Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Wete bui kantik nou yo sot kote m’, se pou
jistis la tankou gran ravin".
LEKTI LIV PWOFÈT
AMÒS 5, 14-15. 21-24
Chèche byen,
pa chèche mal, pou nou kab viv, e Granmèt Bondye lame yo ap avèk nou, jan nou te
di a. Rayi mal, renmen byen, mete jistis nan tribinal la; petèt Granmèt Bondye
lame yo a gen pitye pou rès Jozèf yo.
"Mwen
rayi, mwen rejte fèt nou yo, deklarasyon Granmèt la, mwen pa kapab santi lodè reyinyon
nou yo. Lè nou ofri m’ sakrifis antye
ak kado nou yo, mwen p’ap resevwa yo, ni ofrann nou yo ki byen gran an, mwen p’ap
gade yo. Wete bui kantik ou yo sot kote m’, mwen p’ap koute chante gita ou yo.
Konsa jijman an va eklate tankou sous dlo, ak jistis la tankou ravin ki gen
fòs".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 7. 8-9. 10-11. 12-13. 16bc-17
(r.: 23b)
R/ Moun ki san
tach sou wout la, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Koute, pèp mwen,
m’ap pale;
Izrayèl, m’ap
deklare temwayaj kont ou: se Bondye, Bondye ou mwen ye.R.
Se pa poutèt
sakrifis ou yo m’ap reprann ou;
Sakrifis antye
ou yo devan fas mwen tout tan.
Mwen p’ap aksepte
bèf ki sot lakay ou, ni kabrit ki sot nan pak ou yo.R.
Paske tout
bèt nan bwa yo se pou mwen, mil bèt sou mòn yo.
Mwen konnen
tout zwazo syèl la, sa ki an mouvman nan jaden, se pou mwen.R.
Si m’ grangou, mwen p’ap di w’; sèke fas tè a se pou mwen ak sa k’ plen l’.
Èske m’ap
manje chè towo yo, oubyen san kabrit yo, èske m’ap bwè l’? R.
Pouki sa w’ap
resite kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Ou menm
poutan ou rayi disiplin, ou rejte pawòl mwen yo dèyè do ou? R.
LEVANJIL
"Ou vini isit anvan lè a pou ou maltrete demon
yo?"
MEN BÒN NOUVЀL
JEZIKRI A DAPRЀ MATYE KI SEN 8, 28-34
Lè sa a:
Lè Jezi rive
lòt bò lanmè nan rejyon Jerazenyen yo, gen de moun ki gen demon ki vin rankontre
l’, yo te sòti nan kavo yo, yo te mechan anpil, si tèlman, pèsòn pa t’ kapab
pase nan wout sa a. Yo pran rele, yo di: "Sa k’ genyen ant nou menm ak ou
menm, Jezi Pitit Bondye? Ou vini isit anvan tan an pou ou maltrete nou?"
Pa lwen yo, te
gen yon bann pakèt kochon ki t’ap manje. Demon yo lapriyè l’, yo di: "Si ou
chase nou sot isit la, voye nou nan bann kochon yo". Li di yo: "Ale".
Yo pati, y’al nan kochon yo; menm lè a ak yon sèl mouvman, tout bann kochon an
pati tèt bese nan lanmè, yo mouri nan dlo yo.
Gadyen yo menm
sove, yo vin nan lavil la, yo rakonte tout bagay, ansanm ak sa k’ te rive moun
yo ki te gen demon yo. Tout lavil la sòti vin rankontre Jezi; lè yo wè l’, yo
lapriyè l’ pou l’ pati sot nan peyi yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye.
REFLEKSYON: «Yo
lapriyè l’ pou l’ pati sot nan peyi yo».
Jodi a, nou
dekouvri yon kontradiksyon ki bay anpil tristès. Kontradiksyon an sèke: nou
admire pouvwa ak grandè Bondye a nan Jezikri, li menm demon yo soumèt devan li
(e se siy Wayòm Bondye a ki rive). Men, an menm tan tou, nou regrèt jan kè moun
nan fèmen, akoz egoyis li, lè li refize Sila ki pote Bòn Nouvèl la: «Tout lavil la sòti vin rankontre Jezi; lè
yo wè l’, yo lapriyè l’ pou l’ pati sot nan peyi yo» (Mt 8, 34). E se «tris» paske « Limyè sa a, se li ki limyè tout
bon an. Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li» (Jan
1,9.11).
Plis
kontradiksyon ak plis sipriz, si nou konsidere lòm nan libe pi libète sa gen ‘‘pouvwa mete fren ’’ nan pouvwa Bondye ki
san limit. Yon lòt fason nou ta kapab di puisans
Bondye a ki san limit la, li rive kote puisans libète nou pèmèt li rive. E
se konsa sa ye paske Bondye renmen nou prensipalman an premye antan ke Papa e,
kòm konsekans, sa pa dwe etone nou si li respekte libète nou: li pa oblije nou
resevwa renmen li an, men li ofri nou li, li pa enpoze nou lanmou li an, men li
pwopoze nou li.
Bondye, avèk sajès
li ak bon kè li ki san limit, l’ap gouvène linivè a, antan li respekte libète
nou; menm si libète moun nan fè li vire do bay Bondye e menm refize volonte li.
Men sa pa vle di Bondye pèdi kontwòl mond lan: Bondye mete tout bagay nan plas
yo malgre obstak nou menm nou kapab prezante. Vrèman vre, obstak nou yo, avan
tou, se pèlen nou tann pou pwòp tèt nou.
Malgre tou,
nou kapab afime «fas avèk libète moun
nan, Bondye fè li ‘‘fèb’’. E nou kapab di tou, Bondye peye pou gran kado sa
a [libète a] ke li bay yon kreyati ke li fè ak pwòp men li pòtre ak li, pou
sanble ak li [lòm] (Jan Pòl II). Bondye peye! Si nou rejte li, Li obeyi epi li
ale fè wout li. Li peye, men se nou ki pèdi. Nou genyen, se lè nou reponn
tankou Lasent Vyèj Mari: «Men mwen, se
sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a» (Lik 1, 38).
LAPRIYÈ:
Granmèt, se pou volonte ou fèt nan lavi mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:
Mwen p’ap kite libète Bondye ban mwen an fè m’ pran
desizyon kont pwòp tèt mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario