Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Granmèt la louvri kè l’ pou l’ met atansyon nan sa Pòl t’ap di
yo".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 11-15
Nou navige sot Twoas, nou rive tou
dwat Samotras, epi nan landmen nou rive Neapolis; nou sot la, nou rive Filip,
vil ki pi enpòtan nan rejyon Masedwán nan, kote anpil etranje abite.
Nou te rete pase kèk jou nan vil sa
a. Jou saba a, nou sòti deyò pòt la, bò larivyè a, kote yo konn lapriyè a, nou
chita, nou t’ap pale avèk medam yo, ki te rasanble yo.
Yon madanm yo rele Lidi, yon machann
vlou nan vil Tiati, ki te adore Bondye, li t’ap koute; Granmèt la louvri kè l’
pou l’ fè atansyon nan sa Pòl t’ap di yo. Lè l’ fin batize, ni kay li tou, li
ensiste, li di: Si nou konsidere m’ kòm fidèl Granmèt la, antre lakay mwen,
rete la". Li fòse nou.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt la
jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik
nouvo; lwanj li nan Legliz sen yo.
Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki
fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk
dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp
li a, l’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se
pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte
sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Lespri laverite a ap sèvi m’ temwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
15, 26-16, 4
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè Avoka a ap rive, li menm
m’ap voye ba nou sot kot Papa a, lespri laverite a ki sòti nan Papa a, se li
menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou menm tou n’ap sèvi m’ temwen, paske se depi nan
kòmansman nou avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo, pou nou pa dekontwole. Y’ap
mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap rive, tout moun k’ap touye nou,
y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap fè nou sa, paske yo pa konnen
ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou bagay sa yo, pou lè lè pa yo a rive,
nou sonje mwen te di nou sa".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tan pèsekisyon
Legliz la, se nan moman sa a li pran bon jan rasin, moman kote fondasyon an vin
pi solid, kote lafwa boujonnen. Kòman nou ka eksplike sa? Lè yo t’ap chèche
febli Legliz la, se lè sa a li pi fò, lè y’ap maspinen oubyen touye kretyen yo,
se lè sa a pi plis moun konvèti, lè y’ap depeyize yo, se lè sa a yo mache fè
patizan pou Jezi tout kote, lè y’ap chèche toufe yo, se lè sa a yo preche
Levanjil la ak plis kouraj.
Men
nan tan n’ap viv la, yon tan moun gen plis libète relijye pou yo viv lafwa yo
jan yo vle, se nan epòk jodi a mwens moun ap chèche vin kretyen, oswa yo di
y’ap swiv Kris la men yo pa dakò ak Legliz. Sa vle di se yon Legliz ki pase
mòd, nou pa dwe lite pou li ankò, alevwa mouri pou li. Men nan Levanjil jodi a,
Jezi ba nou yon mesaj ki trè enpòtan: “Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap rive, tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis
yo rann Bondye. Y’ap fè nou
sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou bagay sa yo, pou
lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa”. Tan pou
nou bay temwanayaj pou Jezi p’ap janm fini, toutotan Rèy Bondye a pa tabli sou
tout fas tè a.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye Papa pou gwo lespwa ou ba nou nan jan ou leve Jezi byen vivan. Tanpri ba nou fòs temwaye mèvèy li fè pou nou. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti moman
pou panse ak tout patizan Jezikri yo touye akoz lafwa yo, m’ap priye pou Bondye
resevwa nanm yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario