Koulè Vèt
VENNSIZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE
LEKTI
"Sa
ou bezwen jalou pou mwen? Pito se tout pèp la ki vin tounen pwofèt".
LEKTI LIV NONB 11, 25-29
Jou
sa yo:
Granmèt
la desann nan nyaj la, li pale ak Moyiz, li pran nan lespri a ki te nan li a,
li bay swasandis mesye yo. Lè lespri a poze nan yo, yo fè travay pwofèt, epi yo
pa sispann aprè sa. Te gen de mesye ki te rete kote yo te drese joupa yo, youn
nan yo te rele Eldad, epi lòt la Medad; lespri a poze sou yo. Sèke yo menm tou,
non yo te ekri sou rejis, men yo pa t’ ale nan joupa sakre a.
Pandan
y’ap fè travay pwofèt nan kote joupa yo te drese yo, gen yon ti gason ki kouri,
li avèti Moyiz, li di: "Eldad ak Medad ap fè travay pwofèt nan kote joupa
yo drese yo". Menm lè a Jozye pitit Noun, sèvitè Moyiz la, li menm yo te
chwazi nan pami anpil moun, li di: "Mèt mwen, Moyiz, anpeche yo".
Moyiz di: "Pouki sa ou jalou pou mwen? Pito se tout Pèp la ki fè travay
pwofèt, pou Granmèt la ba yo lespri l’".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS Ps 18, 8. 10. 12-. 3. 14
(r.: 9a)
R/ Desizyon Granmèt yo
kòrèk, yo fè kè kontan.
Lalwa Granmèt la san
tach, li refè nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay ti moun sajès.R.
Respè Granmèt la nèt,
li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Reyèlman vre sèvitè ou
la jwenn lenstwiksyon nan yo, antan l’ obsève yo, li jwenn anpil avantaj.R.
Ki moun ki kapab
konprann fòt yo? Pwòpte m’ sot nan sa k’ kache yo.R.
Prezève sèvitè ou la pou
l’ pa leve tèt li, pou sa pa pran pye sou mwen, lè sa a m’a san tach, m’a
pwòpte sot nan gran peche a.R.
DEZYÈM
LEKTI
"Richès
nou yo ap pouri".
LEKTI LÈT APOT JAK KI
SEN 5.1-6
An
nou wè koulye a, rich yo, kriye, rele nan mizè nou yo k’ a pral rive sou nou
yo. Richès nou yo ap pouri; rad nou yo, se
lagal k’ap manje yo. Lò nou ak lajan nou ap wouye, lawouy yo a ap sèvi temwen
kont nou, l’ap manje chè nou tankou dife. Se kòlè nou ranmase nan magazen pou
pwòp tèt nou pou dènye jou yo.
Men
pri travay ouvriye yo, ki te fè rekòlt jaden nou yo, sa nou te vòlè a, men l’ap
rele, epi rèl yo antre nan zòrèy Granmèt lame yo. Nou fè resepsyon sou tè a,
nou bay kò nou manje nan banbòch pou jou y’ap touye nou an. Nou arete sila a ki
kòrèk la, nou touye l’, li pa reziste nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Moun
ki pa kont nou, se pou nou li ye. Si
men ou anpeche ou suiv bon chemen, koupe l’".
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 9, 37-42.44.46-47
Lè
sa a:
Jan
di Jezi: "Mèt, nou te wè yon mesye ki t’ap chase demon yo o non ou, se pa
yon moun ki suiv nou, ebyen nou anpeche l’".
Jezi di l’: "Pa
anpeche l’; sèke pa gen pèsònn ki kapab fè mèvèy o non m’, epi ki kapab pale
mal sou mwen tout suit aprè sa. Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye.
Nenpòt moun reyèlman vre
k’ap ba nou yon vè dlo pou nou bwè o non m’, paske nou se disip Kris la, mwen
di nou, li p’ap pèdi rekonpans li.
Men nenpòt ki moun ki fè
youn nan ti piti sa yo, ki kwè nan mwen yo, pèdi bon chemen an, li ta pi bon
pou moun sa a, si yo ta mare yon gwo wòch moulen bourik yo nan kou l’, epi pou
yo ta jete l’ nan lanmè.
Epi, si men ou anpeche
ou suiv bon chemen an, koupe l’; li pi bon pou ou antre enfim nan lavi a, pase
pou ou gen de men ou epi pou ou al nan lanfè avèk yo, nan dife ki p’ap tenyen
an. Epi, si pye ou anpeche ou suiv bon chemen an, koupe l’; li pi bon pou ou si
ou antre nan lavi tout tan an antan w’ap bwate, pase pou ou gen de pye epi pou yo
jete ou nan lanfè dife ki p’ap tenyen an. Si je ou anpeche ou mache nan bon
chemen, rache l’; li pi bon pou ou pou ou antre ak yon sèl je nan peyi Bondye
ki wa a, pase pou ou gen de je epi pou yo jete ou nan lanfè dife a, kote vè pa
mouri, epi dife yo pa tenyen".
An
nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jan, youn nan douz disip yo, sila ke Jezi te plis atache ak li a (Jn. 21, 20),
li sanble te plis konprann Jezi tou epi li te pi pwòch li. Pandan l’ sou wout
li fè yon konsta, menm jan nou menm tou nou konn wè kèk bagay ke nou pa renmen.
Kisa Jan te wè? Li te wè yon moun k’ap chase demon men li pa t’ fè l’ menm jan
avè l’. Nou konnen gen moun ki konn wè lè Jezi ap chase demon; petèt toujou gen
moun k'al eseye tou, epi nou konnen te gen jwif ak payen ki te konn chase demon
tou, menm jan bòkò yo ap fè jodi a.
Kesyon
jan an kapab toujou poze, paske toujou gen espri demonyak nan sosyete a ki
manifeste sou dives fòm tankou: imoralite, mepri, rasis, eksplwatasyon sou tout
fòm, mank respè pou Bondye, sèvis zidòl. Nou konnen toujou gen moun k’ap travay
pou detwi demon sa yo menm lè yo pa ta nan gwoup nou, nou dwe ankouraje yo.
Jan
etone poutèt moun nan k’ap chase demon pa nan gwoup li a. Petèt pafwa nou konn
montre yon atitid rejè lè nou di yon lòt: ou pa fransè, ou pa dominiken, ou pa
katolik, ou pa nan gwoup mwen, nan koral mwen m’ p’ap tande w’. Jan
te gen yon lespri sektoryèl ki toujou la anndan Legliz la. Men Jezi di nou nou
dwe mete n’ nan sèvis frè ak sè nou yo, nou pa dwe ap kouri chèche premye plas;
gen anpil moun ki panse Bondye se pou yo sèl li ye men Jezi di nou Legliz pou
nou tout, Bondye pou nou tout, nou dwe met tèt nou ansanm pou nou viv kòm pitit
fi ak pitit gason Bondye, kèlkeswa kote nou ye a, menm si nou pa gen menm
nasyonalite, dwe konnen nou se pitit yon sèl Bondye epi nou gen menm destine.
Se
pa sèlman douz yo ki te gen lespri Bondye a sou yo, depi sou Moyiz te deja gen
moun ki ranpli ak lespri Bondye, men li pa t’ nan gwoup Moyiz la (Nb.11,25-29).
Epi Moyiz te swete lespri a ale sou tout moun pou yo te kapab pwofetize. Lespri
a lib, li pa atache a okenn rit, nou kapab toujou jwenn moun ki pa anndan
Legliz ki gen lespri Bondye sou li. Jan di Jezi nou te anpeche moun nan chase
demon yo, Jezi di l’ non, pa anpeche l’. Jezi vle nou konnen tout batize kapab
resevwa kado lespri a, menm si li pa gen yon angajman vizib anndan Legliz la.
Nou
apresye reyaksyon a Jezi a fas a moun ki pa gen tolerans yo, moun ki vle pran
tout pou kò yo. Sa pouse n’ poze kèk ti kesyon tou: Ki
lespri ki nan nou? Èske se lespri Jezi a?
Pap Jan Pòl II de te di jou yo te konsakre l’ kòm pap:
nou pa bezwen pè, nou met ouvri pòt kè nou youn anvè lòt yo. Pou nou ka sispann
rejte moun ki pa nan menm gwoup avèk nou, pou nou aprann apresye tout moun k’ap
fè sa ki bon san nou pa konsidere ran sosyal li, ras li, pou nou rive viv tout
bon vre jan Bondye mande.
Jezi
di tout moun ki pa kont li se pou li l’ ye, sa vle di, moun ki t’ap chase demon
an pa t’ kont Jezi paske l’ t’ap kouri dèyè yon lespri pa pwòp e se sa Jezi vle
Li menm. Li kontinye pou l’ di nou si yon moun ba nou yon vè dlo nan non l’,
moun nan ap jwenn rekonpans li nan men l’. Yon vè dlo se yon bagay ki pi senp
ou te ka bay yon moun, kòm pitit fi ak pitit gason Bondye. Jezi
di nou tou chak fwa nou te fè byen pou youn nan nan frè nou yo, se pou li nou
te fè l’.
Aprè
bèl konsèy moral sa yo Jezi sot ban nou an, li ba nou yon mizangad tou, li di
nou piga nou lakòz frè ak sè nou yon tonbe nan pyèj. Fòk prete lòt yo atansyon,
fòk nou pwoteje yo, ede yo sitou si yo nan difikilte. Jezi preche nou yon
tolerans k’ap fè nou pran konsyans de jan nou kapab travay chak jou pou fòs mal
kapab disparèt.
Se
pou Bondye aprann nou toujou rete atache ak Li epi travay nan fè ak ankouraje
sa ki bon tout kote nou pase.
LAPRIYÈ: Jezi,
tanpri, ede m’ reziste ak tout obstak ki anpeche m’ avanse nan konstwiksyon
wayòm ou an, antan n’ap travay nan koud a koud, nan respè, nan tolerans.
PWOPOZISYON: Chache
Jezi: se nan li nou ka jwenn kèk kontan ak lapè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario