Koulè Blan
MICHÈL, GABRIYÈL
AK RAFAYÈL KI SEN, Akanj
Fèt
PREMYE LEKTI
«Mil milyon t’ap sèvi l’».
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 9-10. 13-14
Mwen t’ap gade
joustan yo poze twòn yo; ansyen nan nou yo chita. Rad li te blan tankou nèj, cheve tèt li te tankou yon lenn byen pwòp, twòn
li se te flanm dife, wou l’ yo se te dife ki limen. Yon gran rivyè k’ap flanbe,
k’ap kouri vit, t’ap sòti nan fas li, mil milyon t’ap sèvi l’, di-mil san
milyon te kanpe kote l’. Jijman an deklare, liv yo louvri.
Mwen t’ap gade
nan vizyon nannuit, se tankou yon Pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li
rive jous kot Ansyen nan jou yo. Yo kondui l’ devan fas li; Ansyen nan jou yo
ba l’ pouvwa ak konsiderasyon ak peyi wa; epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’;
pouvwa l’ se pouvwa tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa li, se peyi wa ki p’ap
detwi.
OUBYEN:
«Michèl ak anj li yo t’ap batay kont dragon an»
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 12, 7-12a
Vin gen yon gran
batay nan syèl la:
Michèl ak zanj
li yo t’ap batay kont dragon an, epi dragon an menm li batay tou ni zanj pa l’
yo tou; men yo pa reziste, ni yo pa jwenn plas yo nan syèl la ankò.Yo voye gran
dragon sa a jete, sèpan lontan an, sa yo rele Dyab la epi Satan an, li menm ki
t’ap twonpe tout tè a; yo voye l’ jete sou tè a; ni zanj li yo tou, yo voye yo
ansanm avèk li.
Mwen tande yon
gran vwa nan syèl la k’ap di: «Koulye a se sove a ak pouvwa a ak peyi wa Bondye
nou an ak otorite Kris li a, paske yo jete sa a ki t’ap akize frè nou yo, li
menm ki t’ap akize yo devan fas Bondye nou an lajounen kon lannuit la; epi yo
menm yo ranpòte viktwa sou li poutèt san Mouton an epi poutèt pawòl temwayaj li
a; yo bliye tèt yo jous yo mouri.Se pou sa se pou nou kontan, syèl yo, ak sa yo
ki abite nan yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 137, l-2a; 2b-3. 4-5 (r.: lc)
R/ Devan fas zanj yo m’ap chante pou ou, Granmèt.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen yo.
Devan fas zanj
yo m’ap chante pou ou, m’ap adore nan Tanp ou a ki sen an.R.
M’ap fè lwanj
pou non ou poutèt mizerikòd ou ak verite ou, paske ou fè pwomès ou a depase
tout sa yo konnen sou ou.
Nenpòt ki jou
mwen rele ou ou reponn mwen; w’ap devlope fòs nan nanm mwen.R.
Y’ap fè lwanj
ou, Granmèt, tout wa sou tè a, paske yo tande pwomès bouch ou.
Y’ap chante
wout Granmèt yo, paske glwa Granmèt la gran.R.
LEVANJIL
«N’ap wè zanj Bondye k’ap monte-desann anlè
Pitit moun nan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 47-51
Lè sa a:
Jezi wè
Natanayèl k’ap vin kote l’, li di sou li: «Men yon Izrayelit tout bon vre, nan
li pa gen manti».
Natanayèl di
l’: «Kote ou konnen m’? »
Jezi reponn, li
di l’: «Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou».
Natanayèl reponn
li, li di: «Rabi, ou se Pitit Bondye a, ou se wa Izrayèl la».
Jezi reponn, li
di l’: «Paske mwen di ou «mwen te wè ou anba pye figye a», ou kwè; w’ap wè pi
gran bagay pase sa yo».
Li di l’: «Amèn,
amèn, mwen di nou; n’ap wè syèl la ouvri, epi zanj Bondye yo k’ap monte desann
anlè Pitit moun nan».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nan okazyon fèt Sen Akanj yo, Jezi
pwoklame devan apot yo ak devan tout moun prezans zanj yo ak relasyon li genyen
avèk yo. Zanj yo se nan syèl la yo ye, kote y’ap chante
lwanj ak konpliman pou Pitit Moun nan, Pitit Bondye a. Yo anviwonnen li e yo la
pou yo sèvi li.
«Monte-
desann», sa fè nou sonje epizòd rèv Jakòb la, kote li te dòmi sou yon wòch lè
li t’ap tounen sot nan vwayaj pou li ale Mezopotami, tè fanmi li an, li wè zanj
yo k’ap monte desann yon eskalye ki te ini syèl la ak tè a, pande ke Bondye li
menm ki te kanpe bò kote li te transmèt li mesaj li a. Li enpòtan pou nou
remake relasyon ki genyen ant kominikasyon Bondye ak prezans zanj yo ki an
aksyon.
Konsa,
Gabriyèl, Michèl ak Rafayèl, yo prezan nan Labib la nan tout pwoblèm tè a e Sen
Gregwa di nou yo pote mesaj bay lèzòm atravè prezans yo ak aksyon yo, mesaj ki
chanje lavi nou yon fason radikal. Yo rele yo «akanj», sa vle di, prens zanj
yo, paske Bondye voye yo pou pi gwo misyon.
Gabriyèl
te resevwa misyon pou li t’al anonse Lasent Vyèj ke li ta pral manman Pitit
Bondye a, sa se te kòmansman delivrans nou an, (cf. Lik1). Michèl batay kont
tout zanj rebèl yo e li chase yo soti nan syèl la (cf. Apokalips 12). Se konsa,
zanj yo anonse nou mistè jistis Bondye a, menm jistis ki te ekzèse lè rebelyon
zanj yo, e se li menm ki ba nou asirans viktwa li ak viktwa pa nou sou mal la.
Rafayèl akonpaye jèn Tobi, li pwoteje li, li konseye li e li geri Tobi papa
(cf. Tob). Nan fason sa a, li anonse nou prezans zanj yo bò kote nou chak ak
nou tout: sa nou rele Zanj Gadyen an.
Nan
selebrasyon sa a, se pou nou aprann ke zanj yo ap monte-desann sou Pitit Moun
nan, y’ap sèvi Bondye, men y’ap sèvi li pou byen pa nou. Y’ap fè lwanj ak
konpliman pou Sent Trinite, e yo fè sa pou benefis pa nou. Kidonk, nou dwe bay
zanj yo respè yo merite e nou dwe di Papa a mèsi, li menm ki voye yo pou byen
nou.
LAPRIYÈ:
Granmèt tanpri, aprann nou koute zanj ou yo chak fwa ou voye yo pale ak nou. Pa
pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Dekouvri prezans Bondye
nan lavi mwen atravè zanj li voye vin pale ak mwen, nan dòmi oubyen nan je klè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario