l’ renmen ou tout bon, se pa ak pawòl nan bouch pou l’ di w’ sa. Pou renmen yon kretyen
valab, fòk se yon renmen k’ap aji.
Se sa Jezi ap di tou nan Levanjil la. Lè l’ di pou nou
donnen fwi, sa vle di, pou nou viv yon jan k’ap bay rezilta. Pou nou viv yon
jan, nou pa bezwen di anyen, moun yo gen tan konnen kiyès nou ye.
Aprè sa tou, Jezi di konsa, pou nou donnen fwi, fò n’
rete nan rasin pye rezen an, ki se li menm. Se poutèt sa nou bezwen lapriyè ak
patisipe nan lamès tout tan. Se poutèt sa nou dwe li Pawòl Granmèt la nan Bib
la chak jou. Paske nou pa kapab pou kont nou. Pou nou kenbe nan chemen dwat la,
se ak gras li, se ak benediksyon Bondye n’ap kapab fè sa.
LAPRIYE: Ede m’ rete
nan ou, Papa Bondye, pou ou toujou rete nan mwen tou! Amèn.
PWOPOZISYON: Olye m’
pale de mwen menm, m’ap fè vwazinay ak manm Legliz mwen yo wè kiyès mwen ye, ak
yon renmen k’ap aji.
No hay comentarios:
Publicar un comentario