Koulè Blan
JOZÈF KI SEN, Travayè
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Plen tè a, mete l’ anba lòd nou".
NAN LIV LAJENÈZ 1, 26 - 2, 3
Bondye di: "An nou fè moun nan sou
pòtre nou ak resanblans nou; se pou l’ kòmande sou pwason lanmè yo ak zwazo
syèl yo ak tout bèt tè a ak tout sa k’ap glise atè, ki gen mouvman sou tè
a".
Bondye kreye moun nan sou pòtre l’; sou
pòtre Bondye li kreye l’; gason ak fi li kreye yo.
Bondye beni yo, li di: "Devlope,
vin anpil, plen tè a, mete l’ anba lòd nou; se pou nou kòmande sou pwason lanmè
a ak zwazo syèl la, ak tout bèt vivan, ki gen mouvman sou tè a".
Bondye di: "Men mwen ba nou tout
zèb ki pote semans sou tè a ak tout kalite pye bwa ki gen semans ras yo nan yo,
pou yo sèvi nou kòm manje, ni pou tout bèt vivan sou tè a, ni pou tout sa ki an
mouvman sou tè a, ki gen lavi nan yo, pou yo kapab jwenn manje".
Sa fèt konsa. Bondye wè tout sa l’
te fè yo, yo te bon anpil. Vin gen yon aswè ak yon maten,
sizyèm jou. Konsa syèl la ak tè a
reyalize, ak tout dekorasyon yo.
Setyèm jou a Bondye konplete travay
li a li te fè a, li repoze setyèm jou a pou travay li te fè yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 2. 3-4. 12-13. 14 e 16
R/ Asire travay men nou, Granmèt.
Anvan mòn yo fèt, oubyen tè a ak fas
tè a pran nesans, depi tout tan ak pou tout tan ou se Bondye.R.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè; ou
di: "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je ou, se tankou
jou yè a ki pase, ak tan yon santinèl fè pòs nan nuit.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou
kondui kè nou nan sajès.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Padonnen
sèvitè ou yo.R.
Plen nou ak kè sansib ou a depi nan
maten, n’a fete, n’a jui pandan tout tan n’ap viv.
Se pou travay ou a parèt sou sèvitè
ou yo, ak glwa ou sou pitit yo.R.
LEVANJIL
"Èske sa a se pa pitit bòs chapant la"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 13, 54-58
Lè sa a:
Jezi rive nan peyi l’, li t’ap bay
ansèyman nan sinagòg yo, atèl pwen yo te sezi, yo t’ap di: "Kote l’ jwenn sajès sa a ak pouvwa sa
yo? Èske sa a se pa pitit bòs chapant la?
Èske manman l’ pa rele Mari, epi frè l’ yo Jak, Jozèf, Simon ak
Jid? Epi sè l’ yo, èske yo tout pa lakay
nou? Kote tout bagay sa yo sòti pou
li"? Yo te
dekontwole parapò a li.
Jezi menm di yo: "Pa gen pwofèt
ki san konsiderasyon, sof nan peyi l’ ak nan kay li". Li pa fè anpil mèvèy
la, poutèt mank lafwa yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo,
jodi a n’ap fete Jozèf travayè, an menm tan tou n’ap fete fèt agrikilti ak
travay. Se jou pou nou sonje enpòtans travay nan lavi nou. Bondye te travay:
nan sis jou li te fè tout bagay. Jodi a, se ak men nou li vle kontinye travay
pou pran swen Kreyasyon li an. Li bezwen gason ak fanm vanyan ki pou kolabore
ak li. Nan ki fason w’ap kite Bondye itilize ou kòm enstriman pou li travay
jodi a?
Pawòl Bondye a, nou sot tande nan Levanjil Matye a, rezime tout lavi
Jezi avèk yon brèf referans sou kondisyon li kòm pitit gason bòs chapant
lan.Tout bèl lwanj ak kè kontan Sen Jozèf, se te wè li papa legal epi pwofesè
Kris la nan travay manyèl l’ap fè lakay li, Nazarèt. Jezi konsakre 30 ane nan
lavi l’, nan travay senp kòm bòs chapant, sètènman pou l’ ban nou leson nan
vwayaj nou, nan viv apa, nan chemen santifikasyon, nan lavi nòmal chak jou. Travay
se enstriman pou plèn reyalizasyon pèfeksyon nou: fen li, se pwolongasyon zèv
Bondye, li ede moun nan jwenn matirite l’ak ekilib li oubyen balans li; li
soutni lavi yon fanmi, travay la bati sosyete a, li kontribiye nan byen komen;
lè li fèt byen li oryante nou nan renmen Bondye ansanm ak frè nou yo; se yon
sous ki apa ki sòti depi nan baz menm, nan egzistans mond lan.
Nan lekòl Jozèf ak Mari, Jezi aprann fè lwanj pou Bondye nan lapriyè,
nan litiji, travay ak nan kay senp yon fanmi travayè. Sa a se sans Bondye bay
tout travay lòm nan pandan lavi nou sou tè. Lè travay la reyalize nan yon klima
lafwa, konfyans ak lapriyè nou vin wè pi klè epi konnen diyite li. Travay la ede moun
nan viv pi byen, e li se diyite moun nan. Epoutan, konsepsyon materyalis travay
la, ki malerezman priyorite nan sosyete a, konsidere travay la e travayè a kòm
sous pwofi. Epi yo bliye ki vrè sans travay la genyen nan lavi kretyen an.
Jodi a, an nou mande Bondye pou diyite tout travayè yo, sitou sa yo ki
santi yo tounen esklav, travayè oswa anplwaye yo, sila yo k’ap travay nan
konstriksyon, nan koupe kann, pou diyite yo kapab respekte. Pou dwa yo kapab
respekte kòm Pitit Bondye.
An nou mande patriyach Sen Jozèf ki se pwotektè tout moun k’ap travay,
pou li ede yo jwenn pen chak jou a k’ap pèmèt yo soutni fanmi yo. Se pou tout
moun anndan sosyete a gen aksè ak travay diy e diyman respekte ak tout valè li.
Se pou travayè kretyen an dekouvri kè kontan nan jefò li chak jou, nan pwòp
chemen sanktifikasyon li, nan viv apa pou Bondye. Pou fanmi yo kapab resevwa
fwi nan travay la, yon kontribisyon solid e positif pou plis konsolidasyon li.
Je nou jodi a fikse yon fason espesyal sou Mari, fanm travayè depi kay
fanmi l’, konsakre pou Jezi ak Jozèf nan pran swen yo kòm manman yon fanmi. Nou
vle onore Mari nan premye jou mwa Me a avèk anpil bèl flè, pandan n’ap sonje
bèl flè lè nou te jèn, ki te bay sans ak lavi kretyèn nou nan tout moman. Ede
nou Mari, pou nou kapab santi apèl Bondye chak jou nan lavi nou pou n’ kapab
vin sen, pandan n’ap pran pou modèl: ou menm, Pitit ou a, Jezi epi Jozèf, mari
ou.
LAPRIYÈ: Bondye ki kreye tout bagay, ou
menm ki te enstale lalwa travay pou ras lèzòm, tanpri, fè gras a ekzanp ak
pwoteksyon Jozèf ki sen, nou reyalize travay ou kòmande yo, pou nou rive jwenn
rekonpans ou pwomèt yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Travay
se libète. Si m’ travay m’ap vin pi lib.
No hay comentarios:
Publicar un comentario