Páginas

MЀKREDI 19-9-2018


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Lafwa, lesperans, ak charite rete; pi gran an menm se charite a”.

NAN PREMYE LÈT PÒL EKRI MOUN KORENT YO 12, 13 -31. 13
Frè m’ yo:
Se pou nou chache kado ki pi bon yo. M’ap montre nou yon wout ki pi bon. Si mwen ta pale langaj lezòm ak langaj Mesaje yo, epi mwen pa gen charite, mwen ta vin tankou yon fè k’ap sonnen oubyen yon senbal k’ap fè bwi. Si m’ ta gen pouvwa pwofèt, si m’ta konnen tout mèvèy sakre ak tout syans, epi si m’ ta gen tout lafwa, joustan pou  m’ ta deplase mòn yo, epi mwen pa gen charite, mwen pa anyen. Si m’ ta  separe tout byen mwen yo pou bay pòv yo manje, si m’ ta  renmèt kò m’ pou yo boule m’, epi mwen pa gen charite, sa p’ap sèvi m’anyen.
Charite a gen pasyans, li gen bon jan; charite a pa fè jalouzi, li pa aji pou  1’ vante tèt li, li pa gonfle kò 1’, li pa fè lanbisyon, li pa chache bagay ki pou li yo, li pa fè kòlè, li pa kalkile sou sa k’ mal, li pa kontan poutèt mechanste, okontrè li kontan pou laverite: li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Charite a p’ap janm pase, travay pwofèt yo ap pase, lang yo ap pase, syans yo ap disparèt. Se yon mòso sèlman nou konnen, se yon mòso sèlman nou anonse kòm pwofèt; lè sa k’ kòrèk nèt la ap rive, sa k’ yon mòso a ap pase. Lè m’ te ti moun, mwen te pale tankou ti moun, mwen te reflechi tankou ti moun, mwen te panse tankou ti moun; men lè m’ vin  tounen yon moun ki gen laj, mwen fè bagay ti moun yo disparèt. Kounye a se nan glas nou wè tankou nan pòtre, lè sa a menm se fas a fas; kounye a se yon mòso nou konnen, lè sa a menm n’ap konnen jan yo konnen nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Se chans pou pèp sa a Granmèt la chwazi pou eritaj li a.
Fè lwanj pou Granmèt la sou gita, sou enstriman diskòd la, chante pou li.
Chante yon kantik nouvo pou li,
Jwe  mizik byen pou li avèk gran bravo. R.
Sèke pa Granmèt la dwat, tout aksyon 1’ yo nan fidelite.
Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a. R.
Se chans pou nasyon ki gen Granmèt la pou Bondye 1’, pèp sa a li chwazi kòm eritaj li a.
Se pou kè sansib ou vin  sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou  a. R.

LEVANJIL
“Nou chante, nou menm nou pa danse; nou chante chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK  KI SEN  7, 31-35
Lè sa a :
Granmèt la di : “Ak ki sa mwen ta konpare lezòm jenerasyon sa a ? ak ki sa yo sanble ? Yo tankou ti moun ki chita sou plas, youn ap pale ak lòt, y’ap di : ‘Nou chante pou nou ak flit, nou menm nou pa danse; nou chante dèy, nou menm nou pa kriye’.
Reyèlman vre Jan Batis rive, li pa manje pen, li pa bwè diven, epi nou di : ‘Se yon denmon li genyen’. Pitit moun nan rive, 1’ap manje, 1’ap bwè, epi nou di : ‘Men yon moun ki  manje anpil,  ki bwè diven, ki zanmi pibliken yo ak pechè yo’. Men bon konprann nan jwenn jistis nan men tout pitit li yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tèm Sen pòl trete pou nou jodi a nan premye lekti a, se linyon, tèt ansanm, solidarite, kolaborasyon. Deviz Pèp Ayisyen se «Linyon fè lafòs», sa vle di, si nou mete tèt nou ansanm nan renmen, n’ap gen plis fòs ; men jounen jodi a fòk nou ta poze tèt nou kesyon èske se vre nou viv nan tèt ansanm sa a n’ap chante depi plis pase 2 syèk ? Ѐske mesaj jodi a se pa pou nou Apòt la ap pale. Alò Pòl vle montre nou, nan yon sosyete kijan chak manm ladan se yon moun enpòtan, nou youn pa ka viv san lòt, nou youn bezwen lòt. Pèsonn pa ka di li menm li pa bezwen moun, menm si li ta gen anpil lajan, men gen yon seri de sèvis lajan pa ka rann. Se poutèt sa nou youn dwe soutni lòt, nou youn dwe kolabore ak lòt.
An nou pran yon ti tan pou nou revize nou pou nou wè si se pa pwoblèm divizyon sa ki mete nou kote nou ye a, paske nou wè menm Bondye se tèt-ansanm, paske la Sent Trinite se twa pèsòn ki fè yon sèl. Sa vle di, si Bondye ban nou bèl ekzanp sa a, poukisa nou menm nou pa vle viv nan tèt ansanm ? Poukisa tout lajounen se chen manje chen, ti krik ti krak youn vle devore lòt, youn vle touye lòt, youn pa vle lòt pwogrese.
Ala bon sa ta bon si youn ta kapab chita ak lòt pou pataje ansanm nan lanmou, senserite ak kè kontan! Se sa Jezi li menm ankouraje nou fè. An nou chèche viv nan tèt ansanm jan li mande nou.  LAPRIYÈ : Granmèt o ! Aprann mwen renmen frè m’ak sè m’ yo, pa sèlman nan pawòl nan bouch, men sitou nan aksyon m’ap poze.
PWOPOZISYON : Pou m’ viv nan amoni ak pwochen mwen, fòk mwen gen plis tolerans.

No hay comentarios:

Publicar un comentario