Koulè Vèt
TRÈZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B.
PREMYE LEKTI
"Se poutèt lanvi dyab la lanmò a antre sou
fas tè a".
LEKTI LIV LASAJÈS 1, 13-15; 2, 23-25.
Bondye pa t’
fè lanmò, ni li pa kontan poutèt vivan yo k’ap pèdi a; sèke li te kreye tout
bagay, pou yo ekziste, li te fè nasyon yo an sante sou fas tè yo; pa gen pwazon
lanmò nan yo, ni rèy lanfè sou tè a; sèke jistis la dire tout tan, li p’ap
kapab mouri.
Sèke Bondye
te kreye moun nan pou l’ pa t’ mouri, epi se sou pòtre resanblans li li te fè
l’. Se lanvi dyab la ki lakòz lanmò a vin antre sou fas tè a; sila yo ki disip
li yo, y’ap pran modèl sou li.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 29, 2 e 4. 5-6. 11 e 12a
13b (r.: 2a)
R/ M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa bay lènmi m’ yo kè kontan sou do m’.
Granmèt, ou
wete lavi m’ sot anba tè a, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan fòs la.R.
Chante pou
Granmèt la, sen l’ yo, fè lwanj pou souvni l’ ki sen.
Sèke pou yon
moman kòlè l’ rive, men se pou lavi renmen l’ nan dire.
Nan aswè gen dlo nan je, nan maten se
kè kontan.R.
Koute,
Granmèt, pran pitye pou mwen Granmèt, pote m’ sekou.
Ou chanje
plent mwen an nan chante dans.
Granmèt
Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Sa nou gen ki twòp la, se pou l’ konble sa
frè nou yo ki pòv yo a pa genyen an".
LEKTI DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 8, 7. 9. 13-15
Frè m’ yo:
Menm jan nou
plen nan tout bagay ak lafwa ak pawòl ak konesans ak tout kalite devouman,
sitou ak charite nou genyen ki sòti nan nou menm nan, se pou nou fè anpil tou
pou pote lòt yo konkou nan mizè yo.
Nou konnen
favè Granmèt nou Jezikri, poutèt nou vin pòv, malgre li te rich, pou nou te
kapab vin rich antan l’ vin pòv.
Yo pa mande
pou nou nan tray pou soulaje lòt yo, men se egalite. Koulye a sa nou genyen ki
twòp la, se pou l’ konble sa yo manke, pou sa yo menm y’ap gen ki twòp la tou,
li rive konble sa nou menm nou manke a, pou kapab gen egalite, daprè sa labib
la di: "Moun ki te gen anpil la, li pa t’ gen twòp, moun ki te gen ti kras
la, li pa t’ manke".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
LEVANJIL
"Ti fi, mwen di ou, leve".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 5, 21-43
Lè sa a:
Kòm Jezi te
travèse ankò nan batiman an lòt bò lanmè a, gen yon gran foul moun ki vin jwenn
li; li te bò lanmè a. Gen youn nan chèf kay reyinyon yo ki rive, yo te rele l’
Jayi; lè l’ wè l’, li tonbe nan pye l’; li t’ap lapriyè l’ anpil, li t’ap di:
"Pitit fi m’ nan prèske mouri; vini poze men sou li, pou l’ kapab sove,
pou l’ viv". L’ale avèk li, yon gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze
l’.
Gen yon
madanm, ki t’ap pèdi san depi douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te
preskri l’ anpil remèd, li te fin depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn
okenn rezilta, okontrè se pi mal li t’ap vin pi mal; lè l’ tande pale sou Jezi,
li vin nan foul la, dèyè, li touche rad li. Li t’ap di: "Si o mwen mwen
touche rad li, m’ap sove". Menm lè a
sous san l’ nan tari, li santi nan kò l’ li te geri sot nan maladi a.
Menm lè a
Jezi rekonèt anndan l’ gen yon fòs ki te sòti nan li, li vire kot foul la, li
t’ap di: "Kilès ki touche rad mwen an".
Men disip li
yo t’ap di: "Ou wè foul la k’ap kraze ou, epi w’ap di: «Kilès ki touche m’?»
Men li vire pou l’ wè madanm nan ki te fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li
t’ap tranble, li te konnen sa k’ te pase nan li, li vini, li lage kò l’ devan
l’, li di l’ tout laverite.
Li menm menm
li di l’: «Mafi, lafwa ou sove ou; ale ak lapè, se pou ou geri sot nan maladi
ou la».
Pandan li
t’ap pale toujou, moun yo vin kot chèf kay reyinyon an, yo di: «Ti fi ou la
mouri; pouki sa w’ap trakase Mèt la? »
Jezi menm, lè
l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf kay reyinyon an: «Pa pè; se pou ou kwè
sèlman». Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè, Jak avèk Jan, frè Jak la.
Yo rive nan
kay chèf kay reyinyon an, li wè bwi, moun k’ap kriye, k’ap rele anpil. Li
antre, li di yo: «Pouki sa nou twouble,
n’ap kriye a? Ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi». Yo t’ap pase l’ nan
rizib.
Li menm menm,
li mete tout moun deyò, li pran papa ak manman ti fi a epi moun yo ki te avèk
li a; li antre kote ti fi a te kouche a. Li kenbe men ti fi a, li di l’:
«Talita, koumi»; sa vle di: «Ti fi, mwen
di ou, leve». Menm lè a ti fi a leve, li t’ap
mache (li te gen douzan); yo te sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè pou
pèsonn pa konn sa; li di pou yo ba l’ manje.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil moun
t’ap suiv Jezi paske yo te rekonèt grandè ak pwisans li. Se konsa chèf sinagòg la, Jayi, te vin met
ajenou nan pye l’ pou l’ te mande l’ fè kichòy pou pitit fi li a ki te malad,
pou l’ te kapab sove li, Jezi te tande rèl lapriyè li. Men pandan li sou wout
la, li rankontre ak yon dam ki t’ap pèdi san depi douzan, doktè pa t’ kapab fè
anyen pou li. Dam sila a te tande pale de Jezi epi li te kwè si l’ ta rive
touche rad Jezi omwen l’ap jwenn gerizon paske l’ te gen lafwa epi l’ te kwè
Jezi te kapab sove l’’.
Se
konsa lè l’ te wè Jezi, li te antre nan foul la pou l’ te kapab touche l’, epi
l’ te rive touche l’ vre: menm lè a Jezi te santi l’ pèdi yon fòs epi l’ te
mande ki moun ki te touche l’ la. Apot yo t’ap ri paske Jezi te nan mitan yon
fou l’ moun epi l’ t’ap mande kiyès ki touche l’ la! Dam ki t’ap pèdi san an
kouri vin met ajenou nan pye Jezi epi l’ te rakonte l’ tout bagay, epi Jezi te
di l’ lafwa l’ sove l’. Non sèlman dam nan te jwenn gerizon, men Jezi te di l’
lafwa l’ sove li; sa vle di li jwenn tikè pou lavi ki p’ap janm fini an.
Frè
ak sè m’ yo, menm jan ak madam sa, ann chèche gen yon lafwa solid pou n’ ka
rive kwè tout bon vre anyen pa enposib pou moun ki kwè nan Bondye, konsa n’a
rive jwenn tikè pa nou pou lavi ki p’ap janm fini an. Kòm Jezi pa t’ sòti
pou dam nan, foul la kontinye wout li. Epi se konsa te gen
kèk moun ki sòti kay Jayi, yo di li li mèt kite Mèt la trankil paske tifi a gen
tan mouri. Jezi di Jayi li pa bezwen pè epi fè l’ konfyans. Èske nou kwè tout
bon vre, frè ak sè m’ yo, anyen pa enposib pou moun ki kwè nan Bondye?
Jezi
pran Pyè jak, Jan ak Jayi yo ale, lè yo rive yo wè tout moun ap kriye, Jezi
mande yo poukisa tout rèl sa yo? Epi li di yo tifi a pa mouri, se dòmi l’ap
dòmi. Men moun ki te la yo pa t’ kwè nan li, yo t’ap joure l’, pase l’ nan
rizib. Lè Jezi wè sa, li fè tout sòti. Li pran mesye yo ki te akonpanye l’ yo
ak papa ak manman tifi a, yo antre kot tifi a te ye a. Jezi pran men tifi a, li
di l’ «talitha koum», sa vle di, «pitit fi mwen, leve»!
Pou
Jezi, lanmò pèdi pouvwa. Tout swit aprè tifi a fin leve, li kòmanse mache, li
te gen douzan. Moun ki te la yo te sezi anpil, men Jezi te di yo piga yo pale
sa, apre l’ te mande pou yo te bay tifi a manje. Lavi ranpòte laviktwa sou
lanmò. Si nou kwè tout bon vre nan Bondye, menm si nou ta kouche nan sèkèy, li
kapab delivre nou. Mwen ankouraje nou chak jou pi plis pou n’ met konfyans nou
nan Granmèt la, chèche fè volonte l’ nan tout sa n’ap fè, ak tout sa n’ap di,
epi tout kote nou pase. Konsa l’a toujou pran defans nou, tout kote
nou ye ak nan tout sitiyasyon.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, vin kraze sèkèy nou yo, ba
nou yon lavi tou nèf. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jezi
pote laviktwa sou lanmò: m’ap kenbe li dyanm pou m’ ka gen laviktwa avèk li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario