Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Pa gen anyen ki nouvo anba solèy la»
LEKTI LIV KOELÈT 1, 2-11
Vid ki plen ak
vid, se sa Eklezyas di; vid ki plen ak vid, tout bagay se vid. Sa yon moun jwenn an plis nan tout travay l’ap fè anba solèy la? Yon
jenerasyon pase, yon jenerasyon rive; tè a menm ret kanpe pou tout tan. Solèy la leve, li kouche, li tounen nan plas li; li reparèt la, li vire nan
sid, li panche nan nò. Van an fè
wonn tout bagay toutalantou, li tounen fè wonn li yo ankò.
Tout larivyè
antre nan lanmè, men lanmè a pa plen; kote yo te sòti a, se la larivyè yo
tounen, pou yo koule ankò.
Tout bagay
difisil: yon moun pa kapab eksplike yo ak pawòl. Je pa bouke wè, zòrèy pa tande kont.
Ki sa k’ te
ekziste? Se sa k’ap vini an. Ki sa k’ te fèt? Se sa k’ap vin fèt la.
Pa gen anyen ki
nouvo anba solèy la, yon moun pa bezwen di: «Men bagay sa a ki fèk rive»; li te
deja la anvan, nan syèk tan yo ki te anvan nou yo. Pa gen souvni bagay lontan
yo; ni bagay k’ap vini aprè yo, p’ap gen souvni yo tou, pou moun yo k’ap vini
aprè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89,
3-4. 5-6. 12-13. 14 e 17
R/ Granmèt, ou sèvi nou kachèt, sot nan jenerasyon al
nan jenerasyon.
Ou fè moun nan
tounen nan pousyè; ou di: «Tounen, pitit moun yo».
Sèke mil ane
devan je ou se tankou jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Ou fè dòmi tonbe
sou yo, nan maten, y’ap tankou zèb k’ap pouse:
nan maten li
fleri, li grandi, nan aswè, li fennen, li seche.R.
Aprann nou konte
jou nou yo, pou nou mete kè nou nan chemen sajès la.
Tounen, Granmèt,
jouskilè? Pran pitye pou sèvitè ou yo.R.
Plen nou depi
granmaten ak kè sansib ou a, n’a fete, n’a gen kè kontan tout jou nou yo.
Se pou bèlte
Granmèt Bondye nou an sou nou, asire travay men nou an sou nou, travay men nou,
asire l’.R.
LEVANJIL
«Jan, mwen te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen
tande tout bagay sa yo sou li a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 7-9
Lè sa a:
Ewòd, ki te
chèf ka peyi a, tande tou sa Jezi te fè; li t’ap ezite, paske gen kèk moun ki
t’ap di se Jan ki leve sot nan pami mò yo, dòt menm t’ap di se Eli ki parèt, dòt
ankò t’ap di se yon pwofèt nan sa lontan yo ki leve.
Ewòd menm di:
«Jan, mwen te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen tande tout bagay sa yo sou li
a?» Epi li t’ap chèche pou l’ wè l’.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pa gen anyen ki nouvo anba solèy sa. Se pase tout bagay ap
pase.Gen yon chante kreyòl ki di «Nou tout se alimèt, pase n’ap pase». Liv
Koelèt la mete nou bab pou bab ak reyalite lavi sa : Lèzòm pa gen kontwòl
anyen sou latè. Tout bagay ap pase. Tout bagay se vanite. Se konsa premye mo
liv Koelèt la prezante n’ lemond nan lang ebre : yon dife pay mayi. Tankou
tout bon jan juif Koelèt ap lite nan konba lavi a. Men toutotan sajès la pi
plis se toutotan lapèn nan pi plis tou. Lasyans ak tout dekouvèt li yo te panse
l’ te kapab libere lèzòm anba tray ak kalamite lavi a. Okontrè, devlopman
lasyans pa bay lèzòm garanti yon lavi fasil.
Konsa kretyen an vin
dekouvri ke se nan Granmèt la kachèt li ye. Se sa menm nou chante nan sòm 89.
Aprann nou konte sajès ou yo pou nou mete kè nou nan chemen sajès la. Tout
bagay anba kontwòl ou. Mil ane devan je ou se tankou jounen yè a ki pase.
Kidonk Granmèt, se ou menm k’ap oryante listwa. Se ou menm k’ap gide lavi nou
paske se yon Bondye fidèl nan pwomès ou.
Nan levanjil la nou wè
aklè kòman Ewòd ap kalkile. Li santi l’ boulvèse lè li tande nouvèl Jezi a,
alòske li te fè koupe tèt Jan. Anpil rimè t’ap sikile men Ewòd te vle wè Jezi
pou li konnen èske se Jan, èske se Eli oswa youn nan ansyen pwofèt yo ki
resisite. Konsa nou konprann ke Ewòd pa t’ rekonèt ke tout bagay anba puisans
Bondye.Lè pawòl Granmèt la ap donnen pèsòn pa kapab anpeche l’. Lè bòn nouvèl
la dwe gaye si lèzòm pa vle pale l’ wòch yo ap pale l’.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, nan chak okazyon nan lavi
difisil n’ap viv sou latè, ede n’ konprann tout bagay se anba kontwòl ou yo ye.
Pa kite n’ pèdi lafwa. Fè nou anvi wè ou, pa tankou Ewòd, pou yon senp
kiryozite, men tankou moun k’ap prepare kè nou, lavi nou ak nanm nou. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : An nou pa kite pouvwa fè
nou fè mechanste, ann sèvi ak pouvwa nou genyen pou sove olye nou detui.
No hay comentarios:
Publicar un comentario