Koulè Wouj.
IRENE KI SEN, Evèk e Mati.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Wa
Babilòn nan kondui Joakin avèk tout moun ki gen fòs yo kòm prizonye
Babilòn".
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 24, 8-17
Joakin te gen dizuitan lè l’ te kòmanse kòmande kòm wa, li te wa Jerizalèm
pandan twa mwa. Non manman l’, se te Noesta,
pitit fi Elnatan moun Jerizalèm. Li fè sa ki mal devan Granmèt la, daprè tout
sa papa l’ te konn fè.
Lè sa a, sèvitè Nabikodonozò, nan Babilòn yo, monte Jerizalèm, yo
antoure lavil la avèk ranblè. Nabikodonozò, wa Babilòn nan, rive nan lavil la
avèk sèvitè l’ yo, li batay kont li. Joakin, wa Jida a, sòti, l’al jwenn wa
Babilòn nan, li menm ak manman l’, ak sèvitè l’ yo, ak chèf li yo, ak minis li
yo; wa Babilòn nan pran l’ nan uityèm ane rèy li.
Li pran tout trezò kay Granmèt la, ak trezò kay wa a, li kraze tout veso
lò Salomon wa Izrayèl la te fè nan kay sakre Granmèt la, daprè pawòl Granmèt
la. Li ekzile tout moun Jerizalèm, ak tout chèf yo, ak tout sòlda lame yo, di
mil, kòm prizonye; ni tout moun ki gen metye ak fòjwon, li pa kite anyen, sof
peyizan, sof moun k’ap travay tè. Li ekzile Joakin tou Babilòn; ni manman wa a,
ni madanm wa yo, ni minis li yo, ni jij peyi a, li kondui yo kòm esklav sot
Jerizalèm al Babilòn. Tout moun ki gen fòs, sèt mil, ni moun ki gen metye, ni
fòjwon yo, mil, tout moun ki gen kouraj, ak sòlda yo, wa Babilòn nan kondui yo
Babilòn kòm esklav.
Li enstale Matanyas, tonton wa a, nan plas li; li ba l’ non Sedesyas.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS
78, 1-2. 3-5. 8. 9 (r.: 9bc)
R/ Poutèt bèlte
non ou, Granmèt, delivre nou.
Bondye, nasyon yo rive nan eritaj ou a, yo sal kay sakre ou la ki sen
an, yo fè Jerizalèm vin tounen debri.
Yo renmèt kadav sèvitè ou yo kòm manje bay zwazo syèl yo, chè sen ou yo
bay bèt yo sou tè a.R.
Yo vide san yo tankou dlo alantou Jerizalèm, pa gen pèsonn ki pou
antere.
Nou vin tounen fatra pou vwazen nou yo, mank dega ak rizib pou sila yo
ki antoure nou yo.
Jouskilè, Granmèt? W’ap fache jouska lafen? W’ap limen jalouzi ou tankou
dife? R.
Pa sonje fot zansèt nou yo, fè vit pran devan nou ak kè sansib ou yo,
paske nou vin pòv anpil.R.
Pote nou sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou;
padonnen peche nou yo poutèt non ou.R.
LEVANJIL
"Kay ki
bati sou wòch avèk kay ki bati sou sab".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 21-29
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Se pa tout moun k’ap di m’: «Granmèt, Granmèt», k’ap antre nan rèy
syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm k’ap
antre nan rèy syèl la. Anpil moun ap di m’ jou sa a: «Granmèt, Granmèt, èske se
pa onon ou nou te fè travay pwofèt, èske se pa o non ou nou te fè anpil mèvèy?»
Lè sa a, m’ap deklare yo: «Mwen pa janm konnen nou: rale kò nou sot sou mwen,
nou menm k’ap fè peche».
Sèke tout moun ki tande pawòl mwen sa yo, epi li reyalize yo, li sanble
avèk yon moun sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè desann, van
soufle, yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe: sèke fondasyon l’ te sou wòch.
Tout moun ki tande pawòl mwen sa yo, men ki pa reyalize yo, li sanble ak
yon moun sòt, ki bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle,
yo fonse sou kay sa a, li tonbe, tablati l’ la gran".
Rive, lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, foul yo te sezi poutèt lansèyman
l’: sèke li t’ap anseye yo tankou moun ki gen pouvwa, men se pa tankou pwofesè
yo ak farizyen yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Li pa sifi
pou nou di: ‘Granmèt, Granmèt’, pou nou antre nan peyi kote Bondye Wa a».
Jodi a, deklarasyon Jezi fè a
etone nou: «Li pa sifi pou nou di: ‘Granmèt,
Granmèt’, pou nou antre nan peyi kote Bondye Wa a; men se pou nou fè volonte
Papa m’ ki nan syèl la» (Mt 7, 21). Atravè pawòl sa yo, Jezi vle montre nou
omwen nou gen ekzijans pou nou temwaye lafwa nou.
Konstwi kay nou sou wòch, se yon
imaj klè ki envite nou konsidere angajman lafwa nou, ki pa sèlman limite nan
nivo bèl pawòl, men ki dwe chita sou pratik zèv lacharite. Nan youn nan jou sa yo, Legliz la pral fè nou sonje lavi
Sen Pelaj, yon jèn ki te mouri mati akoz li te vle viv pou Bondye. Pou fè sonje
li, Sen Bèna te ekri: «Kèlke swa bèlte li genyen, chastete a pa gen valè ni
merit san lacharite a. Se tankou yon lanp san luil; men sajès la di: Ala bèl li
bèl lè sajès la (syans la ou konesans) fè yon sèl kò ak lanmou an! Se de lanmou
sa a Apot la pale nou, yon lanmou ki sòti nan yon kè pwòp, yon konsyans dwat ak
yon lafwa ki sensè».
Mèsaj li a ki te klè a e ki makonnen
ak fòs lanmou an, manifeste otorite Jezi, ki te fè sila yo ki t’ap viv nan tan
li a sezi: «Foul yo te sezi poutèt lansèyman l’: sèke li t’ap anseye yo tankou
moun ki gen pouvwa, men se pa tankou pwofesè yo ak farizyen yo» (Mt 7,28-29).
Priyè ak kontanplasyon nou jodi a dwe mache ak yon gwo refleksyon: Antan ke
kretyen, kòman mwen pale e aji chak jou nan lavi mwen? Kòman mwen konkretize
temwayaj mwen an? Kòman mwen tradui kòmandman lanmou an nan lavi pèsonèl mwen,
nan lavi fanmi mwen, nan travay mwen, elatriye? Se pa ni pawòl yo ni lapriyè
san angajman nou yo ki konte, men se pito efò nou fè pou nou viv selon Pwojè
Bondye. Lapriyè nou yo dwe eksprime dezi nou genyen pou nou fè sa ki byen antan
nou konte sou konkou Bondye, lè nou rekonèt feblès nou.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri fè priyè nou yo makonnen avèk fòs lanmou an. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:
M’ap fè jefò pou mwen viv selon sa
mwen kwè, olye mwen pale anpil, m’ap poze plis aksyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario