Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Nan tan pa yo tout bagay pase anba syèl la»
LEKTI LIV KOELÈT 3, 1-11
Tout bagay gen
tan, epi nan tan pa yo tout bagay pase
anba syèl la. Yon tan pou fèt ak yon tan pou mouri, yon tan pou plante ak yon
tan pou rache sa yo te plante a, yon tan pou touye ak yon tan pou geri, yon tan
pou detwi ak yon tan pou bati, yon tan pou kriye ak yon tan pou ri, yon tan pou
plenyen ak yon tan pou danse, yon tan pou voye wòch ak yon tan pou ranmase, yon
tan pou anbrase ak yon tan pou sispann anbrase, yon tan pou posede ak yon tan
pou pèdi, yon tan pou kenbe ak yon tan pou jete, yon tan pou chire ak yon tan
pou koud, yon tan pou pe bouch ak yon tan pou pale, yon tan renmen ak yon tan
rayi, yon tan lagè ak yon tan lapè.
Ki sa yon
moun genyen an plis nan redi travay? Mwen wè tray Bondye bay pitit moun yo pou
yo pase.
Li fè tout
bagay bon nan tan l’, li renmèt tè a bay diskisyon moun yo, kifè moun nan pa
jwenn aksyon Bondye fè depi nan kòmansman jous nan finisman.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 143, la e 2abc. 34 (r: la)
R/ Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Konpliman pou
Granmèt la, defans mwen an.
Kè sansib mwen
ak fòs mwen, kachèt mwen ak delivrans mwen; pwoteksyon m’, nan li mwen espere.R.
Granmèt, ki sa
moun nan ye, pou ou rekonèt li, oubyen pitit moun nan, pou ou konsidere l’?
Moun nan sanble ak vid, jou l’ yo tankou lonbraj k’ap pase.R.
LEVANJIL
«Ou se Kris Bondye a. Pitit moun nan gen pou l’
soufri anpil»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 18-22
Lè sa a: Jezi
t’ap lapriyè pou kont li, disip yo te avèk li. Li poze yo kesyon, li di: «Kilès
foul yo di mwen ye?»
Yo reponn, yo
di: «Jan Batis; dòt menm Eli; dòt ankò se youn nan pwofèt lontan yo ki leve».
Men li di yo: «Nou menm menm kilès nou di mwen ye?»
Simon Pyè pran
lapawòl, li di: «Kris Bondye a».
Jezi menm menase
yo, li pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn sa, li di: «Sèke Pitit moun nan gen
pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo rejte l’, ni chèf prèt yo, ni pwofesè yo,
l’ap mouri, men sou twazyèm jou a, l’ap leve vivan».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Yon tan pou chak bagay»
Pawòl sa nou repete chak jou a, nou jwenn li nan la Bib la (Koelèt 3,1).
Souvan nou pale konsa pou nou eksprime youn nan sitiyasyon ke yo pale nou nan
tèks la. Men youn nan sitiyasyon sa yo ki make nou anpil, se lè li di :
«yon tan pou touye ak yon tan pou geri ».
Jounen jodi a youn nan pawòl nou plis tande se pawòl touye. Nou te ka di
n’ap viv nan tan Kayen. Sa vle di, se mal la k’ap mennen sou byen an. Touye se
bagay moun fè fasil jounen jodi a. Menm ti bebe ki san defans ki nan vant yo
touye l’. Kantite moun ki dakò pou yo touye ti bebe yo nan vant depase kantite
ki pa dakò. Li fasil pou yon moun jete yon pitit men li pa fasil pou bliye zak
sa a. Konbyen moun ki konnen sa? Men fòk nou pa janm bliye si gen touye gen
geri. Se Bondye menm k’ap geri nou avèk men li.
Jodi a, nan Levanjil la, Mèt la poze tout moun de
kesyon. Premyè kesyon an
mande yon repons estatistik, apwoksimatif: «Kilès
foul yo di mwen ye?» (Lik 9, 18). Li pouse nou gade nan antouraj nou pou wè
kijan lòt yo rezoud kesyon sa a: vwazen nou, kòlèg travay nou, zanmi nou, fanmi
nou. Nou gade nan antouraj nou e nou santi plizoumwen nou responsab (sa depan
de ki ka) oubyen nou sanse gen menm repons ak moun ki an afè ak nou nan kote n’ap
viv la. Epi repons la di nou plis toujou, li enfòme nou sou sa moun ki bò kote
nou bezwen, oubyen sa y’ap chache.
Repons la ede nou viv an amoni ak lòt yo, kote nou ka dekouvri sa nou
genyen an komen ak yo pou nou ka vanse pou pi devan…
Genyen yon dezyèm kesyon ki konsène nou menm: «Nou menm menm kilès nou di mwen ye? » (Lik 9, 20). Se yon kesyon
fondamantal ki frape pòt nou, k’ap mande bò kote nou chak: yon adezyon oubyen
yon rejè; yon venerasyon oubyen yon endiferans; mache ak li tout bon vre oubyen
fè yon senp zanmi ak li. Kesyon sa a pa fasil, paske li touche nou. Kisa bouch
nou ak aksyon nou yo temwaye? Èske nou vle viv nan fidelite ak Sila ki bay lavi
nou yon sans la? Èske nou gen yon volonte sensè pou nou suiv li sou chemen lavi
a? Èske nou dispoze pou nou mache ak li Jerizalèm sou chemen lakwa ak viktwa a?
«Se yon chemen soufrans ak rezireksyon (…). Lakwa a se yon ekzaltasyon Kris la, se leve Kris la byen wo. Se li menm
menm ki te di sa: «Lè yo leve mwen sou kwa, m’ap atire tout moun vin jwenn mwen».
(…). Kidonk lakwa se
glwa ak ekzaltasyon Kris la.» (Sen Andre de Krèt). Èske nou deja sou wout
Jerizalèm nan? Sèlman avèk Jezi epi nan Jezi, pa vre?
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede mwen montre kijan mwen kwè
nan Jezi epi m’ap mache avèk li nan fason mwen pale ak nan jan mwen aji. Amèn.
PWOPOZISYON : Respekte epi defann lavi
tout moun, espesyalman lavi timoun yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario