Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Sa nou pa konnen n’ap adore a, se li menm menm mwen anonse nou
an".
NAN TRAVAY APOT YO 17, 15. 22-18, 1
Jou sa yo:
Moun yo ki te kondui Pòl yo, yo
mennen l’ jous Atèn; yo resevwa lòd nan men l’ pou Silas ak Timote, pou yo vin
jwenn li byen vit, epi yo menm yo pati.
Pòl menm kanpe nan mitan plas la, li
di:
"Mesye Atenyen yo, nan tout
bagay mwen wè se nou menm ki gen plis sans relijyon. Sèke antan m’ap mache,
mwen wè zidòl nou yo, mwen jwenn ata yon kay sakre kote yo te ekri: "Pou
Bondye nou pa konnen an". Ebyen sa n’ap sèvi san nou pa konnen an, se li
menm mwen anonse nou.
Bondye, ki fè tè a, ak tout sa k’
ladan l’, li menm, kòm se Granmèt syèl la ak tè a, li pa abite nan kay sakre ki
fèt ak men moun, ni li pa bezwen pou men lèzòm sèvi l’ kichòy, paske se li menm
ki bay tout moun lavi, respirasyon ak tout bagay.
Apati yon sèl moun li fè tout ras
lèzòm nan abite sou tout fas tè a, li fikse tan egzak ak limit abitasyon yo,
pou yo chèche Bondye, pou yo eseye antre an kontak avèk li oubyen pou yo jwenn
li, paske li pa lwen chak moun nan nou. Reyèlman vre se nan li nou viv, nou gen
mouvman, nou ekziste; jan kèkzen nan powèt nou yo te di yo: “Se ras li tou nou
ye”.
Konsa si nou se ras Bondye, nou pa
dwe konsidere sa Bondye ye a sanble ak lò oubyen lajan oubyen bijou, fòm pòtre
nou kalkile pou yo bèl ak panse lèzòm.
Bondye pa okipe tan inyorans sa a,
li anonse lèzòm koulye a, pou yo tout, tou patou, chanje konduit; paske li
fikse yon jou, kote l’ap jije fas tè a avèk jistis, nan yon mesye kote li fikse
sa, antan li ofri tout moun lafwa, antan li fè l’ leve sot nan pami mò
yo".
Lè yo tande rezireksyon sot nan pami
mò yo, gen nan yo ki pase sa nan rizib, kèkzen menm di: “N’a tande ou yon lòt
fwa”. Se konsa Pòl sòti nan mitan yo.
Gen kèk mesye ki dakò, yo kwè nan
li; nan pami yo te gen Deni Lareopajit, ak yon madanm yo rele Damaris, ak kèk
lòt moun avèk yo. Aprè sa, li kite Atèn, li rive Korent.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 148, 1-2. 11-12ab. 12c-14a. 14bcd
R/ Syèl la ak
tè a plen ak bèlte ou.
Fè lwanj Granmèt la depi sot nan
syèl yo, fè lwanj li nan anwo syèl yo.
Fè lwanj li, tout mesaje yo, fè
lwanj li, tout pouvwa l’ yo.R.
Wa yo sou tè a ak tout pèp yo, chèf
yo ak tout jij tè yo, jèn jan ak vyèj yo, granmoun yo ak timoun yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non Granmèt
la, paske se non l’ sèl ki anlè nèt.
Lwanj li anlè syèl la ak tè a.R.
Li leve kòn pèp li. Lwanj pou tout
sen l’ yo, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki tou pre l’ la.R.
LEVANJIL
"Lespri laverite a ap aprann nou tout laverite a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 12-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen gen anpil bagay ankò pou
m’ di nou; men nou pa kapab pote yo koulye a. Men lè lespri laverite sa a ap
vini, l’ap aprann nou tout laverite a. Sèke se pa ak pwòp fòs li l’ap pale; men
tout sa l’ tande l’ap deklare l’, epi sa k’ap vini yo, l’ap anonse nou yo. Li menm l’ap
mete m’ nan limyè, paske se nan men m’ l’ap resevwa, epi l’ap anonse nou.
Tout sa Papa a genyen, se pou mwen;
se pousa mwen di: “Se nan men m’ l’ap resevwa, epi l’ap anonse nou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Apot Pòl montre nou nan premye lekti a, kòman pou nou
anonse bòn nouvèl Granmèt la; li pwofite reyalite pèp Atèn nan te genyen pou l’
fè pèp sila a konprann ak rekonèt Bondye tout bon vre a. Li fè pèp sa sonje ke
Bondye sa a, se yon Bondye lavi, se poutèt sa li resisite Jezikri Pitit li a, e
tout moun ki kwè nan li va resisite menm jan avèk li.
Pòl remake kòman Atenyen yo se pèp ki pi relijye,
men gen anpil nan pami yo ki menm gen kèt sen zidòl.
Pafwa nou kapab tonbe
nan menm sitiyasyon pèp sa a, nou montre n’ap sèvi Bondye epoutan nou kwè nan
tout vye zidòl, nenpòt ti tèt fè mal nou genyen nou panse se mal y’ap fè nou.
Granmèt la envite nou
viv yon lafwa fèm nan li, yon lafwa rèk; paske si Bondye avèk nou, pèsonn pa ka
kont nou? Apot la ekzòte nou pou nou adore vrè Bondye a, pou nou mete tout
konfyans nou nan li, nan nenpòt sitiyasyon n’ap viv.
Nan Levanjil jodi a,
Jezi fè disip li yo aprann se Lespri Sen an k’ap vin montre tout laverite, l’ap
toujou la pou l’ klere chemen nou, l’ap fè nou rekonèt Bondye ki wa pou tout
tan an, l’ap ede n’ viv lafwa nou pi fèm, paske se li menm Granmèt la voye pou
l’ akonpanye nou, pou l’ montre chemen lavi ak laverite a.
Ak Lespri sa a, n’ap renonse ak tout sa ki anpeche nou
viv lafwa nou kòm sa dwa, n’ap angaje nou ak tout kouraj nou dekwa pou nou
travay pou nou kapab chita nan plas Jezi al prepare pou nou kot Papa a.
LAPRIYÈ:Granmèt, mèsi
pou kado Lespri Sen w’ lan; ban m’ yon kè ak yon espri ki saj pou m’ ka viv
lafwa m’ jan k’ fè w’ plezi.
PWOPOZISYON: Èske mwen sensè ak Bondye? Èske mwen adore li menm
sèl?
No hay comentarios:
Publicar un comentario