Koulè Blan
NESANS JAN-BATIS KI SEN.
Gran Fèt.
PREMYE LEKTI
«Men mwen
mete ou kòm limyè nasyon yo»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 49,1-6
Koute, zile yo, fè atansyon, pèp yo, antan nou lwen an:
Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi nan vant manman m’, li sonje non
m’; li mete bouch mwen tankou yon nepe pwenti, li pwoteje m’ anba lonbraj men
l’, li mete m’ tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan dyakout li, li
di m’: «Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa m’».
Mwen di: «Se pou granmesi mwen te travay, se san rezon, se pou vid mwen te
gaspiye fòs mwen; epoutan jijman m’ te avèk Granmèt la, rekonpans mwen te avèk
Bondye m’».
Koulye a, Granmèt la ki fòme m’ depi nan vant pou m’ sèvitè l’ la, li di
pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li; epi Izrayèl p’ap rasanble. Mwen jwenn glwa
nan je Granmèt la, Granmèt la vin tounen fòs mwen.
Li di: «Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou ou leve ras Jakòb yo, pou ou fè
ekzile Izrayèl yo tounen; mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou sove m’ nan
rive jous nan bout tè a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 138,
1-3.-14.15
R/M’ap fè lwanj,
paske ou fòme m’ yon fason ekstrawòdinè.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’, ou konnen chita m’ ak leve m’.
Ou konprann panse m’ depi byen lwen, santye m’ ak kouche m’, ou ekzamine
yo.
Tout wout mwen yo ou wè yo byen klè.R.
Paske se ou menm ki te fòme ren m’, ou te trese m’ nan vant manman m’.
M’ap fè lwanj ou, paske ou fòme m’ yon fason ekstrawòdinè;
aksyon ou yo ekstrawòdinè, nan fon kè m’ mwen konn sa byen.R.
Zo m’ pa t’ kache lwen ou, lè mwen te fèt nan sekrè, lè ladrès ou t’ap fè
m’ pran fòm anba tè a.R.
DEZYÈM LEKTI
«Jan t’ap
preche devan fas Jezikri ki t’ap vini an».
LEKTI TRAVAT APOT YO 13,22-26
Jou sa yo: Pòl t’ap di:
«Bondye te leve wa David pou zansèt yo, li sèvi l’ temwen, li di: «Mwen
jwenn David, pitit Jese a, yon moun daprè kè m’, l’ap fè tout volonte m’ yo».
Nan ras li, daprè pwomès la, Bondye fè Jezi parèt kòm sovè pou Izrayèl. Devan
fas li ki t’ap vini an, Jan t’ap preche yon batèm penitans pou tout pèp Izrayèl
la.
Lè Jan t’ap fini kous li, li t’ap di: «Sa a nou konprann mwen ye a, se pa
sa mwen ye; men l’ap vini aprè m’, li menm mwen pa merite defèt sapat pye l’
la».
[Mesye] Frè m’ yo, pitit ras Abraam yo, epi moun yo nan pami nou ki krenn Bondye
a, se pou nou yo te voye pawòl sove a».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Jan se non l’ sa»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 57-66.80
Lè pou Elizabèt anfante a rive, li fè yon ti gason.Vwazen yo ak fanmi yo
tande kijan Granmèt la te fè mèvèy mizerikòd li a parèt pou li; yo fè kè yo
kontan avèk li. Rive, sou uityèm jou a, yo vini
pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo t’ap rele l’ non papa l’: Zakari.
Manman l’ pran lapawòl, li di: «Non, men y’ap rele l’ Jan».
Yo di l’: «Men pa gen pèsòn nan fanmi ou yo rele non sa a». Yo fè papa l’
siy kjjan l’ te vle pou l’ rele.
Li mande yon adwaz, li ekri, li di: «Jan, se non l’ sa». Tout moun sezi.
Menm lè a bouch li louvri, lang li lage li pran pale, li fè konpliman pou
Bondye. Sezisman tonbe sou tout vwazen l’ yo; nan tout mòn Jide yo pawòl sa yo
t’ap mache bouch an bouch. Tout moun ki
tande sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap di: «Kisa ti pitit sa a ap ye?»
Reyèlman men Granmèt la te avèk li.
Pitit la menm t’ap devlope, li t’ap gen plis fòs nan Lespri a; li te nan
dezè yo jous jou pou l’ te parèt devan Izrayèl.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete nesans Jan Batis,
youn nan gran pèsonaj ki make istwa Izrayèl. Li se sila ki
t’ap mete tout bagay an plas pou te akeyi Mesi a, Sovè a, Liberatè a, epi se li
ki te prezante Jezi kòm sila ki pi gran pase li, sila ki te la avan li epi ki
te vini pou wete peche sou tè a: «Men mouton Bondye ki wete peche sou tè a». Se
avèk pawòl sa yo Jan Batis te prezante nou Jezi, e nan lamès chak jou nou
repete menm pawòl sa yo jis avan nou kominye nan kò ak San Kris la.
Nan kad
preparasyon li t’ap fè pou Mesi a, Jan Batis te pale epi li te poze aksyon. Li
t’ap envite moun yo pran chemen konvèsyon, prepare kè yo pou yo te kapab akeyi
pwomès Bondye yo. Li t’ap Di moun yo chanje kè yo, paske peyi wa ki nan syèl la
rive. Li te batize yo nan larivyè jouden an kòm yon siy ki te montre tout bon
vre yo te vle divòse ak peche pou yo te kapab viv yon lavi tou nèf nan Granmèt
la.
Lè Jan Batis
te fèt, tout moun ki te tande nouvèl nesans li t’ap di: «Kisa ti pitit sa a ap ye?» Papa li, Zakari te ranpli ak Lespri Sen epi li
t’ap fè lwanj ak konpliman pou Bondye. Se nan feblès ak povrete ti pitit sa a ke Bondye aji pou sove lemond. Se
menm jan an tou nan lavi pa nou, Lespri Sen an aji nan feblès nou. «Granmèt la te chwazi mwen depi nan vant manman mwen.»
Jezi pral fè nou rekonèt Jan Batis kòm pi gran pwofèt. Aprè Jan Batis,
nou menm nou se yon pèp pwofèt, prèt ak wa k’ap anonse Jezi se Wa Lanmou.
An nou mande Lespri Sen an pou li ede nou konprann kijan yon souri, yon
pawòl ankourajman kapab touche kè, paske se lè nou fè nou tou piti Bondye kapab
aji nan nou, pou fè nou tounen enstriman delivrans pou frè ak sè nou yo.
Espri pwofetik la, se yon espri k’ap aprann nou rabese tèt nou, men tou
se yon lespri k’ap konble nou ak fòs pou nou kapab mache dwat epi fè sa ki
kòrèk. Se yon Lespri ki fè nou dou e ki aprann nou renmen; Lespri k’ap pran nou
verite: se gras a li «wi» nou ka wi epi «non» ka non! Si yo pa koute pwofèt la,
l’ap kontinye chemen li avèk asirans ke Bondye p’ap kite li pou kont li.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki chwazi Jan Batis pou ou
prepare yon pèp ki kòrèk nèt pou Jezikri Granmèt la, bay pèp ou yo favè pou yo
goute kè kontan an nan nanm yo, dirije espri tout fidèl yo nan chemen sove ak
lapè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè mwen tou piti menm jan ak Jan Batis
antan m’ap chèche reyalize misyon Bondye konfye mwen ak efikasite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario