Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Nou anonse nou kite bagay sa yo ki pa vo anyen an, pou nou vire kot
Bondye vivan an”.
NAN TRAVAY APOT YO 14, 5-17
Jou sa yo:
Kòm foul payen Ikonyòm yo ak Juif yo
te rasanble ansanm ak chèf yo, pou yo maltrete Pòl ak Banabe, pou yo touye yo
ak kout wòch, lè yo vin konn sa, yo sove kò yo nan vil Likawòni yo: List ak Dèb
ak tout rejyon alantou yo; yo t’ap anonse bòn nouvèl la.
Lis, te gen yon mesye ki te chita
la, li te enfim nan pye, depi l’ nan vant manman l’ li te enfim, li pa t’ janm
mache. Li tande Pòl k’ap pale. Pòl gade l’ byen, li wè li te gen lafwa pou l’
sove, li di byen fò: “Leve sou pye ou byen dwat”. Li vòltije, li pran mache.
Lè foul yo wè sa Pòl te fè, yo te
leve vwa yo, yo di nan langaj likawonyen: “Se dye yo, ki pran fòm moun, ki
desann kote nou”. Yo rele Banabe Zès, yo rele Pòl Mèki, paske se li menm ki te
chèf pawòl la. Prèt Zès la, ki te devan lavil la, li mennen towo ak kouwòn
devan pòt yo, ansanm ak pèp yo, li te vle ofri sakrifis.
Lè apot yo Banabe ak Pòl tande sa,
yo chire rad yo, yo vòltije nan foul yo, yo rele byen fò, yo di: “Mesye, ki sa
n’ap fè la a? Nou menm tou, se moun k’ap mouri nou ye, menm jan avèk nou, se
moun k’ap anonse nou pou nou kite bagay sa yo ki pa anyen an, pou nou vire nan
direksyon Bondye vivan an, ki fè syèl la ak tè a ak lanmè a ak tout sa k’ nan
yo; li menm ki te kite tout nasyon yo mache nan chemen yo nan jenerasyon ki
pase yo. Men li pa t’ kite pwòp tèt li san temwayaj, antan li fè dibyen sot nan
syèl la, li bay lapli ak sezon ki donnen fwi, li plen kè nou ak manje, ak
kontantman”. Malgre bagay sa yo di a, se apèn si yo rive kalme foul yo, pou yo
pa ofri sakrifis pou yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 113 b, 1-2. 3-4. 15-16
R/ Se pa nou
menm, Granmèt, men se non ou pou w’ bay bèlte a.
Se pa nou menm, Granmèt, se pa nou
menm, men se non ou pou w’ bay bèlte a,
anlè kè sansib ou ak verite w’ la,
poukisa pou nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a”? R.
Bondye nou an nan syèl la, tout sa
l’ vle, li fè l’.
Zidòl payen yo se lajan ak lò,
travay men lèzòm.R.
Benediksyon pou nou sot nan Granmèt
la, li menm ki fè syèl la ak tè a.
Syèl yo, syèl yo se pou Granmèt la,
tè a menm, li bay pitit lèzòm yo li.R.
LEVANJIL
“Avoka a Papa a ap voye a, l’ap aprann nou tout bagay”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 14, 21-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Moun ki gen kòmandman m’ yo epi ki
kenbe yo, se li menm ki renmen m’. Moun ki renmen m’ nan menm, Papa m’ ap
renmen l’ tou; mwen menm tou m’ap renmen l’, m’ap fè l’ wè m”. Jid di l’, se pa
Iskaryòt la: “Granmèt, pou ki rezon se nou menm w’ap fè wè w’, se pa tè a”?
Jezi pran lapawòl, li di l’: “Si yon moun renmen m’, l’ap kenbe pawòl mwen,
Papa m’ap renmen l’, n’ap vin jwenn li, n’ap abite lakay li. Moun ki pa renmen
m’, li pa kenbe pawòl mwen yo. Pawòl la nou tande a, se pa nan mwen li sòti,
men se nan sila a ki voye m’ nan, Papa a”. Mwen di nou bagay sa yo, pandan m’
ret avèk nou toujou. Avoka a menm, Lespri Sen an, sa Papa a ap voye o non m’
nan, se li menm k’ap aprann nou tout bagay, l’ap soufle nou tout sa m’ te di nou
yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Kòmandman Bondye yo se garanti chemen ki pou
mennen nou nan syèl la. Se sa k’ fè dyalòg sa Jezi t’ap fè ansam ak Jid la, jan
levanjil sen Jan eksplike nou an, se te dènye repons Jezi t’ap bay Jid.
Nan repons sa gen anpil bon lansèyman
k’ap itil nou pou nou kapab avanse nan Legliz la. Jezi fè nou konnen "moun ki gen kòmandman l’ yo epi ki kenbe yo,
se yo menm ki renmen l’, e moun ki renmen l’, papa l’ va renmen l’ tou".
E li pale nou sou kòmandman ki di kijan n’ dwe renmen youn ak lòt la, li montre
n’ kijan nou dwe renmen nan ekzanp li bay ak pwòp lavi pa li, antan li bese, li
koube li byen ba pou li lave pye zanmi li yo. Se konsa Bondye papa a ap pran
plas nan lavi nou ; chak moun dwe koute sa kòmandman Bondye a di ; sa
vle di yo dwe fè tout jefò li kapab pou li mete li an pratik. Li enpòtan pou
nou konnen kijan nou kapab aplike yo nan lavi nou. Moun ki kapab swiv tout sa
Bondye mande yo, se li menm k’ap eritye wayòm syèl la, ki se wayòm Papa ak
Pitit la ak Lespri Sen an rezève pou nou an.
LAPRIYÈ : Bondye tanpri, aprann nou obeyi lòd ou yo, pa janm pèmèt nou
vire do ba ou.
PWOPOZISYON: Ann aprann viv
selon lalwa Bondye pou nou kapab dwat sou fas tè a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario