Koulè
Wouj
Andre Kim
Taegon, prèt, ak Sen Pòl Chong Hasang
ak konpayon li yo ki sen, mati (Memwa).
PREMYE LEKTI
«Se konsa nou preche, epi se konsa nou menm nou
kwè».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 15, 1-11
Frè m’ yo,
mwen vle fè nou konnen levanjil la, li menm mwen te preche nou an, li menm nou
te resevwa a, ladan l’ nou te rete a, li menm k’ap sèvi nou pou nou sove si nou
kenbe l’ jan m’ te preche ba nou an, otreman se pou granmesi nou kwè. Sèke mwen
te transmèt nou tou dabò sa mwen menm mwen te resevwa a: Jezikri mouri pou
peche nou yo, daprè labib la, epi yo antere l’, epi li leve sou twazyèm jou a,
daprè labib la; epi Sefas wè l’, aprè sa se onz yo, aprè sa gen plis pase
senksan frè ki wè l’ alafwa, nan pami yo gen anpil ki la jouskoulye a toujou,
men genyen ki dòmi; aprè sa Jak wè l’, aprè sa se tout Apot yo; alafen aprè
tout moun, mwen wè l’ tou, mwen menm ki tankou yon pitit ki fèt anvan tèm nan.
Reyèlman vre
se mwen menm ki pi piti nan pami apot yo, mwen pa merite yo rele m’ apot, paske
mwen te pèsekite legliz Bondye a. Se favè Bondye a ki fè m’ sa m’ ye a, epi
favè l’ nan mwen pa ret vid, okontrè mwen travay pi plis pase yo tout: sèlman
se pa mwen menm, se favè Bondye a avèk mwen. Antouka swa mwen menm, swa yo menm, se konsa nou preche, se konsa tou nou
menm nou kwè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117, 1-2. 16ab-17. 28 (r.: la)
R/ Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon.
Fè lwanj Granmèt
la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se pou Izrayèl
di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat
Granmèt la fè mèvèy, men dwat Granmèt la leve byen wo.
Mwen p’ap
mouri, men m’ap viv, m’ap rakonte travay Granmèt la.R.
Se Bondye m’
ou ye, m’ap fè lwanj ou, Bondye mwen, m’ap fè bèl lwanj pou ou.R.
LEVANJIL
«Yo padonnen l’ anpil peche, paske li renmen anpil»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7,
36-50
Lè sa a:
Youn nan
farizyen yo mande Jezi pou l’ vin manje avèk li. Jezi antre lakay farizyen an,
l’al sou tab.Yon madanm ki t’ap mennen yon vi peche nan lavil la vin rive, lè
l’ konnen Jezi te sou tab nan lakay farizyen an, li pote yon boutèy losyon; li
kanpe dèyè bò pye l’, li kòmanse wouze pye l’ ak dlo k’ap sot nan je l’, li
souye yo ak cheve tèt li, li bo pye l’, li pase losyon sou yo.
Lè farizyen an
ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l’: «Sila a, si se te pwofèt li te ye,
li ta konnen sètènman kilès epi ki kalite moun madanm sa a ye, li menm k’ap touche
l’ la: se yon fi k’ap viv nan peche».
Jezi pran
lapawòl, li di l’: «Simon, mwen gen kichòy pou m’ di ou».
Simon di l’:
«Mèt, pale».
«De moun te dwe
yon moun ki konn prete lajan; youn te dwe senksan goud, lòt la senkant.Kòm yo
pa t’ kapab renmèt li, li fè yo toulede kado lajan an. Kilès k’ap renmen l’ pi
plis?»
Simon reponn, li
di: «Mwen konsidere se sa li fè kado plis la».
Jezi di l’: «Ou
fè bon rezònman».
Li vire kot
madanm nan, li di Simon: «Ou wè madanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa ban m’
dlo pou pye m’; li menm menm se ak dlo nan je l’ li wouze pye m’, ak cheve l’
li souye yo.Ou pa bo m’; li menm menm, depi l’ antre, li pa sispann bo pye
m’.Ou pa pase luil sou tèt mwen; li menm menm li vide losyon sou pye m’.Se
pousa mwen di ou: Pakèt peche l’ yo padonnen, paske li renmen anpil. Moun yo
padonnen ti kras, li renmen ti kras».
Jezi di madanm
nan: «Peche ou yo padonnen». Moun ki te sou tab ansanm ak li yo, yo kòmanse ap
di anndan kè yo: «Kilès sila a, k’ap padonnen ata peche yo?».Jezi menm di madanm
nan: «Lafwa ou sove ou; ale ak lapè».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Pawòl Bondye a mande nou prete atansyon ak padon
Granmèt la ap ofri nou: «Peche ou yo
padonnen» (Lik 7,48). Nou menm kretyen yo, li nesesè pou nou sonje de
bagay: Nou dwe padone yon moun san nou pa jije li e nou dwe renmen anpil paske
Bondye padone nou gratis. Gen 2 mouvman: padon nou
resevwa ak padon nou dwe bay nan lanmou.
Sen Jan Krizostòm konseye nou: « Lè yon moun manke ou dega oubyen ensilte ou, piga ou rann li koupab, di
se demon an ki koupab, se li ki fè moun nan manke ou dega, se ak demon an pou
ou fache; men se pou ou santi konpasyon pou pòv la ki fè sa dyab la te fè li fè
a». Nou pa dwe jije pèsonn, men se pou nou repwoche li fason li aji ki pa
bon an. Bondye renmen moun nan san rete, se movè zak nou yo ki fè nou viv
dozado ak Bondye. Nou dwe toujou dispoze pou nou padone, resevwa epi renmen
moun nan, men nou dwe rejte tout aksyon ki an kontradiksyon ak lanmou Bondye a.
Moun ki peche li blese lonè ak lanmou Bondye, li blese
pwòp diyite li kòm moun ki gen vokasyon pou tounen pitit Bondye epi li blese
byen espirityèl Legliz la, kote chak kretyen dwe yon wòch vivan» (Katechèz
Legliz, n. 1487).
Atravè Sakreman penitans la moun nan gen posiblite ak
opòtinite pou refè relasyon li ak Bondye epi ak tout Legliz la. Sèl repons nou
ka bay padon nou resevwa se renmen. Lè nou rekipere gras la ak lè nou
rekonsilye ak Bondye ak frè ak sè nou, sa dwe pouse nou renmen ak yon flanm
lanmou ki divinize. Nou gen vokasyon pou nou renmen menm jan Bondye renmen!
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede mwen renmen frè
ak sè mwen yo menm jan ou renmen mwen.
PWOPOZISYON: Si nou padonen moun ki blese nou, nou va resevwa
padon Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario