Páginas

DIMANCH 6-5-2018 (Sizyèm Dimanch Pak/ Ane B)


Koulè Blan
SIZYÈM DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE LEKTI
«Menm nan nasyon yo favè Lespri Sen an vide».
LEKTI TRAVAY APOT YO 10, 25-26, 34-35. 44-48
Rive, lè Pyè ap antre, Kònèy vin rankontre l’, li lage kò l’ nan pye l’ pou l’ adore l’. Pyè menm leve l’, li di l’: "Leve: mwen menm tou se yon moun mwen ye".
Pyè pran lapawòl, li di: «An verite mwen rekonèt Bondye pa gade sou figi moun, men nan tout nasyon, mon ki respekte l’ epi ki fè sa ki kòrèk, se li menm li resevwa».
Pandan Pyè ap pale toujou, Lespri sen an tonbe sou tout moun ki t’ap koute pawòl la. Fidèl yo ki te nan sikonsizyon an, ki te vini ansanm ak Pyè a, yo sezi poutèt favè Lespri sen an te vide menm nan nasyon yo. Reyèlman vre yo te tande y’ap pale an lang, y’ap fè konpliman pou Bondye.
Lè sa a atò, Pyè pran lapawòl, li di: "Èske yon moun kapab anpeche nou pran dlo pou batize sila yo ki resevwa Lespri Sen an menm jan ak nou an"? Epi li pase lòd pou batize yo o non Granmèt Jezikri. Yo lapriyè l’ pou l’ rete avèk yo kèk jou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4 (r.: cf. 2b)
R/ Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a;
 li sonje kè sansib li, ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
DEZYÈM LEKTI
"Bondye se renmen".
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-10
Nou menm mwen renmen anpil la, se pou nou youn renmen lòt, paske renmen an se nan Bondye li sòti; epi tout moun ki renmen, se nan Bondye li fèt epi li konnen Bondye. Moun ki pa renmen, li pa konnen Bondye, paske Bondye voye sèl Pitit li a sou tè a, pou nou viv pa lantremiz li. Men kijan renmen an ye, se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm ki te renmen nou an premye, epi li voye Pitit li a pou l’ sèvi delivrans pou peche nou yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Pa gen yon fason pou yon moun renmen pi plis pase pou l’ bay lavi l’ pou zanmi l’ yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 15, 9-17
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Menm jan Papa a renmen m’ nan, se konsa tou mwen renmen nou. Se pou nou rete nan renmen m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’ yo, n’ap rete nan renmen m’ nan menm jan mwen menm mwen kenbe kòmandman Papa m’ yo, epi mwen rete nan renmen l’ nan.
Mwen di nou bagay sa yo, pou kè kontan m’ nan kapab nan nou, pou kè kontan nou an reyalize nèt.
Men kòmandman m’ nan, se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an. Pi gran fason pou yon moun renmen, se bay lavi l’ pou zanmi l’ yo.
Nou menm nou se zanmi m’, si nou fè sa mwen kòmande nou. Mwen p’ap rele nou sèvitè ankò, paske sèvitè a pa konnen ki sa mèt li ap fè e se zanmi mwen rele nou, paske tout sa m’ tande kot Papa m’, mwen fè nou konnen l’.
Se pa nou menm ki chwazi m’; men se mwen menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou nou ale, pou nou donnen fwi, pou fwi nou an dire; konsa, tout sa n’a mande Papa a o non m’, l’ap ba nou li. Sa mwen kòmande nou, se pou nou youn renmen lòt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi bay tèt li pou nou pou li montre nou jan l’ renmen nou. Lè fini, Jezi di disip li yo konsa yo mèt rele l’ zanmi, paske yo konnen tout sa l’ fè epi yo tande tout sa l’ pale.
Menm jan ak nenpòt zanmitaj, pou ou kapab di yon moun se zanmi ou tout bon, fòk ou konnen moun nan. Fòk ou mache ak moun nan, pou ou wè kisa l’ fè. Fòk ou dyaloge ak moun nan, pou ou tande sa l’ pale.
Si w’ fè sa vrèman, aprè yon bout tan w’ap konnen ki santiman moun nan. W’ap konnen sa l’ renmen ak sa l’ pa renmen. Nan nenpòt sityasyon, w’ap gen tan konnen ki jan l’ ta reyaji si l’ te la.
Si ou se zanmi moun nan, ou menm tou, piti piti w’ap gen menm santiman avè l’, w’ap kontan lè l’ kontan, w’ap tris lè l’ tris, paske li se zanmi ou.
Se nan sans sa a Jezi envite nou rete zanmi avèk li. Sa vle di, se pa nan plede rele non li sèlman, n’ap zanmi l’. Pou n’ zanmi Jezi, fòk nou chache konnen li pèsonèlman. Sa posib paske Jezi vivan toujou.
Sèl fason pou n’ konnen Jezi tankou yon zanmi, se pou nou chache konnen ki sa l’ te fè ak kisa l’ te di pandan l’ t’ap pataje ak disip li yo. Nou kapab jwenn tout enfòmasyon sa yo nan kat ti liv ki andan Bib la: Levanjil daprè Matye, Levanjil daprè Mak, Levanjil daprè Lik ak Levanjil daprè Jan. Se nan liv sa yo yo ekri istwa lavi Jezi.
Li ta byen vo lapenn pou n’ ta etidye sa k’ nan Levanjil yo, pa sèlman pou n’ gen konesans, men sitou, pou n’ pwofondi nan zanmitaj nou an ak Jezi.
Si nou youn renmen lòt, n’ap kapab rele Jezi zanmi. Se lè nou aji menm jan l’ te aji, ke n’ap montre si n’ konnen santiman li, ak si nou gen menm santiman avèk li.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè nou obeyisan nan men Lespri ou a, pou nou ka fè volonte ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Pou m’ konnen lavi Jezi pi byen, m’ap li youn nan Levanjil yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario