Koulè Ble ou
Blan
NOTREDAM MÈSEDÈS,
PATWÒN REPIBLIK DOMINIKÈN
(GRAN FÈT)
PREMYE LEKTI
NAN LIV
PWOFET JEREMI 30,8-11ª
Granmèt ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk
bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun
lòt nasyon ankò.
Se mwen menm, Granmèt la, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit David
m'a mete wa sou yo.
Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen
tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap
vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an.N'ap tounen lakay nou
pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Granmèt la menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye
nou yo.Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa
dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 125, 1-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r. : 3)
R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou vin gen kè kontan.
Lè Granmèt la t’ap fè prizonye Siyon yo tounen, nou te tankou moun ki
nan rèv,
Lè sa a bouch nou vin plen ak kontantman, lang nou ak chante fèt.R.
Le sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo:
"Granmèt la fè mèvèy avèk yo. Granmet la fè mèvèy avèk nou: nou
vin gen kè kontan.R.
Granmèt, fè prizonye nou yo tounen, tankou ravin nan Sid yo.
Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekelte ak chante fèt, antan y’ap
pote zepi yo.R.
Yo t’a prale antan y’ap priye, yo t’ap pote semans pou yo simen an;
y’ap tounen ak chante fèt, antan y’ap pote zepi yo.R.
DEZYÈM LEKTI
NAN LÈT APOT PÒL POU GALAT YO 5, 1-2, 13-25
Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa,
ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.Tande
byen.Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di
Kris la pa sèvi nou anyen.
Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète
nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv daprè ekzijans lachè.
Okontrè, se pou nou youn sèvi lòt nan renmen nou youn gen pou lòt.
Paske tout sa lalwa a mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou
ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. Men, si youn ap mòde lòt,
youn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou youn pa touye lòt tou!
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou.
Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri
Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a.
Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k’ fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte
ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se youn fè lòt lènmi, se fè kont, fè
jalouzi, fè kòlè, se youn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Youn anvye sò
lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di
nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre
menm nan peyi kote Bondye wa a.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè,
seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn
kontwole kò ou. Lalwa Moyiz
la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak
tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije
lavi nou nan tout bagay.
LEVANJIL
Sa a Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan
Kana Lagalile".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 2, 1-12
Lè sa a:
Te gen nòs nan Kana Lagalile, manman Jezi te la.
Yo te envite Jezi tou nan nòs la, ansanm ak patizan l’ yo. Diven vin manke,
manman Jezi di l’: "Yo pa gen diven". Jezi di l’: "Sa sa ye pou
mwen menm ak ou menm, madanm? Lè m’ pa ko rive". Manman l’ di sèvitè yo:
"Nenpòt sa l’ di nou, se pou nou fè l’".
Te gen sis ja yo te fouye nan wòch, pou Juif yo
pwòpte kò yo, yo chak te kapab kenbe de oubyen twa mezi. Jezi di yo: "Plen
ja yo dlo". Yo plen yo jous nan bouch. Jezi di yo: "Tire koulye a,
pote bay chèf kanbiz la". Yo pote.
Lè chèf kanbiz la goute dlo a ki te vin tounen
diven an (li pa t’ konnen kote l’ sòti, sèvitè yo menm te konnen, yo menm ki te
tire dlo a), chèf kanbiz la rele mesye marye a, li di l’: "Tout moun
kòmanse mete bon diven, epi lè moun yo sou, yo mete pi move kalite a; ou menm
menm ou konsève bon diven an jous koulye a".
Sa a, Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan Kana
Lagalile, li montre bèlte l’, patizan l’ yo kwè nan li. Aprè sa li desann
Kafanawòm, ni li ni manman l’, ni frè l’ yo ni patizan l’ yo, yo rete la kèk
jou.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, se fèt Notredam Mèsedès.
Se yon lòt non Manman Mari genyen, e se ak non sa yo rekonèt li kòm Patwòn Repiblik Dominikèn. Depi lè Kristòf Kolon te dekouvri zile a nan lane 1492, anpil moun te deja
montre atachman yo ak vyèj la. Non «Mèsedès»
la, yo te bay manman Lavyèj li, depi lè yo te fonde Lòd Relijyez «Mèsedaryo»
nan dat 10 dawou 1218, nan Baselòn, nan peyi Espay. Sen Pyè Nolasko te fonde
yon lòd ke li te dedye ak Mèsedès (travay mizerikòd). Misyon patikilye lòd sa
a, se mizerikòd anvè kretyen ki prizonye nan men mizilman yo.
Anpil moun nan lòd
sa a te bay lavi yo pou prizonye ak esklav. Wa Jaime I te bay lòd sa gwo sipò.
Pyè Nolasko ak frè li yo te gen anpil devosyon pou Lavyèj Mari, antan yo
te pran li pou patwòn yo ak gid yo. Yo te vle tounen chevalye Lavyèj Mari nan sèvis travay liberasyon an. Se pou sa yo
onore li tankou Manman Mèsedès oubyen Lavyèj Delivrans la. Nan lane 1406,
Pè Antonio Quexal, antan ke jeneral lòd la, te di: «Mari se baz ak tèt lòd nou an».
Nan dat 8 septanm 1615, te gen yon gwo tranblemantè ki te sakaje zile a
e sa te trè afekte Sen Domeng. Lè sa se te nan epòk kote Don Dyego Gomès de Sandoval t’ap gouvènen. Se konsa gouvènman an te
deklare Lavyèj Mèsedès «Patwòn Ispanyola»,
kidonk patwòn tout zile a. Yo te konn selebre gwo fèt Mèsedes la nan dat 8
septanm, ki se dat tranblemantè a te pase a. Men nan lane 1740, yo te deside
chanje dat la pou selebre fèt sa 24 septanm.
Lè Sen Domeng te pran endepandans li nan lane 1844, yo te deklare Lavyèj
Mèsedès kòm Patwòn Repiblik Dominikèn. Nou kapab ale nan kay prensipal kote yo
venere li, sou tèt yon ti mòn, ke yo rele «Santo
Cerro», nan pye ti mòn sa nou jwenn yon ansyen vil yo rele «Konsepsyon La Vega» (Ansyen La Vega).
Anplis ke li se Patwòn
Repiblik Dominikèn, Lavyèj Mèsedès se patwòn espirityèl plizyè vil nan peyi a,
e akoz sa yo fete fèt patwonal yo 24 septanm chak lane. Kèk nan vil sa yo, se Cabrera, Constanza, Hato Mayor, Imbert,
Pimentel.
Mesaj nou dekouvri nan fèt
jodi a, sèke Manman Mari se Manman Limanite, chak pitit li gen yon fason yo
relasyone ak li, yo ba li yon ti non ki montre atachman ak rekonesans yo. Mari
se Manman ki toujou kanpe ak nou, li toujou prezan menm jan li te toujou prezan
bò kote Jezi, Pitit ki fè nou vin tounen pitit manman li a. Levanjil jodi a
sifi pou fè nou konprann afeksyon ak atansyon manman sa gen pou nou. Se yon
manman k’ap fè ale-vini bò kote nou ak bò kote Jezi. Li di Jezi "Yo pa gen
diven"; aprè sa l’ di sèvitè yo: "Nenpòt sa l’ di nou, se pou nou fè
l’". Se nan kontèks sa Jezi te fè premye mirak li, nan nòs yo te envite li
Kana a. Avèk konkou entèsesyon Lavyèj Mari, ke n’ap fete jodi a sou vokab Notre
Dam Mèsedès, Jezi kapab fè mirak nan lavi nou. Tou senpleman se pou nou fè sa
li mande nou fè.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mèsi pou manman w’ ou ba
nou kòm manman, tanpri fè nou renmen li menm jan li renmen nou, fè nou renmen
li menm jan ak ou. Amèn
PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a, m’ap pote tout pwoblèm mwen yo
lage nan wòb manman Mari, antan m’ap di li mèsi poutèt li toujou la pou
entèsede, pou pote mwen sekou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario