Páginas

MЀKREDI 26-9-2018


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Ni lamizè, ni richès, pa ban m’ sa, men sa m’ bezwen pou  m’ viv sèlman”.
NAN LIV PWOVEB YO 30, 5-9
Tout pawòl Bondye se zam defans ki tranpe nan dife pou moun ki espere nan li yo; pa ajoute anyen nan pawòl li yo, l’a fè ou repwòch, y’ap jwenn ou fè manti.
De bagay mwen mande ou, pa refîze m’ yo anvan m’ mouri : sa k’ pa sèvi pou anyen ki bon an ak pawòl manti a, fè yo ret lwen m’, epi mizè ak richès, pa ban m’ sa : ban m’ sa m’ bezwen sèlman pou  m’ viv, paske mwen pè, si m’ rive plen ak byen, pou  m’ ta vin  pran nan pyèj, pou m’ pa ta rekonèt ou, pou  m’ ta di : “Kilès ki Granmèt la ?” oubyen, si mizè a pouse m’, mwen ta vòlè, pou  m’ ta derespekte non Bondye  m’ nan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 29. 72. 89. 101. 104. 163
R/ Yon lanp pou pye m’ pawòl ou  a, Granmèt.
Vire chemen manti a lwen m’,
fè m’ favè lalwa ou la avèk bon kè ou. R.
Lalwa bouch ou a bon pou mwen,
pase mil pyès lò ak lajan. R.
Pou tout tan, Granmèt,
pawòl ou  a fïkse nan syèl la. R.
Mwen anpeche pye m’
al nan okenn move chemen,
pou m’ kenbe pawòl ou yo. R.
Mwen rayi manti, mwen pa vle wè 1’;
se lalwa ou la mwen renmen. R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN  9,1-6
Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a. Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo. Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Misyon Jezi konfye disip yo (misyon li konfye nou jodi a), li byen klè: pwoklame - geri: pawòl la mache ak aksyon. Misyon nou, se pwoklame pawòl Bondye a atravè aksyon nou yo.
Nan gran misyon sa a nou wè koman Granmèt enfòme nou kisa nou bezwen ak kòman nou dwe pati nan misyon sa a. “Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj”, sa vle di nou dwe renmèt nou nan men Granmèt la pou misyon sa a san nou pa preokipe nou pou lòt bagay, nou dwe debarase nou ak tout bagay pou n’ ka sèvi Granmèt la, pou nou kapab lib pou fè sa li mande nou.
Dezyèmman, Bondye Granmèt la ki rele nou, ki voye nou nan misyon sa tankou l’ te voye disip li yo, li ba nou tout sa ki nesesè pou nou ka fè misyon sa a: otorite ak pouvwa sou fòs mal la; sa vle di se pou nou mete lafwa nou nan Bondye pou nou kapab reyalize misyon li konfye nou an.
LAPRIYЀ: Granmèt, ogmante lafwa nou, ba nou fòs ak pèseverans pou n’ ka akonpli misyon ou ba nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap chèche fè volonte Bondye antan m’ap obeyi lòd li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario