Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Pwovèb divès»
LEKTI LIV PWOVÈB 21, 1-6. 10-13
Tankou dlo yo
k’ap kannale desann, konsa kè wa a nan men Granmèt la: kote l’ vle, li dirije
l’. Tout chemen yon moun parèt kòrèk devan l’, sèlman se Granmèt la ki mezire
valè kè yo.
Fè sa kè sansib
ak jijman mande, sa fè Granmèt la plis plezi pase sakrifis bèt. Lè kè gonfle,
je meprize; lanp mechan yo se peche. Panse moun
vanyan toujou reyisi; men tout moun ki parese toujou nan bezwen.
Moun ki
ranmase richès ak lang manti, li pa pwofite, li fou, l’ap pran chemen pyèj
lanmò.
Nam mechan an
anvi mal, li pa gen kè sansib pou pwochen l’. Moun senp la vin gen plis sajès
lè yo pini mechan an; si l’ pran modèl sou moun ki gen sajès la, l’ap jwenn
syans.
Moun kòrèk la
kalkile sou kay mechan an, pou l’ wete mechan yo sot nan mal la. Moun ki bouche
zòrèy li nan rèl pòv la, lè l’ rele, yo p’ap koute l’.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 1. 27. 30. 34. 35. 44 (r.: 35a)
R/ Kondui m’,
Granmèt, nan tras wout kòmandman ou yo.
Se chans pou
moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la.R.
Fè m’
konprann chemen kòmandman ou yo, m’a fè eksperyans nan mèvèy ou yo.R.
Se chemen verite
a mwen chwazi, se jijman ou yo mwen mete devan m’.R.
Ban m’
entelijans, m’a obsève lalwa ou la, m’a kenbe l’ nan tout kè m’.R.
Kondui m’ nan
tras wout kòmandman ou yo, paske mwen renmen l’.R.
M’a kenbe lalwa
w’ la tout tan, pou tout tan ak tout tan ki gen tan.R.
LEVANJIL
«Manman m’ ak frè m’, se sila yo ki koute pawòl
Bondye a, k’ap fè l’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8,
19-21
Lè sa a:
Manman Jezi
ak frè l’ yo vin kote l’, men yo pa t’ kapab pwoche kote l’ akoz foul la.
Yo anonse l’:
«Manman ou ak frè ou yo kanpe deyò a, yo vle wè ou».
Li reponn, li di
yo: «Manman m’ ak frè m’ yo, se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a, epi k’ap fè
l’».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou li chapit 21
liv Pwovèb yo, nou jwenn yon seri pwovèb ki ede n’ konprann tout bagay nan men
Granmèt la. Se pou sa nou li «tankou dlo yo k’ap kannale desann, konsa kè wa a nan men
Granmèt la». Lekti sa ede n’ konprann tou moun ki bouche zorèy li nan rèl pòv
la, lè li rele yo p’ap koute l’.
Se sa k’ fè menm nan sòm
118 la nou chante lapriyè sa a : «Kondui
m’, Granmèt, nan tras wout kòmandman ou yo». Yon kretyen dwe chwazi chemen
verite. E chemen verite a se nan Granmèt la. Yon kretyen dwe mande Granmèt la
chak jou lespri disènman ak lespri bon konprann pou li kapab konprann vrèman
chemen kòmandman Granmèt la. Alò, se lè Granmèt la va ba l’entèlijans sa l’ap
kapab obsève lalwa Granmèt tout tan. Konsa l’a va mache nan tras wout kòmandman
Granmèt la.
Nan levanjil la, se menm
lide sa Jezi eksprime lè li reponn moun sa yo ki te vle detounen atansyon pèp
la ki t’ap koute l’ la lè yo di l’ «men
manman ou ak frè ou vle wè ou». Li reponn «se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a
epi ki mete l’an pratik, se sila yo ki manman m’ ak frèm». Kidonk, pa bouche
zòrèy ou, koute pawòl Granmèt la, mande l’ entelijans, lespri disènman ak
lespri bon konprann pou ou rete nan tras wout kòmandman l’ yo. Konsa, w’a va fè
pati gran fanmi Jezikri a; sa vle di, w’a va manman, frè ak sè Jezi tout bon
vre.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ede n’ chak jou pi
plis wè ak konprann chak siy, chak mesaj lè n’ap koute pawòl ou a ; konsa
n’a va anvi pi plis toujou rete nan tras wout ou. Nou mande ou sa pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : Nou kapab reflechi pi
plis sou deklarasyon sa : «Manman
m’ak frè m’ yo, se sila yo k’ap koute pawòl Bondye a, epi k’ap fè l’».
No hay comentarios:
Publicar un comentario