Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo kraze tèt pòv la sou pousyè tè a».
LEKTI LIV
PWOFÈT AMÒS 2, 6-10. 13-16
Men pawòl
Granmèt la:
«Poutèt twa
krim Izrayèl ak poutèt kat, mwen p’ap padonnen l’: Poutèt li vann moun kòrèk la
pou lajan, ak pòv la pou yon pè sapat; yo menm k’ap kraze tèt pòv yo nan pousyè
tè a, k’ap devye chemen pòv yo; pitit la ak papa l’ ale kot jèn fi a, pou yo
derespekte non m’ ki sen an; sou rad yo pran kòm garanti, yo kouche bò tout
lotèl, y’ap bwè diven moun yo fin kondane yo, nan lakay Bondye yo a.
Mwen menm
mwen te detwi Amoreyen an devan fas yo, li menm wotè l’ te tankou wotè pye sèd
yo, li te gen fòs tankou pye bwa-d-chèn; mwen te kraze fui l’ anwo avèk rasin
li anba. Se mwen menm ki te fè nou monte
sot nan peyi Lejip la, mwen te kondui nou nan dezè a karantan, pou nou te
posede peyi Amoreyen an.
Men m’a pral fè
gwo bwi anba nou, tankou yon kabwèt ki plen pay ap fè gwo bwi; moun ki rapid la
li p’ap kapab sove, sa k’ fò a p’ap jwenn fòs li, sa k’ vanyan an p’ap sove
lavi l’, sa k’ konn tire flèch la p’ap kanpe, sa k’ lejè a p’ap sove ak pye l’,
kavalye a p’ap sove lavi l’, sa k’ gen plis kouraj la se ni-kò l’ap sove jou sa
a», deklarasyon Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 16bc-17. 18-19. 20-21. 22-23
R/ Konprann bagay sa yo, nou menm ki bliye Bondye a.
Poukisa w’ap
resite kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Ou menm
poutan ou rayi disiplin, ou rejte pawòl mwen yo dèyè do ou.R.
Si ou wè yon
vòlè, ou kouri ansanm avèk li; se avèk adiltè a pòsyon ou ye.
Bouch ou, ou
te lage l’ bay mechanste, lang ou t’ap plede koze riz.R.
Lè ou chita
se kont frè ou w’ap pale, se kont pitit manman ou w’ap di bagay pou avili l’.
Se bagay sa yo
ou te fè, epi mwen te pe bouch mwen.
Ou te konprann
mwen te sanble avèk ou: m’ap fè ou eksplikasyon, m’ap drese yo kont fas ou.R.
Konprann bagay
sa yo, nou menm ki bliye Bondye a; pou m’ pa sezi, si pa gen pèsonn ki delivre.
Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè lwanj mwen,
moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a. R.
LEVANJIL
«Suiv mwen»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A MATYE KI SEN 8, 18-22
Lè sa a:
Jezi wè anpil
foul alantou l’, li pase lòd pou travèse lòt bò lanmè a. Yon pwofesè pwoche, li
di l’: «Mèt, m’ap suiv ou kote ou a prale».
Jezi di l’:
«Rena yo gen twou yo, zwazo syèl yo gen nich yo; Pitit moun nan menm pa gen
kote pou l’ poze tèt li».
Youn nan disip
li yo di l’: «Granmèt, kite m’ al antere papa m’ anvan». Jezi menm di l’: «Suiv
mwen, kite mò yo antere mò pa yo».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil jodi
a pale nou sou kondisyon pou nou swi Jezi: Yon moun ki vle swiv Jezi se yon
moun ki dwe vrèman disponib pou li bouje, pou li ale tout kote. Èske nou pare
pou nou ale tout kote akoz Jezikri? Si nou ka reponn «wi» ak kesyon sa a, sa vle di, nou pare pou nou swiv Jezi. Si
repons nou se «non», epi nou di nou
se kretyen, sa mande pou nou chache wè ki sa ki anpeche nou al fè misyon pou
Jezi.
Disponibilite
nou nan swiv Jezi mande pou nou kite paran nou, prewokipasyon nou, menm rive
kite lantèman moun nou genyen ki mouri. Kidonk mache ak Jezi, sa mande nou
detache ak anpil bagay ki gen valè pou nou.
Lè Jezi di
fòk yon moun kite tout bagay pou ka rive swiv li, li vle montre nou se yon
bagay ki difisil, ki ekzijan anpil. Sa ki eksplike difikilte ak ekzijans sa a,
se paske nou tout renmen konfò nou, alòske swiv Jezi pa garanti nou sa a; nou
tout renmen fanmi nou, papa, manman, frè ak sè nou, lajan, men Jezi mande pou
nou kite yo, detache ak yo, pou nou ka swiv li nan libète. Swiv Jezi difisil
men li pote kè kontan.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ede mwen rete fidèl nan
sèvis ou. Amèn !
PWOPOZISYON: M’ap idantifye obstak nan
lavi mwen ki anpeche mwen swiv Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario