Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Granmèt la wete
Izrayèl sot devan fas li, se ras Jida a sèlman ki rete».
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 17, 5-8. 13-15a. 18
Jou sa yo:
Salmanaza, wa Asiryen yo travèse tout peyi a, li monte Samari, li bloke l’
pandan twazan. Sou nevyèm ane Oze a, wa Asiryen yo pran Samari; li ekzilé
Izrayèl kay Asiryen yo, li enstale yo Ala, avèk Abòr, bò larivyè Gozan an, nan
vil Mèd yo.
Rive, kòm pitit Izrayèl yo te fè peche kont Granmèt Bondye yo a, ki te fè
yo sòti nan peyi Lejip la, sot nan men Farawon, wa Lejip la, yo te adore dye
etranje yo. Yo mache daprè seremoni nasyon yo, sa Granmèt la te detwi devan fas
pitit Izrayèl yo ak wa Izrayèl yo, yo aji menm jan.
Granmèt la te avèti Izrayèl avèk Jida, pa lantremiz pwofèt yo ak moun ki wè
yo, li te di: «Tounen sot nan chemen nou yo ki move yo, obsève kòmandman m’ yo
ak desizyon m’ yo, daprè tout lalwa a mwen te kòmande zansèt nou yo, avèk jan
mwen te voye di nou pa lantremiz sèvitè m’ yo, pwofèt yo». Yo pa koute, men yo
fè kou yo rèd menm jan avèk zansèt yo, ki pa t’ vle obeyi Granmèt Bondye yo a.
Yo rejte lalwa l’ yo avèk kontra l’ la, sa l’ te pase avèk zansèt yo a, ni
temwayaj li yo, sa l’ te sèvi pou l’ ba yo avètisman.
Granmèt la fache anpil kont Izrayèl, li wete l’ sot devan fas li; se fanmi
Jida a sèlman ki rete.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
59, 3. 4-5. 12-13
R/ Sove nou avèk
men dwat ou, Granmèt, koute nou.
Bondye, ou te rejte nou, ou te detwi nou; ou fache; tounen vin jwenn
nou.R.
Ou souke tè a, ou sakaje l’; geri kote l’ blese yo, paske li depafini
Ou fè pèp ou a wè bagay ki rèd, ou fè nou bwè diven vètij.R.
Èske ou menm, Bondye, se pa ou ki te rejte nou, ou pa sòti avèk lame nou
yo, Bondye?
Ba nou sekou nan tray la, paske delivrans moun pa vo anyen.
Nan Bondye n’ap fè pwodij, se li menm k’ap kraze moun k’ap fè nou pase
tray yo.R.
LEVANJIL
«Kòmanse wete
bout bwa a sot nan je ou».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 1-5
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa jije, pou yo pa jije nou; sèke avèk jijman n’ap jije a, se avèk li y’ap
jije nou; mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap renmèt nou.
Konsa, pouki sa w’ap gade ti pay la ki nan je frè w’ la, epi gwo bout bwa a
ki nan je w’ la, ou pa wè l’? Oubyen kòman fè ou di frè w’ la: «Kite m’ wete ti
pay la sot nan je ou», epi men yon gwo bout bwa nan je pa ou? Ipokrit, kòmanse
wete gwo bout bwa a sot nan je ou, epi lè sa a w’a wè klè pou ou wete ti pay la
sot nan je frè w’ la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye envite nou tounen vin jwenn li nan
senplisite, antan n’ap ekzanmi pwòp tèt nou. Kase tèt tounen vin jwen Papa w’. Kretyen,
se pou nou bay kò nou twa tap! Revize lavi nou, nou pakab ap viv lwen Bondye,
nan neglije sa Bondye nou an mande nou fè. Si nou viv nan obeyisans kòmandman
li yo, nan renmen, nou deja gen sekrè kè kontan tout tan.
Apwoche vini antoure
mwen, se sa li vle di nou jodi a, Ayisyen toupatou, pa ret ap dòmi, pa ret nan
move chemen, pa ret ap kritike lòt moun. Pwoche vini, kite limyè Bondye klere
ou. Bay lòt la yon chans pou li fè yon pa nan lavi espirityèl, pou li amelyore
relasyon li ak Bondye. Akeyi l’ nan Legliz la, akeyi l’ nan kè w’.
Zanmi Bondye yo, lè
nou wè yon moun ap chèche fè rankont ak Bondye, pa meprize l’, pa kriminen l’,
pa rejte l’, Bondye se Bondye tout moun : li pa jete nou. Ou pa pi bon
pase sa. Se Bondye ki bon, se li ki konnen fon kè, se li pou jije. Petèt ka pa
w’ la ka pi grav pase lòt. Se pou sa pawòl la di nou retire bout bwa ki nan je
nou anvan nou wè ti pay ki nan je lòt la. Kidonk, pouvwa jije se Bondye ki
genyen l’, se pa nou, pòv pechè.
Ann ede lòt la avanse
pito olye nou kale do li ak lang nou, pou nou tout ansanm ka rive kote Bondye
Wa a. Egoyis, tripotay, pale moun mal p’ap fè nou avanse ni devan kominote ni
devan Bondye, e pi red devan l’, li konn tout bagay. Ann mande Bondye jodi a
pou l’ede nou pran konsyans de sitiyasyon pa n’ yo, pou n’ ka ede lòt yo avanse
san nou pa kriminen yo.
LAPRIYÈ :Papa
Bondye, ou menm ki plen mizerikòd, aprann nou pran pasyans nan renmen ak frè ak
sè nou yo. Pa pouvwa Jezikri, Pitit ou a. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap sispann kriminen lòt la ; m’ap chèche dekouvri
defo mwen pou m’ kapab amelyore relasyon mwen ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario