Koulè Blan ou Ble
Gran fèt : Mari ki sen, ki Vyèj, k’ap pote nou
sekou.
PREMYE
LEKTI
"Wa a li
pawòl liv kontra a pou pèp la, liv sa a yo te jwenn nan kay sakre Granmèt la,
li pase yon kontra devan Granmèt la".
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 22, 8-13; 23, 1-3
Jou sa yo:
Prèt an chèf Elsyas di pwofesè Safan: "Mwen jwenn Liv Lalwa a nan
kay sakre Granmèt la". Elsyas bay Safan woulo a, li li l’. Pwofesè Safan
rive kot wa Jozyas, li fè l’ rapò sou sa li te kòmande li di: "Sèvitè ou
yo fonn lajan yo jwenn nan kay sakre Granmèt la, yo bay yo pou chèf travay kay
sakre Granmèt yo separe yo bay travayè yo". Safan, pwofesè a, fè
deklarasyon bay wa a tou, li di: "Prèt Elsyas renmèt mwen yon liv".
Lè Safan li liv la devan wa a, wa a tande pawòl liv Lalwa Granmèt la, li chire
rad li.
Li pase prèt Elsyas lòd, ni Ayika, pitit Safan an, ni Akobòr, pitit
Miche a, ni sekretè Safan, ni Asaya, sèvitè wa a, li di: "Al konsilte
Granmèt la pou mwen ak pou pèp la, ak pou tout Jida, sou pawòl sa a, nou jwenn
nan. Sèke se yon gran kòlè Granmèt la ki limen kont nou, paske zansèt nou yo pa
t’ koute pawòl liv sa a, pou yo te fè tout sa ki ekri pou nou".
Yo anonse wa a sa l’ te di. Li menm, li voye rasanble tout ansyen Jida
avèk Jerizalèm vin kote l’. Wa a monte nan kay sakre Granmèt la, ni tout moun
Jida, ni tout moun ki te abite Jerizalèm avèk li, ni prèt, ni pwofèt, ni tout
pèp la, depi piti jous gran. Li li tout pawòl liv Kontra a pou tout moun ki
t’ap koute yo, liv sa a yo te jwenn nan kay sakre Granmèt la. Wa a te kanpe sou
estrad la, li pase kontra devan Granmèt la, pou yo mache dèyè Granmèt la, pou
yo obsève kòmandman l’ yo, ak temwayaj li yo avèk desizyon l’ yo, ak tout kè,
avèk tout nam, pou yo reyalize pawòl kontra sa a, ki te ekri nan liv sa a. Pèp la
dakò avèk contra a.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS
118, 33. 34. 35. 36. 37. 40
R/ Poze chemen
desizyon ou yo pou mwen, Granmèt.
Poze lalwa a pou mwen, Granmèt, chemen desizyon ou yo, m’a obsève yo
tout tan.R.
Ban m’ entelijans, m’ap obsève lalwa ou la, m’a kenbe l’ ak tout kè m’.R.
Kondui m’ nan tras wout kòmandman ou yo, paske mwen renmen l’.R.
Panche kè m’ nan temwayaj ou yo, pa nan renmen lajan.R.
Vire je m’ pou yo pa wè sa k’ pa vo anyen, nan chemen ou yo ban m’ lavi.R.
Mwen anvi kòmandman ou yo; nan jistis ou a, fè m’ viv.R.
LEVANJIL
"Se nan
fwi yo n’ap rekonèt yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 15-20
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Fè atansyon pwofèt manti yo, k’ap vin kote nou ak rad mouton yo,
men sou pa anndan, se lou voras; se nan fwi yo n’ap rekonèt yo. Èske yo konn keyi rezen sou pikan, oubyen fig frans sou chadwon? Konsa
tout pye bwa ki bon li donnen fwi ki bon, men move pye bwa se move fwi li
donnen. Yon bon pye bwa pa kapab donnen move fwi, ni yon move pye bwa pa kapab
donnen bon fwi.
Tout pye bwa, ki pa donnen bon fwi, y’ap koupe l’, y’ap jete l’ nan
dife. Konsa se nan
fwi yo n’ap rekonèt yo".
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:"Se nan fwi yo n’ap rekonèt yo".
Jodi a, Levanji la prezante nou yon kontradiksyon ant move pye bwa ak bon
pye bwa. Jezi itilize yon langaj ki trè senp antan li pran yon ekzanp pou
eksplike nou kijan nou dwe aprann fè diferans ant sa k’ap ede nou devlope viv,
kòm moun ak sa k’ap kokobe nou, paralize nou.
Nan lavi nou, nou aprann konnen genyen bon ki dejenere e finalman yo bay
move fwi; men tou genyen sa ki move ki chanje e ki bay bon fwi. Finalman kisa
sa vle di «tout pye bwa ki bon li donnen fwi ki bon» (Mt 7,17)? Èske sa vle di ke sa ki bon an, li bon paske li pa janm sispann fè byen?
Li fè byen an e li pa janm bouke. Li fè byen an e li pa tonbe nan tantasyon
fè mal la. Li fè byen an e li pèsevere jiskaske
li tounen yon ewo. Li fè byen an, e si fatig ta lakòz li pa kontinye fè li,
oubyen li tonbe nan tantasyon fè mal, li rekonèt fot li… li rekòmanse.
Wi, li fè li, paske li konnen konsekans sa kapab genyen, li konnen si li
pa bay bon fwi, y’ap koupe li e jete li nan dife. Sa pa kont pou n’ap di «Granmèt,
Granmèt !». Tankou Sen Jak fè nou sonje sa, lafwa gen sans li, se lè li
manifeste nan zèv yo : « Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa
fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki
byen» (Jak 2,18).
LAPRIYÈ :
Bondye Papa, tanpri fè kado Lespri Sen an nou te resevwa pote nan lavi nou. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap analize pwòp tèt mwen : èske mwen
se yon bon pye bwa oubyen yon move pye bwa. Ki fwi mwen pote pou lòt yo ?
M’ap reflechi sou sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario