Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo simen nan sa k’ap gate, se sa ki pa kapab
gate ki leve».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN
YO 15, 35-37. 42-49
Frè m’ yo:
Yon moun
kapab di: «Kijan mò yo ap leve? ak ki kalite kò y’ap vini?» Ou pa konprann, ou
menm ki simen an, se pa kò k’ap vin aprè a ou simen, men se yon grenn ki san
po, pa ekzanp grenn ble oubyen lòt bagay konsa.
Se konsa tou
pou kesyon mò yo k’ap leve a. Yo simen nan sa k’ap gate, li leve nan sa ki p’ap
gate; yo simen nan lawont, li leve nan bèlte; yo simen nan feblès, li leve nan
fòs; yo simen yon kò ki gen souf, se yon kò lespri ki leve. Si gen yon kò ki
gen souf, gen yon kò lespri tou; daprè sa k’ ekri a: «Premye moun nan Adan vin
tounen yon souf vivan», dènye Adan an ap vin tounen yon lespri k’ap bay lavi.
Sèlman se pa sa
k’ lespri a ki parèt anvan, se sa k’ gen souf la, aprè sa, se sa k’ lespri a ki
vini. Jan sila a ki te sot nan tè a ye, konsa tou sila yo ki sot nan tè a ap
ye; jan sila a ki sot nan syèl la ye, konsa tou sila yo ki sot nan syèl la ap
ye.
Konsa, menm jan
nou te pote pòtre sa ki sot nan tè a, se konsa tou pou nou pote pòtre sa ki sot
nan syèl la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 55, 10. 11-12. 13-14 (r.: cf. 14b)
R/ M’ap mache devan fas Bondye nan limyè vivan yo.
Lè sa a lènmi m’
yo ap vire dèyè, nan nenpòt ki jou m’ap rele:
men mwen konnen se Bondye m’ ou
ye.R.
Nan Bondye, li
menm m’ap fè lwanj pawòl li a, nan Granmèt la, li menm m’ap fè lwanj pawòl li
a.
Nan Bondye mwen espere, mwen p’ap pè: ki sa pou moun fè m’?R.
Bondye, m’ap
kenbe pwomès mwen te fè ou yo;
m’ap fè lwanj ou; paske ou delivre nam mwen sot
nan lanmò, ak pye m’ sot nan pyèj,
pou m’ mache devan Bondye nan limyè vivan
yo.R.
LEVANJIL
«Sa k’ nan bon tè a, se sila yo ki kenbe pawòl la,
ki donnen fwi nan pasyans»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8, 4-15
Lè sa a:
Kòm anpil
foul te rasanble, yo te vin sot nan vil yo pou yo pwoche kot Jezi, li di sou
fòm parabòl: «Sila a ki konn simen an sòti pou simen semans li.Pandan l’ap
simen, yon pòsyon tonbe bò chemen an, yo foule l’ anba pye, zwazo syèl yo manje
l’. Yon lòt pòsyon tonbe sou wòch, kon l’ pouse, li seche, paske pa t’ gen
frechè.Yon lòt pòsyon tonbe nan pami pikan, pikan yo pouse ansanm avèk li, yo
toufe l’. Yon lòt pòsyon tonbe nan bon tè, li leve, li bay fwi san fwa plis».
Pandan l’ap
di sa, li rele byen fò: «Moun ki gen zòrèy pou koute, se pou l’ koute».
Disip li yo
poze l’ kesyon, sou sans parabòl sa a.
Li di yo:
«Nou menm yo ba nou pouvwa pou nou konnen mèvèy sakre rèy Bondye a, lòt yo menm
se an parabòl, pou yo gade san yo pa wè, pou yo tande san yo pa konprann.
Men parabòl la:
Semans la se pawòl Bondye a. Sa k’ sou bò wout la, se sila yo ki fin tande,
aprè sa, dyab la rive, li wete pawòl la sot nan kè yo, pou yo pa kwè, pou yo pa
sove. Sa k’ sou wòch la, se sila yo ki fin tande, yo resevwa pawòl la avèk kè
kontan, men yo pa gen rasin, se pou yon tan yo kwè, epi nan tan difikilte a, yo
sede.
Men sa k’ nan
bon tè a, se sila yo ki tande pawòl la nan yon kè ki bon, ki kòrèk nèt, yo
donnen fwi nan pasyans».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi ap pale nou de sila a ki «sòti pou li
simen semans la» (Lik 8,5) e semans sa pa lòt bagay ke «pawòl Bondye a». Men
«pandan l’ap pouse, pikan yo toufe li» (Lik 8, 7).
Genyen yon pakèt kalite pikan
ki ekziste. «Sa k’ tonbe nan
pikan yo, se sila yo ki fin tande, men antan y’ap travèse tèt chaje ak richès
ak plezi lavi a, yo toufe, yo pa donnen fwi.» (Lik 8,14).
—Granmèt,
èske mwen koupab poutèt gen tout pwoblèm sa yo? Mwen ta renmen pa genyen yo,
men yo sòti tout kote vin jwenn mwen! Mwen pa konprann poukisa yo fè mwen pa ka
resevwa pawòl ou a, si yo pa peche, ni vis ni defo.
—Poukisa
ou bliye mwen se Papa ou epi ou rann tèt ou esklav yon maten ki petèt p’ap janm
rive!
Si nou
te kwè tout bon vre nan Pwovidans Bondye ak nan pwoteksyon li ba nou chak jou
nan lavi nou, sètènman gen anpil sousi ak enkyetid ke nou pa ta genyen nan lavi
nou!
Nou tout
nou gen anpil rezon pou nou gade devan sou tè sa a, avèk yon lespri ki detache
ak yon pakèt bagay ki sanble endispansab, etan done ke Papa nou konnen trè byen
sa ki nesesè pou nou! (Lik 12,30) epi li p’ap manke ba nou li.
David
di: «Renmèt sò ou nan men Granmèt la, l’a kenbe ou fèm» (Sòm 54,23) Se sa Sen
Jozèf te fè lè Granmèt la te mete li aleprèv: Li te panse, poze kesyon, priye,
li te pran yon rezolisyon pou renmèt tout bagay nan men Bondye. Lè zanj la te
vini, li pa t’ oze reveye li, li te pale nan rèv ak li. Anfen, se yon sèl bagay
ki dwe nan lespri mwen Granmèt, se fè lwanj ak konpliman pou ou menm ki vivan e
ki anlè tout bagay.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè Lespri ou a pase pou
netwaye, rache tout pikan ki fè semans pawòl ou a pa ka grandi pou pote fwi nan
lavi mwen.
PWOPOZISYON: M’ap ekzaminen tèt mwen
pou mwen wè nan ki mezi pawòl Bonye a devlope nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario