Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Ale,
fè deklarasyon pwofèt pou pèp mwen an”.
NAN LIV PWOFÈT AMÒS 7,
10-17
Jou sa yo :
Amazyas, prèt Betèl la, voye kot Jewobowam,
wa Izrayèl la, li di: “Amòs revòlte kont ou nan mitan kay Izrayèl la; peyi a pa
kapab sipòte tout pawòl li yo. Men sa Amòs di : ‘Jewobowam ap mouri ak epe,
Izrayèl ap ekzile kòm prizonye sot nan peyi’1 la’
Amazyas di Amòs : “Ou menm ki gen
vizyon an, al fè wout ou; sove kò’w nan peyi Jida, w’al manje pen’ w laba a,
w’a fè deklarasyon pwofèt laba a. Men lan Betèl, ou pa bezwen kontinye ap fè
deklarasyon pwofèt ankò, paske se kay sakre wa a ak kay rèn
li”.
Amòs reponn, li di Amazyas :
“Mwen pa pwofèt, mwen pa pitit pwofèt; men se bèf mwen konn gade, avèk pye fig
frans mwen konn taye. Granmèt la pran m’, pandan mwen t’ap swiv bann bèt yo,
Granmèt la di m’ : ale, fè deklarasyon pwofèt pou pèp mwen Izrayèl’.
Kounye a koute pawòl Granmèt la :
Ou di : «Pa fè deklarasyon pwofèt sou Izrayèl, pa pale kont kay zidòl la».
Poutèt sa, men sa Granmèt la di : «Madanm ou ap fè move dezòd nan lavil la;
pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap tonbe anba kout epe; tè w’ la, y’ap
mezire 1’ ak chèn apantè; ou menm menm se nan peyi plen salte w’ap mouri,
Izrayèl ap ekzile kòm prizonye sot nan peyi 1’ la».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10.
11 (r.: 10b)
R/ Jijman
Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.
Lalwa
Granmèt la san tach, li refè nam moun, temwanyaj Granmèt la fidèl, li bay ti
moun yo bon konprann.R.
Jistis
Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè
Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk
yo tout ansanm.R.
Yo pi
chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase siwo myèl ak reyon siwo
myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
“Yo
fè lwanj Bondye, ki bay lezòm yon si gran pouvwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 1-8
Lè sa a :
Jezi monte nan yon batiman, li
travèse lanmè, li rive nan lavil li a. Men yo vin prezante 1’ yon moun ki pa
kapab fè mouvman, ki kouche sou kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li di moun
paralize a: «Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase».
Detwa nan pwofesè yo di nan kè yo
: “Sila a ap derespekte Bondye”.
Lè Jezi wè panse yo, li
di : “Pouki sa n’ap kalkile sa k’ mal nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil pou di :
‘Peche’ w’ yo padone’, oswa di : ‘Leve, mache’? Ebyen pou
nou kapab konnen Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou 1’ padone peche yo”, lè
sa a li di moun paralize a : “Leve, pran kabann ou, al lakay ou”.
Li leve, li pati ale lakay li.
Lè foul yo wè sa, yo sezi, yo fè
lwanj Bondye, ki te bay lezòm yon si gran pouvwa.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Leve, pran kabann ou, al lakay ou”.
Jodi a nou jwenn
youn nan gwo temwayaj bonte ak mizerikòd Granmèt la nan Levanji la. Li montre
nou anpil aspè ki chaje ak ti detay. Konpasyon Jezi a ki manifeste nan
mizerikòd li ki san limit la, se sa ki fè li resisite mò, se sa ki fè li geri
sila ki gen lalèp la, se sa ki fè tou li padone fanm movèz vi a tout moun t’ap
lonje dwèt sou li a, e se sa tou ki fè li geri malad yo, li akeyi pechè ki
repanti yo, moun rekonèt peche yo e ki kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Li
montre kijan li akeyi pechè lè li pale nou te mouton ki pèdi a ak lè li pale de
ti gason banbochè a.
Pòsyon Levanjil Matye nou li jodi a, li
montre nou mizerikòd Granmèt la sou de (2) aspè an menm tan: mizerikòd Bondye
fas ak kò e fas ak nam nan ki enfim. Men kòm enfimite nam nan pi gwo,
Jezi kòmanse avèk li. Li konnen malad la repanti, li regrèt peche
li yo, li wè lafwa li ak lafwa sila yo ki pote li ba li a, e Li di li: «Pran konfyans, pitit, peche w’ yo efase»
(Mat 9, 2).
Men, pou kisa Jezi di sa
alòske pèsonn pa mande li sa? Sa byen klè, Jezi konnen panse moun e Li konnen
se pou sa paralize a te ka gen plis rekonesans anvè li, paske devan prezans
Jezi ki san peche a, malad la te ka santi li wont, li jennen akoz peche li yo,
epi petèt kèk laperèz te ka anpeche li jwenn gerizon li t’ap chèche a. Granmèt
la vle mete paralize-a alèz. Sa pa gen enpòtans si pwofesè yo (espesyalis Lalwa
yo) ta babye. Okontrè pou Jezi, sa ki enpòtan, se montre ke Li te vini pou
manifeste mizerikòd la anvè pechè yo, sa fè pati misyon li. Se sa li vle tout
moun konnen.
Moun ki kite ògèy yo
bouche je yo, yo panse yo se moun kòrèk, e yo pa aksepte apèl Jezi fè yo;
okontrè, moun ki vrèman konsidere tèt yo tankou pechè, yo akeyi apèl sa a. Se
Granmèt la ki koube li byen ba devan yo pou li padone yo.
Tankou Sen Ogisten di sa: «Moun ki gen gwo lògèy la, li se yon gwo
mizè, men mizerikòd Bondye a ki plen senplisite a pi gran toujou». Epitou,
nan ka n’ap pale jodi a, mizerikòd Bondye a ale pi lwen toujou: non sèlman li
padone paralyze tout peche li, men tou li ba li lasante: «Leve, pran kabann ou, al lakay ou» (Mt 9,6). Jezi vle pechè konvèti
a gen yon lajwa total.
LAPRIYÈ:
Granmèt, nou gen anpil maladi ki kokobe nou, tankou rayisans, lògèy. Tanpri, nan
mizerikòd san limit ou a, vin libere nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Si m’ pran konsyans mwen se pechè, m’a resevwa
gras nan men Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario