TOMA KI SEN,
Apot.
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Nou bati sou fondasyon Apot yo”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 19-22
Frè m’ yo:
Nou pa
etranje ak moun vini ankò, men nou se sitwayen menm peyi ak sen yo, nou se moun
kay Bondye; nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt
la, se Jezikri; se nan li tout kay la ki bati a ap grandi vin yon tanp ki sen
nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou pou nou vin tounen kay Bondye
nan Lespri a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1.2
R/ Ale sou tout
tè a, preche Bòn Nouvèl la.
Fè lwanj
Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske li vin
asire kè sansib li sou nou, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Granmèt mwen ak Bondye mwen!”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 24-29
Toma, youn
nan douz yo, sa yo rele Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an.
Lòt disip yo
di l’: “Nou wè Granmèt la”.
Li menm li di
yo: “Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa mete dwèt mwen nan plas klou
yo, si m’ pa mete men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè”.
Aprè uit jou,
disip li yo te anndan ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te fèmen, li
kanpe nan mitan, li di: “Lapè pou nou”.
Aprè sa, li
di Toma: “Met dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan kòt mwen:
sispann manke lafwa, se pou ou kwè”.
Toma reponn,
li di l’: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!”
Jezi di l’:
“Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè, men ki kwè”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap
fete Sen Toma, youn nan douz Apot Jezikri te chwazi yo. Non Sen Toma site nan
lis apot Jezikri yo nan Levanjil Sinoptik yo (Matye, Mak
ak Lik). Non li site tou nan Liv Travay Apot yo. Sen Jan, nan Levanjil li ekri a,
li bay Toma yon plas trè patikilye. Toma se sèl Apot ki te doute sou Rezireksyon
Jezi a. Malgre li te viv ak Granmèt la, li te mache toupatou ansanm ak li, li
te temwen tout mirak li t’ap fè yo, li gen yon bagay li pa t’ ko konprann. Li
pa t’ kwè Pitit Moun nan te gen pou li te leve byen vivan sòti nan lanmò, aprè
yo te fin arete li, yo te kondane li pou li te mouri sou kwa a. Sanble Toma te
bliye pawòl Jezi yo: “Pitit Moun nan gen
pou soufri, pou mouri anba men mechan yo, men sou twa jou l’ap resisite” (Mak
8,31/Mat 17,22-23).
Nou sonje kòman Jezi te fè plizyè moun wè li
aprè li te fin resite. Ebyen lè li te parèt devan Apot yo byen vivan, Toma li
menm li pa t’ la e lè lòt Apot yo te rapòte li sa, li te refize kwè. Li te di
si li pa wè Mèt la ak mak klou yo nan men li, li p’ap janm kwè! Kisa ki te
pase? Ebyen sou ui jou (sa vle di sou yon semèn), Jezi te parèt yon dezyèm fwa
devan Apot yo. Li salye yo antan li di yo: “Lapè pou nou” (Jan 20,21).
Fwa sa a, Toma te la, li te wè, li te kwè se
te Jezi tout bon vre; e nan yon gwo sezisman li te eksprime lafwa li antan li
di: “Granmèt mwen ak Bondye mwen!”. Jezi te pran
tan pou li te montre li men li ak kòt li yo; li te di Toma: “Met dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou,
mete l’ nan kòt mwen: sispann manke lafwa, se pou ou kwè” (Jan 20,27).
Nan yon moman
gwo enkyetid, yon moman pèsekisyon kote Apot yo te oblije kache pou yo pa touye
yo, se nan moman sa Jezi parèt e li pote lapè pou zanmi li yo. Nou menm tou,
gen anpil fwa nou konn pè sòti deyò pou n’ al pote Bòn Nouvèl la, nou wont di
nou se kretyen.
N’ap viv nan
yon mond de jou an jou k’ap vin pi sekilarize e globalize. Jodi a y’ap pale nou
de mondyalizasyon, globalizasyon. Gen yon nouvo kilti, yon nouvo abitid, yon
nouvo konpòtman, yon nouvo mantalite, yon nouvo fason pou nou konprann reyalite
moun ak reyalite mond lan.
Anpil van
chanjman ap souvle. Atravè radyo, televizyon, entènèt, elatriye, gen yon seri valè, men tou yon seri anti-valè k’ap sikile. Lè nou pa deside
antre nan nouvo kouran yo, anpil fwa nou rete pasif oubyen nou netralize tèt
nou, nou fè silans pou yo pa di nou pa alamòd, n’ap viv nan Lantikite, oubyen
nou pa sou moun.
Nan silans sa
a, Jezi vini ankouraje nou, e l’ap di nou: “Lapè
pou nou”. Mezanmi, an nou pa kontinye fè doutans menm jan ak Toma, paske
Jezi di nou “ala kontantman pou moun ki
pa wè, men ki kwè”. Lafwa nou bati sou temwayaj ak ansèyman Apot yo e
misyon nou pa diferan ak misyon Apot yo te genyen an; misyon sa nou jwenn li
presize nan sòm n’ap medite pou jodi a:
“Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl
la”. Se te misyon Sen Toma ak tout
lòt Apot yo. Jodi a se misyon Legliz la, se misyon chak moun ki batize.
LAPRIYÈ:
Granmèt, menm si anpil fwa nou doute ke ou la tout bon vre avèk nou, pa kite
nou mouri nan fè doutans. Se pou nou kapab di
menm jan ak Toma: “Granmèt
mwen ak Bondye mwen!” Pa kite fènwa move lavi ak move tandans nou yo bouche
je nou; men tanpri ede nou dekouvri klète prezans ou ki byen vivan e ki pote
lapè pou nou.
PWOPOZISYON:Menm si ta sanble gen
rezon ki fè m’ fè doutans, mwen gen konviksyon Bondye toujou la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario