Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni ou menm ni kay ou a".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 22-34
Jou sa yo:
Foul Filipyen yo rasanble kont Pòl
ak Silas; majistra yo chire rad yo, yo pase lòd pou yo bat yo ak fwèt. Lè yo
fin ba yo anpil kou, yo voye yo nan prizon, yo pase yo lòd pou yo veye yo byen.
Moun nan ki resevwa lòd sa a, li mete yo nan prizon ki anndan an, li mare pye
yo sere avèk bwa.
Nan mitan nannuit, Pòl ak Silas t’ap
lapriyè pou fè lwanj Bondye; santinèl yo te tande yo. Yon ti
moman, gen yon gran tranblemantè ki rive, atèlpwen fondasyon prizon an souke.
Menm lè a, tout pòt yo louvri, chenn tout moun lage. Gadyen
prizon an reveye, li wè pòt prizon yo louvri, li rale epe a, li te vle touye
tèt li, li te konprann prizonye yo te chape. Pòl menm rele byen fò, li di:
"Pa fè tèt ou anyen ki mal: sèke nou tout nou isit la".
Li mande limyè, li antre, li sezi,
li lage kò l’ nan pye Pòl ak Silas. Li fè yo sòti deyò, li di: "Mèt, kisa
pou m’ fè, pou m’ sove"? Yo di: "Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni
ou menm ni kay ou a".
Yo anonse l’ pawòl Granmèt la avèk
tout moun ki te nan kay li a. Li pran yo menm lè sa a nan nuit la, li lave kote
yo te blese yo; li batize, ni li menm ni tout kay li a menm lè a. Li kondui yo
nan lakay li, li ba yo manje, li kontan ansanm avèk tout kay li a, antan l’ kwè
nan Bondye.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 137, l-2a. 2bc-3. 7c-8
R/ Men dwat ou
ap sove m’, Granmèt.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout
kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen yo.
Devan fas mesaje yo m’ap chante pou ou.
M’ap adore nan kay sakre w’ la ki
sen an.R.
M’ap fè lwanj pou non ou, poutèt kè
sansib ou ak verite ou.
Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou
reponn mwen;
w’ap devlope bon kalite nan nanm
mwen.R.
Men dwat ou ap sove m’. Granmèt la ap reyalize travay la pou
mwen;
Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men ou yo, pa
renmèt li.R.
LEVANJIL
"Si m’ pa ale Avoka a p’ap vin jwenn nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
16, 5b-ll
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Koulye a m’a pral jwenn sila a
ki te voye m’ nan, epi pèsòn nan nou pa poze m’ kesyon: 'Kote w’a prale'? Men, poutèt
bagay sa yo mwen di nou an, chagren plen kè nou. Epoutan se laverite mwen di
nou: li pi bon pou nou pou m’ ale; sèke si m’ pa ale, Avoka a p’ap vin jwenn
nou; si m’ ale, m’ap voye l’ vin jwenn nou. Lè l’ap rive, l’ap akize tè a sou
peche, ak jistis ak jijman: sou peche a, paske yo pa t’ kwè nan mwen; sou
jistis la, paske m’a pral kay Papa a, epi nou p’ap wè m’ ankò; sou jijman an,
paske chèf tè sa a deja jije".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Bondye envite nou kontanple grandè li ak
pouvwa mizerikòd li, kontanple li nan fason li kapab fè mirak nan lavi nou. Men
nou kapab kontanple li nan fason li kapab itilize nou kòm enstriman pou nou
chanje reyalite lavi frè ak sè nou yo, pou nou chanje mond lan. Pouvwa Bondye
gran anpil. Li depase tout limit entelijans ak konpreyansyon nou.
Nan premye lekti a
nou sot li a, nou wè jan pwizans Granmèt la te manifeste nan prizon kote yo te
fèmen Pòl ak Silas, aprè yo fin woule yo anba baton poutèt yo t’ap preche bòn
nouvèl Jezikri a. Bondye pa janm kite pitit li yo pou kont yo, sitou lè yo nan
kalamite, se poutèt sa li montre pouvwa li tankou yon tranbleman tè, kote tout
chèn ki te mare disip sa yo kase, epi tou tout pòt prizon te ouvri, konsa li fè
santinèl la konprann se Bondye Papa a ki gen tout pouvwa.
Menn jan tou nan
lekti sa a nou wè mizerikòd Granmèt la pa gen limit, li bay santinèl la chans
pou l’ ka konnen l’ ak tout fanmi li; yo tout aksepte Jezi nan lavi yo, e yo
montre sa piblikman lè yo aksepte resevwa batèm nan men de disip sa yo. Li pa
janm twò ta pou yon moun antre nan chemen konvèsyon si li vle, e Granmèt la
toujou gen pòt li byen ouvri pou l’ resevwa chak fwa nou vle pran konsyans de
move fason n’ap viv.
Atitid apot sa yo se
yon lòt mesaj ak ekzanp pou nou chak jodi a, yo aksepte tout kontraryete pou yo
kapab pote bòn nouvèl la. Nou ta fèt pou n’ poze tèt nou kesyon, si nou prè pou
soufri pou Levanjil la? Èske nan fason w’ap viv ou temwaye bòn nouvèl Levanjil
sa a? Se yon envitasyon pou w’ aprann sakrifye vi ou nan sikontans lavi a pou
ou pwoklame pawòl Bondye a chak jou nan reyalite n’ap viv la.
Se poutèt Jezi anonse
nan Levanjil jodi a li dwe ale pou nou kapab resevwa fòs Lespri a, paske se li
menm ki Avoka nou, k’ap toujou la pou akonpaye nou nan tout sa n’ap fè; se li
ki va defann nou nan moman difikilte. Se menm Lespri sa k’ap ba nou limyè pou
nou ka prepare n’ pou nou ka antre pou nou al chita nan plas Jezi, Gran Frè nou
an, t’ al prepare pou nou an.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri ban m’ lagras pou m’ ka temwaye Levanjil ou a, ban m’ fòs pou kapab
defann lafwa nan tout kote mwen ye, ban mwen Lespri ou pou li kapab gide m’
chak jou nan tout sa m’ap fè. Amèn
PWOPOZISYON: Se nan
jan mwen renmen e sèvi pwochen mwen m’a montre si mwen se zanmi Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario