TERÈZ DE LANFAN JEZI KI SEN, Vyèj e
savan sakre Legliz la.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Granmèt la bay, Granmèt la pran, se pou non Granmèt la
beni!”
NAN LIV JÒB 1,6-22
Yon jou, lè
pitit Bondye yo te rive pou yo kanpe devan Granmèt la, Satan glise kò 1’ nan
pami yo tou. Granmèt la di 1’: “Kote w’ soti?”
Li reponn, li di: “Mwen sot fè tout tou tè a, mwen sot mache sou li”.
Granmèt la di 1’: “Èske ou konsidere sèvitè m’ Jòb, pa gen parèy li sou
tè a, yon moun ki senp, ki dwat, ki respekte Bondye, li ret lwen sa k’ mal?”
Satan reponn
li, li di: “Èske se pou granmesi Jòb respekte Bondye a? Èske se pa
ou menm ki antoure 1’ ansanm ak kay li ak tout richès li toutalantou: ou beni
travay men 1’, byen 1’ yo devlope sou tè a? Sèlman lonje men ou yon ti kras,
touche tou sa 1’ genyen, pou w’ wè si 1’ p’ap nye ou an fas”.
Granmèt la di Satan: “Men tou sa 1’ genyen, yo nan men w’; sèlman pa
lonje men w’ sou li”. Satan soti devan fas Granmèt la.
Yon jou, kòm pitit gason ak pitit fi Jòb yo t’ap manje, t’ap bwè diven
nan lakay frè yoa ki pi gran an, yo vin
pote nouvèl bay Jòb, yo di: “Bèf yo t’ap vire tè a, bourik yo t’ap manje zèb bò
kote yo, moun Saba yo fonse, yo pran tout bagay, yo touye sèvitè yo ak epe, se
mwen sèl ki chape pou m’ pot nouvèl ba ou”.
Pandan li t’ap pale toujou, yon lòt vin rive, li di: “Dife Bondye tonbe
sot nan syèl la, li frape mouton yo, li devore yo ak sèvitè yo, se mwen menm
sèl ki chape pou m’ pote nouvèl ba ou”.
Pandan li t’ap pale toujou, men yon lòt antre, li di: “Pitit gason w’ yo
ak pitit fi w’ yo t’ap manje, t’ap bwè diven nan lakay frè yo ki pi gran an,
yon moman yon gro van fonse sot nan rejyon dezè a, li frape kat kwen kay la,
kay la tonbe, li kraze pitit ou yo, yo mouri, se mwen menm sèl ki chape pou m’
pot nouvèl ba ou”.
Lè sa a Jòb leve, li chire rad li, li koupe cheve nan tèt li, li lage kò
1’ atè, li adore, li di: “Se toutouni mwen te soti nan vant manman m’, se
toutouni m’ap tounen la. Granmèt la te bay, Granmèt la pran;
jan sa fè Granmèt la plezi, se konsa sa fèt: se pou non Granmèt la beni!” Nan tout
bagay sa yo Jòb pa fè peche ak bouch li. Li pa di anyen ki deplase kont Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
16, 1. 2-3. 6-7.
R/ Panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen yo.
Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou lapriyè m’.
Pare zòrèy ou nan lapriyè m’, se pa ak bouch manti m’ap fè 1’.R.
Se pou jijman
m’ nan soti nan fas ou; se pou je ou wè sa ki dwat yo.
Sonde kè m’,
vizite 1’ nan nuit;
Eseye m’ avèk dife, ou pap jwenn mechanste nan mwen.R.
Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou koute m’, Bondye;
panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen yo.
Fè mèvèy kè sansib ou yo parèt, ou menm ki sove moun ki espere nan ou yo
anba sa k’ap atake yo, nan men dwat ou.R.
LEVANJIL
“Sila a ki pi piti nan pami nou tout
la a, se li menm ki pi gran”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 9, 46-50
Lè sa a:
Patizan yo
t’ap fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran.
Jezi menm wè
kalkil kè yo, li pran yon ti moun, li fè 1’ kanpe bò kote 1’, li di yo: “Tout moun ki resevwa ti
pitit sa a o non m’, se mwen menm li resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, li
resevwa sila a ki voye m nan. Reyèlman
vre, sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran”.
Jan menm pran
lapawòl, li di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t’ap chase demon yo, o non ou, nou
te anpeche 1’, paske li pa t’ap swiv ou ansanm
avèk nou”.Jezu menm di 1’ : “Pa anpeche 1’; paske moun ki pa kont nou,
se pou nou li ye”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Jodi a
Legliz la ap sonje youn nan temwen fidèl li yo, ki gen anpil popilarite, Sen
Terèz de Lanfan Jezi ki Sen, vyèj e savan sakre Legliz la. Se te yon fanm ki
t’ap chèche viv nan kominyon total ak Bondye antan li te abandone li ak yon
total konfyans nan men Lasent Vyèj Mari. Kidonk li te kwè Manman Jezi te kapab
sèvi kòm kanal pou li te resevwa tout gras nan men Bondye. Terèz te kite renmen
Bondye a penetre li pou li te ka tounen yon siy vizib renmen sa nan Legliz la
ki nan pelerinaj sou tè a.
Se nan fason li te viv renmen sa
a an pwofondè ki fè Legliz la prezante li tankou yon modèl jounen jodi a. An
nou pran modèl sou Terèz, an nou chache imite li nan jan li te fè Bondye
konfyans, nan jan li te lapriyè ak nan jan li te devwe pou sèvi Bondye atravè
sila yo ki pi pòv.
Jodi a, pandan Jezi sou wout la ap monte Jerizalèm, «disip yo t’ap
fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran» (Lik 9,46). Chak jou, nan medya yo ak
nan konvèsasyon nou, gen anpil kòmantè sou enpòtans moun: kòmantè sou lòt yo,
kòmantè sou nou tou. Se yon lojik moun ki pwovoke yon dezi siksè, pou yo kapab
rekonèt nou, apresye nou, remèsye nou; men tou se yon lojik ki montre kijan nou
boulvèse pa anndan, kidonk nou pa gen lapè.
Repons Jezi bay refleksyon ak komantè disip yo, sa fè
nou sonje fason ansyen pwofèt yo te konn aji. Premyèman jès yo, answit pawòl
yo. Jezi «pran yon ti moun, li fè l’
kanpe bò kote l’» (Lik 9, 47). Epi li ba yo lansèyman «sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se
li menm ki pi gran» (Lik 9,48).
Nan tan n’ap viv la, gen anpil
konkirans pou pouvwa ak richès materyèl. Paske
nan lojik mond lan, yon moun ki gen anpil byen materyèl, anpil lajan, se yon
moun ki reyisi. Poutan se pa vre. Nou konnen pafwa gen anpil moun ki gen lajan,
oubyen ki okipe gwo pòs nan sosyete a, men yo kapab tonbe nan yon segond. Yo ka
tonbe nan koripsyon ki fè yo pèdi vale yo ak diyite yo, konsa tou yo ka tonbe
anba yon malady, tankou kansè. Epi kisa richès ak pouvwa sèvi aprè?
Frè ak sè m’ yo, an nou pran
ekzanp sou Jezi, li menm ki gran, li fè li piti pou li kapab sèvi.
An nou pa kite foli lajan ak
pouvwa fè nou you ap dechire lòt, okontrè an nou itilize sa Bondye mete a
dispozisyon nou pou nou kapab konstwi yon mond ki pi bèl, yon mond fratènèl,
yon mond kote solèy lanmou an kapab klere, pou tout moun ka viv ak kè kontan ak
kè poze.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou pa sispann diskite pou gwo
plas nan sosyete a, pafwa youn menm asasinen lòt, men sa pa ede nou fè plis
pwogrè. Tanpri, aprann nou fè nou tou piti, pou nou youn ka sèvi lòt, antan
n’ap pran ekzanp sou Jezi Gran Frè nou an. Amèn.
PWOPOZISYON:Si mwen okipe yon gwo pòs jodi a,se yon posiblite Bondye ban mwen pou mwen
kapab sèvi moun ki pi piti pase mwen. M’ap chanje fason
mwen gade lòt yo, m’ap trete yo pi byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario