Koulè Blan
ATANAZ KI SEN, Evèk e Savan sakre
Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Yo deside pou yo monte kot Apot yo ak ansyen yo Jerizalèm osijè
kesyon sa a".
LEKTI TRAVAY
APOT YO 15, 1-6
Jou sa yo:
Gen kèk moun ki desann sot nan
Lajide, yo t’ap anseye frè yo: "Si nou pa resevwa lasikonsizyon daprè
abitid Moyiz la, nou pa kapab sove". Vin gen diskisyon ki pa piti ant Pòl
ak Banabe kont yo, yo deside pou Pòl ak Banabe monte avèk kèkzen nan lòt yo kot
Apot yo ak prèt yo Jerizalèm poutèt kesyon sa a. Yo menm, Legliz la kondui yo,
yo travèse Fenisi, ak Samari, y’ap rakonte kijan payen yo chanje wout vin nan
lafwa; yo fè tout frè yo vin gen gran kè kontan. Lè yo rive Jerizalèm, Legliz
la ak Apot yo ak ansyen yo resevwa yo, yo anonse tout sa Bondye te fè avèk yo.
Men gen kèkzen nan ti gwoup farizyen yo ki te gen lafwa yo ki leve, yo di se
pou payen yo resevwa sikonsizyon, epi se pou yo pase yo lòd pou yo obsève lalwa
Moyiz la. Apot yo ak ansyen yo rasanble pou yo ekzamine kesyon sa a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 121, 1-2. 3-4a. 4b-5 (r.: 1)
R/ Nan lakay
Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen kontan poutèt yo di m’:
"nan lakay Granmèt la n’a prale"
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo,
Jéruzalèm.R.
Sèke se la ras yo ap monte, ras
Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la.
Sèke se la fotèy yo enstale pou jijman
an, fotèy kay David la.R
LEVANJIL
"Moun ki rete nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa a pote anpil
fwi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 15, 1-8
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen se veritab pye rezen an,
Papa m’ se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa donnen fwi, l’ap wete l’;
tout branch ki donnen fwi, l’ap netwaye l’ pou l’ donnen plis fwi. Nou menm nou
deja pwòp gras a pawòl la mwen te pale nou an. Rete nan mwen, epi mwen menm nan
nou. Menm jan branch la pa kapab donnen fwi pou kont li a, si l’ pa ret nan pye
rezen an, konsa tou nou menm non plis, si nou pa rete nan mwen. Mwen se pye
rezen an, nou se branch yo; moun ki ret nan mwen, epi mwen menm nan li, moun sa
a donnen anpil fwi, paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. Si yon moun pa
ret nan mwen, y’ap jete l’ deyò, tankou branch la, l’ap seche, y’ap ranmase l’
y’ap jete l’ nan dife, l’ap boule. Si nou ret nan mwen, epi pawòl mwen yo rete
nan nou, tout sa nou vle, nou mèt mande l’, l’ap rive pou nou. Se nan sa Papa
m’ jwenn bèlte l’, pou nou donnen anpil fwi, pou nou vin disip mwen".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan
filozofi yo di konsa chak bagay genyen yon nannan ki fè l’ sa l’ ye a.
Sa vle di chak bagay gen yon prensip ki di sa l’ ye. Menm jan tou pou nou menm
ki se kretyen gen yon bagay a la baz ki fè yo ka idantifye nou kòm kretyen. Nou se kretyen paske
nou se patizan Jezikri. E pandan tout lavi nou, nou pa dwe bliye sa. Se tankou
yon chanson pou n’ap chante chak jou e chache ranje lavi nou jan Jezi mande sa.
Tèks nou sot li jodi a prezante nou yon mesaj ki klè, yon mesaj ki pa mande
anpil eksplikasyon. Si nou ta pran pati sa a: « Mwen se veritab pye rezen an,
Papa m’ se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa donenn fwi, l’ap jete l’;
tout branch ki donenn fwi, l’ap netwaye l’ pou l’ donenn plis fwi ». Nou ta ka
di ke lavi nou se tankou yon branch bwa ki atache l’ ak yon pye bwa. Pye bwa sa
a ki se Jezi ki defini tèt li kòm Chemen an, Verite a ak Lavi a, se nan li nou
jwenn lavi.
Konsa,
depi nou detache de li nou pèdi tout nannan lavi nou. Sa vle di, sa ki fè nou
sa nou ye a. Nou se moun, nou se pitit Bondye. E n’ap rete moun e pitit Bondye
si nou rete soude ak Jezi. Jou nou deside fè otreman, nou p’ap ni moun
ankò, ni pitit Bondye tou. Se travay sa a peche a fè. Nou chak dwe pran
yon ti tan pou gade nan lavi nou ki sa k’ fè l’ detache de Jezi, ki fè l’ pa ka
bay fwi. Nou konnen trè byen fwi sa yo, se renmen, lapè, la charite, pataj elatriye.
Nou ta kapab di tout sa ki sòti nan Jezi, sous lavi a. Si nou rete soude ak
Jezi, epi pawòl li yo rete nan nou, tout sa nou vle, nou mèt mande l’, l’ap
rive pou nou. Paske se Jezi li menm menm k’ap viv nan nou e se Lespri Sen an
k’ap priye nan nou.
LAPRIYÈ: Granmèt ede nou manifeste epi konsève
idantite nou kòm kretyen nan mond sa k’ap transfòme chak jou pi plis.
PWOPOZISYON: M’ap rete soude ak
Bondye Papa nan lapriyè pou nou ka gen lavi nan li. An nou fè solidarite
youn ak lòt antan youn ap ede lòt.
No hay comentarios:
Publicar un comentario