Páginas

DIMANCH 23-9-2018


Koulè Vèt
VENNSENKYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"N’ap fè l’ mouri lanmò ki pi ba a".
LEKTI LIV LASAJÈS 2, 17- 20
Mechan yo t’ap di:
"An nou antoure moun ki kòrèk la, an nou wè si pawòl li yo vre, an nou eseye pou nou wè sa k’ap rive l’, n’a konnen ki kote l’ap abouti.
Si reyèlman vre li se pitit Bondye, se pou Bondye soutni l’, se pou l’ delivre l’ sot nan men sa k’ap atake l’ yo. N’ap fè l’ afwon, n’ap fè l’ sibi move tretman pandan n’ap poze l’ kesyon, pou nou konnen si l’ kapab ret kalm, pou nou eseye pasyans li. Se nan lanmò ki pi ba a n’ap kondane l’; sèke daprè pawòl li yo, y’ap veye sou li".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 53, 3-4. 5. 6 e 8 (r.: 6b)
R/ Granmèt mwen, se ou menm sèl k’ap ede mwen, sove lavi m’.
Bondye, o non ou sove m’, nan pouvwa ou, jije m’.
Bondye, koute lapriyè m’, panche zòrèy ou pou ou koute pawòl bouch mwen.R.
Sèke awogan yo leve kont mwen, sa k’ gen pouvwa yo ap chèche touye m’, yo pa kite plas pou Bondye devan fas yo.R.
Men Bondye ap ede m’, Granmèt la ap soutni nam mwen.
M’ap ofri ou sakrifis ak tout kè m’, m’ap fè lwanj non ou, Granmèt, paske ou bon.R.
DEZYÈM LEKTI
"Fwi jistis la se nan lapè li simen, pou moun k’ap fè lapè yo".
LEKTI LÈT APOT JAK KI SEN 3, 16-4, 3
Nou menm mwen si tèlman renmen an:
Kote k’ gen jalouzi ak batay, se dezòd ak tout kalite move aksyon. Men sajès la ki sot anwo a, tou dabò li gen yon konduit respektab, epi li chèche lapè, li tou dou, li gen bon jan, li dakò ak sa k’ bon, li plen kè sansib ak bon fwi, li pa gen prejije, li pa fè ipokrit. Fwi jistis la se nan lapè li simen, pou moun yo k’ap fè lapè a.
Kote lagè ak batay sòti nan nou an? Èske se pa akòz lanvi nou, k’ap batay nan manb nou yo? Nou anvi epi nou pa genyen, n’ap touye, n’ap fè jalouzi epi nou pa jwenn, n’ap batay, n’ap fè lagè epi nou pa genyen, paske nou pa mande. Nou mande, men nou pa jwenn, paske nou mande mal, pou nou depanse pou lanvi nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Y’ap renmèt Pitit moun nan... Moun ki vle vin premye, se pou l’ vin sèvitè tout moun".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 9, 29 -36
Lè sa a:
Jezi pati kite mòn nan, ansanm ak disip li yo, yo t’ap travèse Lagalile, li pa t’ vle pèsòn konnen. Li t’ap anseye disip li yo, li t’ap di yo: "Y’ap renmèt Pitit moun nan nan men lèzòm, y’ap touye l’, l’ap mouri, sou twazyèm jou a l’ap leve". Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl la, epi yo te pè poze l’ kesyon.
Yo rive Kafanawòm. Pandan yo te nan lakay la, li t’ap poze yo kesyon. "Ki sa nou t’ap diskite sou wout la?" Men yo menm yo te pe bouch yo; paske sou wout la yo t’ap diskite kilès nan yo ki pi gran.
Li chita, li rele douz yo, li di yo: "Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin dènye nan pami tout moun, se pou l’ vin sèvitè tout moun".
Epi, li pran yon ti gason, li mete l’ kanpe nan mitan yo. Li anbrase l’, li di yo: "Nenpòt ki moun ki resevwa kalite ti moun sa yo o non m’, se mwen menm li resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, se pa mwen menm li resevwa, men se sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la pale nou de Jezi k’ap fè wout ak disip li yo. Pou youn byen konnen lòt, se nan mache a pye epi vwayaje ansanm ak zanmi li. Se la youn ka konfye sekrè li bay lòt.
Sekrè a, se konfyans la. Konfyans la, se kominike renmen an. Lè nou dekouvri mistè ki chita nan fon kè moun nan, lanmou an siprann nou! Avèk emosyon, Mèt la ap pale ak disip li yo sou mistè reyalite sa li ye sou pa anndan an. Pafwa se tankou yon rèv; pafwa Jezi te rann li kont ke disip li yo pa t’ an mezi pou konprann li. Men, yo se zanmi li, e tout sa li te resevwa nan men Papa li, li te dwe kominike yo li e jiskaprezan se sa li fè.
Lanmò ak rezireksyon, pou anpil moun se de mo ki fè pwoblèm. Pou kèk lòt moun, li pa menm vo lapenn pou pale de sa. Men Jezi vin revele nou chans nou te pèdi a, finalman li rive pou nou; men kòm Gran Frè nou, Pitit Papa a, li oblije sibi anpil soufrans. Poutan nou dekouvri yon gwo kontradiksyon: nan menm moman Jezi ap viv trajedi a nan fon kè li, disip yo menm ap diskite pou konnen kilès k’ap monte pi wo sou macheskalye podyòm moun ki chanpyon yo lè kous Wayòm nan fini. Èske nou menm nou gen yon konpòtman diferan? Moun ki santi li libere anba tout lanbisyon an, se pou li leve men li avan.
Jezi pote yon nouvote nan valè nou yo, nan mòd panse nou. Sa ki enpòtan, se pa chache akapare tout bagay; men se sèvi; se sa li montre nou lè li lave pye disip li yo. Sa ki fè yon moun gran, se pa gwo konesans nèg save a, men se inosans ti moun nan. Se Thomas de Kempis ki di nou: «Menm si ou ta konnen tout labib la ak tout fraz tout filozòf yo, sa pa sèvi ou anyen si w’ pa gen lanmou ak gras Bondye nan kè ou». Lè nou salye nèg saj la, nou satisfè vanite nou, men lè nou anbrase timoun nan, se Bondye menm nou bay yon akolad, e se konsa li transmèt nou divinite li a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ba nou senplisite ak inosans timoun nan pou nou ka rankontre ak ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Jodi a, mwen p’ap chèche fè tèt mwen plezi. M’ap fè yon moun plezi, nan fason m’ap sèvi li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario